Niño chupándose el dedo

whitephotoroma/iStock/Thinkstock

10 Konsèy pou Konbat Vye Konpòtman

Ou vle kanpe abitid ki pote enkyetid nan timoun ou tout bon? Teknik sa yo kapab ede rezoud pwoblèm yo pou jwenn solisyon.

1. Veye tout okazyon kote ou ka aprann yo. Chwazi yon lè kote tout bagay trankil epi ou pa nan mitan pwoblèm nan pou pale ak timoun ou sou abitid yo. Pa pale anpil, fè repwòch oswa fè plezantri pou fè konpòtman an vin pi mal.

2. Pale ak plis presizyon. Eksplike aklè ak yon fason pozitif ki konpòtman ke ou vle wè yo. Pase pou di "Pa bliye devwa ou yo ankò," di "Sonje fè devwa matematik ak syans ou yo aswè a." Lè ou wè bon konpòtman, fè konpliman. Sa ede yo konsantre pi byen pou yo amelyore tèt yo.

3. Rete konsistan. Pafwa paran yo kon lakòz move abitid dire pi lontan lè yo di yon bagay epi yo fè yon lòt bagay. Si, kòm egzanp, ou di timoun ou pa entewonp ou lè w'ap pale ak lòt moun, men ou kite yo fè yon ti pale tankou "Èske mwen ka ale nan…?" epi ou reponn tou, sa ankouraje move konpòtman yo. Pa bliye ke elimine move abitid pran tan, repetisyon ak sipò paran yo.

4. Itilize distraksyon. Egzanp, si timoun ou ap souse dwèt li paske li annwiye, ba li yon lòt bagay pou li fè ak men li, tankou fè desen oubyen jwe ak lakrè.

5. Kominike epi kolabore. Si timoun ou gen ase laj, mande li opinyon i pou nou ka jwenn yon solisyon ansanm. Oswa vini ak lòt estrateji ou menm epi mande li kiyès li vle eseye anvan. Sa ap fè li santi ke li gen kontwòl la.

6. Bay ankourajman. Rekonèt lè gen efò ki fèt san ke ou pa’t ofri okenn prim pou sa – tankou ale nan libreri pou pran yon videyo, envite yon zanmi vin dòmi lakay oubyen fè manje ansanm.

7. Chèche èd. Liv ak videyo ki konvenab ak laj timoun ou ka ede yo chanje move abitid san sa pa deranje yo. Itilize yo lè ou pa nan mitan sitiyasyon an.

8. Bay bon egzanp. Timoun toujou ap swiv paran yo. Ou dwe bay bon egzanp epi montre yo bon abitid k’ap bon pou yo pou lavi yo.

9. Pasyans. Paran ka bezwen tann jiskaske timoun nan li menm vle chanje abitid li anvan ou kòmanse ede li. Pafwa timoun nan dwe konnen konsekans aksyon li yo pou li ka konnen ke sa dwe chanje.

10. Jwenn danje yo. Si ou santi konpòtman an danjere pou timoun ou oswa pou zòt, ap afekte relasyon li oubyen pa bon pou sante li, pale sa avèk doktè li.