Biro Pwòp, Mantalite Klè

Biro Pwòp, Mantalite Klè

Timoun akonpli plis lè chanm yo òganize

Pa Priscilla Greear 
Èske tiwa biwo pitit ou a se yon labim plen ak souvni jaden danfan rive nan lekòl segondè? Èske lè w rale sòti bwat atizay ki nan amwa a, eske vin gen yon lavalas kaye kap tonbe? Li lè pou timoun netwaye biwo yo, òganize l epi aprann met lòd ak netwyaj pandan dewoulman ane a. Fè yo kòmanse ak chanm yo. Epi, kite yo fè pwòp travay yo pou vin gen fyète espas yo òganize a, devlope prensip travay epi byen konsantre sou plan akademik yo.

Pare pou Aprann: Rechèch dakò ak patisipasyon lajenès nan netwayaj kay. Yon sondaj Clorox sou 1,000 paran konsènan pitit yo jwenn ke 83% ladan yo pi pwodiktif, 77% pi kreyatif ak 77% gen mwens estrès lè yap travay nan yon biwo oswa espas ki pwòp. Sak nan yon chanm sal gen tandans sispann nan mitan aktivite. 

Nan PsychCentral, Anjali Gowda Ferguson, yon sikològ medikal lisansye, di ke pwòpte ak pwosesis netwayaj asosye ak anpil rezilta sante pozitif. Ferguson di "Rechèch montre netwayaj ak yon espas pwòp ka amelyore atitid, bay yon sans kontwòl epi redwi estrès ak enkyetid. Netwayaj bay timoun yon sans responsablite tou. Lè ou fè yo responsab, travay netwayaj ap ede ankouraje adaptasyon ladrès lavi e ranfòse konfyans yo”. Li site tou yon etid 2020 kote nivo dezòganizasyon nan fanmi bay move rezilta nan konpòtman, kominikasyon ak rezonman.

Pran Responsabilite Chanm Nan: The Soccer Mom Blog site yon etid Harvard pandan 75 ane montre sa moun ki pèfòme byen gen an komen se ke yo te aprann fè netwayaj lè yo te timoun. Li di prensip travay se yon faktè kritik pou siksè nan lavni. Youn nan pi bon jan pou aprann timoun se patisipasyon yo nan responsablite kay la. Konseye lekòl Jessica Howard rekòmande kòmanse fè timoun ranje kabann ak netwaye chanm yo. Menm timoun piti ka mete jwèt yo nan yon panye. "Lè yo vin gen abitid òganizasyon, netwayaj chanm, yap òganizase salklas yo pi byen, yap gen sak lekòl pwòp, mwens devwa pèdi ou bliye, e pi bon nòt".

Netwayaj an Fanmi: Pou kòmanse dezankonbre, montre timoun yo pran desizyon sou jan pou pi byen sere, jete ou fè donasyon bagay. Netwayaj tiwa biwo ka fè w jwen Rubik's Race la oswa gid konjigezon Panyòl ki te sanble pèdi depi lontan. Si ou jis mande yo, “Ou ka sezi lè yo vle ede epi patisipe nan pran desizyon--. Menm si yo pa di w, lòd ak pwòpte ap rekonfòte anpil timoun. Li bon lè yo ka jwenn touswit jwèt ak liv yo pi renmen.”

Myhomeschoolhub.com rekòmande pou kreye yon "Tan Netwayaj" chak jou pou 10-15 minit. Eseye fè yon lis travay senp chak jou, oswa bay yo kòb pou anseye valè lajan ak travay.

Kool, Kalm ak Kapab: Sitwèb homeschool di lè timoun fè netwayaj sa fè yo pi apresye sa yo genyen, epi, yap gen yon espas kalm, trankil pou kontanple Inivès la. " Lè w antre lakay ou nan yon chanm pwòp nan fen yon jounen ou santi w tèlman byen. Lè w konnen tout bagay an lòd sa rann ou kalm. Lè gen lòd gen plis lapè nan kay ou, li ede timoun ou gen siksè nan lavni."