Antre nan Lespri Fèt la… An Sekirite
Vacanylizm/stock.adobe.com

Antre nan Lespri Fèt la… An Sekirite

Sezon an pote danje pou timoun nou yo
Erin Albertini, Kandida MD/MPH Ak Julie Belkowitz, MD, MPH, Lyse Deus, ak Oneith Cadiz, MD, www.injuryfreemiami.org
Pandan ke jou fèt yo sand out pote lajwa, dekorasyon ak kado ka potansyèlman lakòz blesi kay timoun yo si yo pa tcheke pou sekirite epi enstale kòrèkteman. Pandan w’ap dekore sal yo, vlope kado, ak prepare pou sezon fèt sa a, men kèk konsèy pou kenbe fanmi ou an sekirite.
 
Ab de Nwèl ak dekorasyon 
Lè w’ap aranje ab de Nwèl ou ane sa a, asire ou ke w’ kenbe l’ lwen sous chalè tankou chemine, fou, recho ak aparèy chofaj pou anpeche li pran dife. Li enpòtan tou pou mete pye bwa ou a lwen pòt ak pasaj pyeton pou pa gen moun ki twonpe epi ab de nwèl la pa kraze.
 
Si w’ap achte yon pye bwa vivan, asire w’ ke li fre sinon li ka vin yon risk dife. Ou ka konnen si pye bwa ou fre si zegwi yo vèt (pa sèch), li difisil pou rale, epi yo pa kase an mwatye fasil; epi anba pye bwa a sanble l’ ka kole. 
 
Si w’ap chwazi yon pye bwa atifisyèl, asire w’ ke li make kòm rezistan a dife.
 
Pou dekorasyon:
  • Asire w’ ke yo make kòm rezistan a dife.
  • Evite dekorasyon ki pwenti oswa ki ka kase.
  • Evite dekorasyon ak ti moso.
  • Evite dekorasyon ki sanble ak manje timoun yo ka mete nan bouch yo.

Limyè & Bouji
Limyè Nwèl yo kapab yon gwo sous ensandi si yo pa verifye yo pou sekirite. Anvan ou mete nenpòt fil limyè ane sa a, asire w’ ke tout anpoul yo ap fonkyone, pa gen okenn nan fil yo ki kase oswa ekspoze epi sipò yo pa kase. Epi pa konekte plis pase 3 fil limyè nan yon sèl priz oswa alonj. Fèmen oswa debranche tout limyè ou lè w’ap kite kay la.

Dapre Administrasyon Ponpye Ameriken an, chak desanm, mwatye nan dife ki gen rapò ak dekorasyon yo kòmanse pa bouji. Bouji elektrik oswa lòt bouji atifisyèl yo pi an sekirite. Pou bouji reyèl, fè sa ki annapre yo:

  • Li etikèt ki sou jwèt yo pou konnen laj ki rekòmande a, si jwèt la apwouve pou sekirite epi si li pa toksik.
  • Pou timoun piti, privileje pi gwo jwèt san ti pati pou anpeche etoufman. Evite jwèt ki gen moso ki ka detache ki ka vale.
  • Evite jwèt ki tire objè ki ka lakòz blesi nan je.
  • Si yon jwèt boure, tcheke kwen yo, kouti, ak nenpòt moso ki koud (tankou je) pou asire w’ ke yo an sekirite.
  • Eseye evite jwèt ki gen leman oswa ti pil, tankou pil bouton, paske yo souvan vale yo oswa yo kole nan zòrèy oswa nen timoun yo epi yo ka lakòz blesi grav.
  • Si jwèt yo gen fil oswa riban, retire yo pou anpeche trangle.
  • Ou pa ta dwe mete jwèt nan bèso ak tibebe. Si w’ pandye jwèt, tankou mobil, anlè yon bèso, asire w’ ke tibebe a pa ka rive jwenn li.

Kado
Asire w’ ke kado yo apwopriye ak laj yo, san danje epi yo byen fèt pou evite lakòz blesi. Men kèk konsèy pou w’ chwazi kado pou timoun ou yo:

  • Li etikèt ki sou jwèt yo pou konnen laj ki rekòmande a, si jwèt la apwouve pou sekirite epi si li pa toksik.
  • Pou timoun piti, privileje pi gwo jwèt san ti pati pou anpeche etoufman. Evite jwèt ki gen moso ki ka detache ki ka vale.
  • Evite jwèt ki tire objè ki ka lakòz blesi nan je.
  • Si yon jwèt boure, tcheke kwen yo, kouti, ak nenpòt moso ki koud (tankou je) pou asire w’ ke yo an sekirite.
  • Eseye evite jwèt ki gen leman oswa ti pil, tankou pil bouton, paske yo souvan vale yo oswa yo kole nan zòrèy oswa nen timoun yo epi yo ka lakòz blesi grav.
  • Si jwèt yo gen fil oswa riban, retire yo pou anpeche trangle.
  • Ou pa ta dwe mete jwèt nan bèso ak tibebe. Si w’ pandye jwèt, tankou mobil, anlè yon bèso, asire w’ ke tibebe a pa ka rive jwenn li.

Lè fanmi w’ ap deplwaye kado, asire ou ke w’ jete tout papye anbalaj ak riban rapidman pou evite risk etoufman oswa dife.