Anseye Timoun yo Sou Sèks Depi yo Piti
NDABCreativity/stock.adobe.com

Anseye Timoun yo Sou Sèks Depi yo Piti

Kijan pou kontinye pale sou sa

Ak kouran politik kap chanje an menm tan ak edikasyon seksyèl, èske w vle konte sèlman sou sistèm lekòl la pou pitit ou aprann enfòmasyon enpòtan konsa? Ou kwè pawòl kondisip li pandan yon pwomnad nan Everglades? Pou w pataje valè w sou sijè kontrasepsyon ak abstinans, fo w pale sou sa.  

Ekspè konseye paran pale onètman ak pitit yo sou seksyalite moun depi nan lekòl matènèl pou yo ka toujou yon sous enfòmasyon, ki pral fasilite pita dyalòg ki pi difisil epi ede adolesan yo pran bon desizyon pou byennèt ak sekirite yo. Swivan yon liv Ameriken Girl sou adolesans ki di jan pou reponn kote tibebe soti, men konsèy pou w abòde sijè sansib. Men, si w regrèt ou pat pale sou sijè delika sa yo pi bonè, li pa janm twò ta e li ka pozitif si w fè sa!

Manman, Kote Ti Bebe Soti? LevasyonTimoun.net.au konseye paran ankouraje konvèsasyon klè nan chak etap anfans lan ki apwopriye pou laj yo. “Konvèsasyon bonè sa yo tabli yon baz pou timoun yo fè pi bon chwa lè yo pi gran konsènan sèks... Mesaj kle a se ke pitit ou ka vin vin pale avè w pou jwenn enfòmasyon onèt ak fyab, epi li pa dwe pè oswa wont poze w kesyon sou sèks ak seksyalite.”

Li dekri 3 etap: dabò chèche konnen sa pitit ou deja konnen epi kòmanse la. Pa egzanp, mande l ki kote li panse tibebe soti? Dezyèmman, korije nenpòt move enfòmasyon. Twazyèman: sèvi ak konvèsasyon an pou l konn valè w ak pèspektiv ou. 

Fò w presi: Pale sou men nivo ak yo. Yon timoun 6 zan pa bezwen konnen  enfòmasyon sou relasyon ant ovè ak espèm, paske li ka panse li jenyal ti ze ka fè yon ti bebe. " Si w kapab kenbe eksplikasyon an kout, reyèl ak pozitif. Pitit ou ka vin jwenn ou si li vle plis enfòmasyon.”

Prepare Pwen Konvèsasyon W: Konsidere davans kijan pou w abòde sijè a, tankou mande yon timoun kisa li konnen sou gwosès lè sa parèt sou televizyon. LevasyonTimoun.net.au konseye: "Se yon bon lide pou panse ak sak alèz pou ou epi kòmanse la. 

Li yon bon liv ansanm ka gide diskisyon an. Choosingtherapy.com sijere bay timoun yo resous tankou bwochi ak liv epi ankouraje yo poze w kesyon. E byenke li nòmal pou konvèsasyon sa yo pwovoke enkyetid ak laperèz pou paran ak timoun, li "pa ta dwe anpeche yon konvèsasyon pozitif."

Konsantre Sou Sekirite: Nan yon atik Lindsay Kneteman, Paran Kounye an , edikatè Nadine Thornhill di ke "gen plis risk lè w pa di ase pase di twòp." Thornhill rekòmande pou anseye non aktyèl pati kò yo pou timoun yo ka eksplike klèman nenpòt pwoblèm sante, blesi oswa abi. Timoun ki gen laj 2-5 lane ta dwe aprann limit kò yo, kijan pou yo di "Non!" ak ki pati moun pa gen dwa manyen. "Thornhill di li enpòtan pou timoun yo konnen yo ka di w nenpòt ki lè aksyon ki pat kòrèk, menm si yo te kenbe l kòm sekrè."

Atik Cory Silverberg, otè "What Makes a Baby," rekòmande pale sou kwasans pou w ka kòmanse diskite pwoblèm pi enpòtan. "Pandan ke detay peryòd kwasans ka limite a yon sèl konvèsasyon, enpak tranzisyon sa a ta dwe yon diskisyon kontinyèl."

Rive laj 9-12 zan diskite chwa seksyèl ak rapò seksyèl pwoteje—ki ka vle di abstinans nan fanmi w. Epi tcheke regilyèman règ sekirite entènèt ou te etabli, ak pwoblèm enpòtan tankou voye foto endesan ki ka ilegal.  Nouvèl anjeneral ka fasilite konvèsasyon an tou.

Li enpòtan tou pou pale sou sak bon relasyon. Lè w pale sou "zanmi lekòl" lap ka pi fasil pou timoun timid. Epitou abòde sijè konsantman kòm pwotèj pèsonèl kont presyon ak vyolans ki gen nan renmen. Objektif la se bay timoun nan pouvwa pou evalye risk ak pran bon desizyon. Silverberg di " yon gwo pati nan edikasyon sèksyèl se ede timoun yo aprann yo gen yon zantray, yon vwa anndan, yo ta dwe koute,". Epi lè w chwazi bon sijè pou pale lè laj la apwopriye, w ap pare pitit ou pou l pratike sa.”

Rete Pozitif: Kòm ankourajman, choosingtherapy.com rapòte ke etid montre "lè gen opòtunite pou pale sou seksyalite ap gen mwens chans angajman nan aktivite seksyèl... Sonje, li enpòtan pou fè pitit ou konn tèt li, mond ki antoure l, e sijè sèks la tou."