Ede Adolesan yo Jwenn Lisans, mete yo sou Chemen Endepandans

Ede Adolesan yo Jwenn Lisans, mete yo sou Chemen Endepandans

Lè gen mwens chofè adolesan sou wout, sa retade endepandans yo

Yon kantite adolesan k ap ogmante ap ranvwaye kesyon resevwa lisans chofè yo a 16, yo chwazi pran yon Uber oswa yon woulib nan men paran yo pito pandan y ap gade regle zafè yo nan telefòn entèlijan yo. Sòti pran lari a lari pa parèt ijan menm jan ak koneksyon vityèl yo genyen nan de plat men yo, sitou ak zafè raj wout tout moun konnen ki gen nan Miami an, sa pa vrèman bay sila ki enkyè yo ankourajman.

Men, kondwi se yon vrè konpetans pou lavi, yon kle pou sekirite, endepandans ak siksè pèsonèl. Epi tou, ane adolesans yo se yon moman ideyal pou aprann pandan ou anba sipèvizyon fanmi an. Alòs, nou ankouraje jèn ki gen lespri ajil pou yo franchi pwochen etap sa a epi pou yo resevwa yon pèmi pou aprann. Lè sa a, yo kapab kòmanse demare motè yo lè wout la ouvri devan yo ak kè kontan.

Gade sa ki lakoz retisans sa a:
Kantite adolesan chofè yo ap kontinye diminye epi gen plis ankò ki ezite sòti nan mond kontwole yo ye a pou yo vin yon chofè. Atik Washington Post "Poukisa adolesan yo pa kondui ankò? " a rapòte ke 60 pousan nan Ameriken ki gen 18 an te gen yon lisans an 2021, kantite a desann, li te 80 pousan nan ane 1983, daprè done ki soti nan Federal Highway Administration. Nan menm peryòd la kantite moun ki gen 16 an ki gen lisans desann soti nan 46 pou ale nan 25 pousan.

Rezon yo soti nan kriz sante mantal adolesan ak kondwi agresif k ap monte, pase pran klas ak asirans machin ki chè, pou rive nan enpak anviwònmantal, ak pè pou yo pa mete yo sou kote. Gras ak tetelefòn entelijan, li vin senpleman pa twò ijan pou rankontre zanmi an pèsòn. Medium.com rapòte yon lòt rezon evidan ke sèlman 15% nan elèv yo pran edikasyon chofè nan lekòl la soti nan 95% nan ane 1970 yo.  

Konseye mantal klinik ki gen lisans Joanna Von Staden konseye paran yo nan atik Post la pou yo ale dousman, defye timoun ki ka an kachèt pa vle kondwi akòz enkyetid olye ke yo jis di "oh bon." Sa se jis nouri epi ranfòse laperèz sa a. Ou pa bezwen achte yon machin oswa kondwi tout tan. Men, sa a se yon konpetans pou lavi, epi nou gen kapasite pou fè bagay ki difisil. Nou gen kapasite pou fè bagay ki fè pè."

Libète pou chwazi :
Nan parents.com , Elise Aronov, MSW, ankouraje timoun yo fè sa yo santi yo konfòtab lè y ap fè. Men, li konseye paran yo pou yo raple yo ke yo ka jwenn lisans yo epi yo pa itilize li touswit. Deirdre Narcisse, Psy.D., di pou mete aksan sou fason kondwi ka bay adolesan plis opsyon. "Gen yon lisans chofè vle di ke ou kapab yon chofè deziyen nan yon ijans oswa si yon zanmi pa kapab kondwi lakay ou yon jou. Nan ka ta gen yon pi move senaryo lè yon paran vin enkapab paske yo te vin malad, gen yon chofè adolesan ki pare pou pran volan an ap gen anpil valè," daprè Narcisse. Epi pou chofè ki ta gen tèt chaje yo, " jis rekonèt santiman yo, epi pa jije yo. Men pito, mande yo sa ki ta fè kondwi yon machin vin yon eksperyans ki bay mwens estrès," li ajoute.

Konsantre sou sekirite, responsablite :
parents.com mete aksan sou sa, li di paran yo ka prepare timoun yo pou yo navige sou wout yo pi an sekirite kounye a oswa pita. Aksede resous sou entènèt ak leson patikilye tankou "Helpful DIY" sou YouTube. Oswa achte yon pake leson kondwi pou pitit ou. Wehavekids.com fè remake gen kèk jèn ki gendwa ka pa vle pou se paran yo ki twò di ak yo ki anseye yo. "Pitit ou a pral aprann plis nan men yon etranje paske pa gen okenn bagaj emosyonèl."

Nanette Hartley nan atik Post la di ki jan li menm ak mari l te kreye yon règ pou ti pitit gason yo monte nan machin nan san aparèy nan ane a anvan li te gen laj ase pou jwenn lisans elèv li. 'Li te dwe prete atansyon pandan n ap kondwi,' li te di. Pitit gason Hartley fèk pase egzamen wout li a, men li poko kòmanse anpil pratik kondwi e paran li pa pouse l.
"Yon lòt paran Michelle McNalley dekri ki jan piti 17 an li an te pran yon ane pou aprann men aprèsa, li te vin gen "yon nouvo sans responsablite ki devlope."