Angaje, Ankouraje ak Konplimante

Angaje, Ankouraje ak Konplimante

Pase Tan ak Chak Timoun

Al ansanm nan yon makèt panyòl epi kite pitit ou ogmante vokabilè kulinè li. Monte bisiklèt nan pak la epi idantifye flè twopikal sou wout la. Prepare yon konbinezon siwo myèl, avwan ak manba kòm ti goute. 

Ak lavi modèn agasan sa a, anpil paran ap lite pou balanse travay ak lavi an fanmi epi yo santi yo koupab paske tan anfans presye pitit la a ap avanse. Men, si w ap travay aplentan oswa si w rete lakay ou ak timoun yo, pase yon tan ki gen valè ak chak timoun pou ranfòse konfyans ak devlopman yo epi ankouraje endepandans yo. Eseye entegre bon jan kalite tan nan woutin chak jou epitou planifye kèk pwomnad chak mwa (oswa chak trimès), dapre, bidjè, enterè ak sa fanmi an panse fè.

Yon Monn Tou Nouvo: Vwayaje asanm atravè lekti--epi prepare pitit ou pou siksè akademik. Scholastic konseye pou chèche lè ki pi bon, swa bonè ou pita epi mete yon liv nan machin nan oswa nan yon valiz pandan w ap tann randevou doktè a. Ak timoun ki pi gran li sijere pou diskite sou yon atik nouvèl pandan dine epi kite yo bay opinyon yo. Li di “Li enpòtan pase yon tan tèt a tèt ak pitit ou pou konekte ak devlope yon relasyon pi pwofon. Lekti ansanm pral pwovoke nouvo konvèsasyon sou yon varyete sijè.”

Jwe chak jou: Asosyasyon nasyonal pou edikasyon jèn timoun rekòmande pou w jwenn tan kreyatif pou w jwe chak jou ak timoun piti w la. Epi kite yo chwazi yon aktivite. Sonje byen, sa pa vle di pase yon pakèt èdtan ansanm men " jan ou chwazi pase tan sa a se sa ki vreman enpòtan." “Konekte ak pitit ou nan jan ki fè sans pou estil vi w ak relasyon ou. Chak relasyon gen efè pèmanan ki bay sipò ak rasirans pitit ou bezwen.”

Lemonlimeadventures.com ofri 20 opsyon tan kalite tankou al nan yon pèfòmans teyat en dirèk, yon sware sinema an fanmi timoun yo planifye. Aktyèlman jwe ak pitit ou nan yon pak epi "se li ki pou òganize jwèt lago kache a." Mande yo sa k te bon ou mal nan jounen yo. Raisingchildren.net.au sijere anime tach chak jou tankou chak semèn menmen yon timoun ansanm avè w pou fè makèt epi kite l pran desizyon. Oswa ede pitit ou prepare yon manje pou li vin gen yon ladrès pou lavi. Epitou konsidere soti nan travay bonè pou fè yon flann espontane pou gen yon ti poze memorab nan woutin lan.

Prezans ou Se Yon Kado: Pou woutin chak jou, verywellfamily.com konseye pou mete apa 10-15 minit pou chak timoun nan yon lè etabli nan orè chak jou yo (oswa de fwa pa semèn!). Tan ak timoun ki pi gran ka sèlman vle di pale sou sa ki konsène zanmi yo. Pou timoun ki pi piti konstwi blòk an jwèt ansanm, oswa mande yo montre w super pouvwa yo pou ede w pwòpte. Men, toujou di bagay pozitif ki ankourajan tankou “Ou gen yon bèl imajinasyon.”

Li di " Kle pou ede w devlope yon bon relasyon se bay yo atansyon endividyèl. Sa ka ede timoun yo santi lanmou pou yo epi li ka ede yo vin gen konfyans nan tèt yo. Asire w ke w prezan mantalman lè w ak pitit ou. Mete telefòn ou akote epi bay pitit ou tout atansyon w".

Raisingchildren.net.au fè remake pase tan ansanm pèmèt ou pi byen konprann degou, enkyetid ak fristrasyon pitit ou epi koute ak bay konsèy. "Lè ou menm ak pitit ou pase yon tan agreyab ansanm, sa ka ede pitit ou santi yo pi kontan ak pi rilaks. Sa ka ede pitit ou devlope rezistans pandan adolesans yo. Se poutèt sa li enpòtan anpil pou etabli yon fondasyon byen bonè epi tan espesyal regilye avè w ka ede pitit ou jere moman lè yo pa gen tout atansyon w oswa lè w pa ansanm."