Ankouraje Talan Pitit ou

Ankouraje Talan Pitit ou

Chèche opòtinite epi ankouraje yo lè yo bezwen sipò

Lè nap panse de talan, lespri nou ka al dirèk sou kapasite natirèl. Li sèten gen kèk timoun ki pi atletik, atistik, mizikal oswa gen fasilite pou adapte yo vit ak yon konpetans konplèks tankou matematik oswa syans pase lòt timoun. Sepandan, pi souvan, devlope talan se yon konbinezon kapasite natirèl ak eksperyans atravè aprantisaj, e chak timoun gen pwòp sikonstans inik yo e tout kapab metrize pwòp ladrès ak enterè yo.

Kòm paran, nou ka pa kapab kontwole ki kapasite natirèl timoun nou genyen lè yo fèt, men nou ka sètènman ankouraje sa yo deja posede, epi ede yo rive nan nivo ki pako sa.  Pou fè sa fòk nou bay timoun yo opòtinite, ansanm ak etabli limit ak atant ki bay avantaj toutotou talan yo.

Pa bezwen yon fenomèn pou kòmanse byen bonè
Èske w remake timoun piti ou gen yon talan pou penti oswa pandan dezyèm ane lekòl primè yap defye konpetans ou nan matematik? Lè w wè siy potansyèl yo bonè, ou ka ede devlope talan yo depi yo tou piti lè ou ba yo plis tan ak opòtinite pou eksplwate kapasite yo. Pran tan pou gade yo lè yap jwe. Èske yap tape dwèt yo lò gen mizik, yap danse, yap desine ak kreyon koulè, yap voye oswa choute yon boul? Gade epi pran nòt.

Yon Etid revele 22 nan 24 pèfòmè ki gen talan soti nan jwèt echèk rive nan patinaj atistik se paran ki entwodui yo a talan respektif yo, anjeneral ant laj 2 a 5 an. Li bon pou yo kòmanse bonè, men fò w met presyon pandan premye etap yo. Presyon ka gen yon enpak negatif sou devlopman emosyonèl epi domaje lyen paran-pitit si yo santi yo oblije fè yon aktivite. Fò w konn diferans ki genyen ant nouri kapasite yon timoun ak mete anpil presyon sou ti do yo.

Bay anpil opòtinite pou eksplore
Youn nan fason ou ka ede pitit ou dekouvri talan yo se ba yo anpil opòtinite pou eksplore diferan ladrès byen bonè pou konnen fòs ak potansyèl yo. Rantre nan yon ekip espò, pran kou atizay oswa mizik e menm rantre nan konpetisyon tankou Young Talent Big Dreams pral defye kapasite yo epi ogmante dezi yo pou amelyore.

Depi nan kòmansman, paran dwe bay ankourajman tout tan epi sonje fè l amizan. Ekspoze yo nan tout kalite aktivite atistik, mizik, espò ak lòt aktivite epi paran pa ta dwe limite pitit yo nan bagay yo renmen. Sonje mande sa yo panse ak sa yo santi konsènan nouvo eksperyans yo. Sa pral ede w eksplore ak dekouvri talan pitit ou plis.

Pa kite yo abandone lè bagay yo vin difisil
Pifò nan nou konnen travay di, detèminasyon ak pèseverans pral devlope yon talan - li pa etonan kèk etid  montre detèminasyon kòm youn nan pi gwo faktè ki detèmine siksè pandan tout lavi. Kidonk, pa kite yo pran wout pi fasil la lè bagay yo vin difisil, oswa yo santi yo pa bon ase oswa pap amelyore.

Li saj pou anseye pitit ou ke yo beswen pefèksyone ak ranfòse talan yo ak pratik e pèseverans. Toujou, asire w ke atant ou reyalis lè w sonje ke pitit ou ap travay anvè direksyon yon objektif alontèm, epi toujou valorize pwogrè plis pase pèfeksyon.

Eske ou anvi kèk enspirasyon, gade de jèn ki te kòmanse devlope talan yo byen bonè epi ki deja reyalize bagay remakab, laplipa, gras a pwogram The Children's Trust finanse. Li plis sou mizisyen Silvio Plata ak Destiny Delancy nan TheChildrensTrust.org/20thAnniversary.