Tan Refleksyon Paran—Gid Pou Disipline, Pa Denigre Timoun

Tan Refleksyon Paran—Gid Pou Disipline, Pa Denigre Timoun

Asire w ke yon men fèm pa tounen yon abizif

Èske w janm santi w koupab paske w te rele sou pitit ou e sa pa t ede? Fòw panse sou disiplin pou aplike pou timoun yo konprann konsekans lan, men dwe gen limit. Menm paran ki vreman afektye bezwen evalyasyon aksyon yo pou asire disiplin nan ap aprann timoun yo e pap janm fè yo mal fizikman oswa emosyonèlman menm si se pa espre. Pou onore Mwa Nasyonal Prevansyon Abi sou Timoun, swiw konsèy sa yo pou pwoteje byennèt yo ak evite aksyon abizif.

Poze, Kalme w ak Pran San w
Dakò, ou fache paske ti zanj ou telechaje an kachèt yon jwèt videyo vyolan ou lap fè kòlè. Ret poze lè wap korije konpòtman an, pa fè kòlè tou. Nan verywellfamily.com, Jaclyn Halpern, Psy.D., di disiplin fèt pou anseye men pa pou pini. Pa egzanp, pou kontwole konpòtman yon minit izolman baze sou chak laj ka yon zouti efikas men izolman pwolonje danjere. Li di “Pinisyon ka yon abi lè yon moun kap bay swen pa kontwole tèt li. Kite yon timoun poukont li kèk minit pandan moun k ap bay swen an kalm, li tou pre ak disponib pou adrese bezwen timoun nan tankou al nan twalèt, ki pa menm ak refize l aksè a twalèt la, pa kite l manje, bwè, dòmi, met sèten rad oswa rete an sekirite."

Kenbe kontwòl emosyonèl esansyèl. "Yon moun k ap bay swen ka reprimande, answit rele, answit menase e depi l pèdi kontwòl  li ka souke oswa frape pitit la. "

Nan “What is the Difference Between  Discipline and Abuse?” Patrick Coleman remake "korije yon timoun ak rapidite ka domaje li" lè wap disipline l an kòlè. Abi sou timoun se nenpòt bagay ki ka domaje li oswa ki ka fè timoun ki poko gen 18 an mal. Nan atik la, Doktè Michele Borba eksplike ke "ou ka aprann disiplin, li kalm, li gen diyite. Abi se lanvè ."

Pran San w
Pa disipline lè w fache. Borba di "Fò w fè anpil efò pou pran souf ou. Se vreman yon pòz pou paran yo". "Rete kalm, lèkonsa pitit ou pral reyaksyone yon jan ki pi bon." Washington State Department of Children, Youth & Families di “fò w yon paran ki bay ankourajman” montre ke konfli ka rezoud pasifikman san rèl. "itilize privilèj kòm zouti pou ankouraje bon konpòtman."

Lanmou Olye Laperèz
Hamilton County Job & Family Services sijere kesyon sa yo: Èske gen respè youn pou lòt oswa laperèz? Eske w santi w byen ak sak rive a? Pa janm eseye fè yon timoun pè pou l obeyi. Abi emosyonèl se mo oswa aksyon ki blese valè pèsonèl li oswa byennèt emosyonèl li tankou jouman, fèl wont, refize ba l lanmou, menase l, oswa kritike pou blese l. Borba di "Kòlè ak laperèz se baz abi, li pa beswen twò ekstrèm tankou bay li yon non oswa souflete l. "Abi ka trè endirèk, men li toujou fèt ak yon entansyon negatif ekstraòdinè ki diminye diyite yon timoun."

Jije Konpòtman, Pa Karaktè
Reziste atake karaktè. Halpern di anplis,"Lè yon paran chanje konsantrasyon l sou 'poukisa' konpòtman an konsa ou sou konpòtman an menm, epi li al atake karaktè timoun nan, lap fè abi emosyonèl," menm jan lè li manipile l ak "tretman an silans" san montre afeksyon.

Tape oswa Pa Tape
La Florid pèmèt pinisyon kòporèl lè li pa gen entansyon fè timoun nan mal. Elise Howard nan Psychology Today di " men si rezilta a fè timoun nan gen yon blesi enpòtan tankou konkonm, koupu, oswa yon enkapasite pou chita, lalwa konsidere sa kòm abi sou timoun."

Paran Pwoaktif
Gen divès apwòch afimatif pou disipline. Sikològ timoun Dr Ross Greene, Ph.D. rekòmande nan  verywellfamily.com: mande timoun nan sa ki difisil la; mande tèt ou poukisa li enpòtan pou konpòte jan yo mande; epi devlope ansanm yon solisyon. Li "rezoud pwoblèm nan, amelyore konpòtman ki lakòz li, epi amelyore kominikasyon ak relasyon w."

Aprann konpetans levasyon timoun nan men ekspè epi pataje ak lòt paran nan atelye The Children’s Trust Parent Club la, ki fonsyone gratis nan tout konte a. Pou Jwenn yon atelye epi enskri, tcheke TheChildrensTrust.org/ParentClub.