Paran Aktif: Prekosyon ak Entènèt La ak Deyò a Pandan Lete Pou Timoun Yo
The Children's Trust

Paran Aktif: Prekosyon ak Entènèt La ak Deyò a Pandan Lete Pou Timoun Yo

Pwoteje timoun ou yo pandan ete plezi sou entènèt ak deyò

Sezon lete ap avanse, timoun ap pase anpil tan ap amize yo nan pisin, konstwi chato sab epi bwè limonad anba solèy. Pou detant yap jwe anpil sou entènèt soti nan Minecraft ale nan Snapchat. Kit pran yon klas kodaj vityèl oswa kolekte ti chwal lanmè nan Marjorie Stoneman Douglas Biscayne Nature Center, swiv konsèy anba la pou asire w pitit ou ap jwi lete an sekirite.

Aprann pitit ou byen
Timoun yo ka vizite vityèlman mize Flagler a oswa tcheke outschool.com pou jwi yon monn plen anrichisman pandan lete, men lap fasil tou pou yo antre nan zòn entènèt ki danjere. Kontwòle tan sou zòn dijital la e kontwole angajman yo—sonje kiyès ki peye pou tablèt la.

Depatman Jistis Etazini konseye paran " patisipe nan mond dijital pitit yo, konn aplikasyon yap itilize." Li rekòmande etabli direktiv klè, dyaloge ak anseye timoun ladrès sekirite sou entènet la tankou deteksyon senyal alèt epi mefye nenpòt rekòmandasyon ki parèt. Aprann yo evite kominikasyon ak moun etranje (menm si se timoun), sekirite ak limit kòporèl epi di non pou demann ki pa kòrèk tankou nan lavi reyèl. Ajiste paramèt vi prive epi sèvi ak kontwòl parantal.

Verywellfamily.com rekòmande "Pi bon aplikasyon kontwòl parantal" 2022 pou limite ak jere itilizasyon entènèt. "Pandan aplikasyon yo pa toujou bay 100 pousan garanti se yon zouti enpòtan kap ede paran aprann plis sou sa timoun ap fè sou entènèt la."

Atik CNN "Timoun anba laj 10 ap itilize Media Sosyal" rekòmande Common Sense Media pou paran jwenn zouti ak rechèch. Gen lyen nan atik la pou kontwòle Instagram, Tik Tok, YouTube ak Snapchat. Sarah Clark, yon syantis rechèch pedyatri di "Si paran yo pa ka pran yon wòl aktif nan itilizasyon medya sosyal pitit yo, pito yo fè pitit yo tann pou sèvi ak aplikasyon sa yo,"

Pran yon ons prevansyon
Lè timoun yo soti deyò, reyon soley iltravyolèt entoksikan ka boule yo. Sa ka ogmante risk pou timoun nan gen kansè po pita nan lavi. Akademi Ameriken pou Pedyatri rekòmande pou tibebe ki poko gen 6 mwa evite limyè dirèk solèy. Lè sa pa posib aplike omwen SPF 15 nan ti pati do l pou teste losyon antisolèy la pou reyaksyon alèjik. Miyò defans tout moun se kouvri ak minimize tan deyò ant 10 a.m.-4 p.m.

Dapre CNN "Tout sa w bezwen konnen pou konbat kout solèy, vyeyisman prematire ak kansè po” ekspè konseye krèm SPF 35, pwoteksyon kont reyon UVA ak UVB, tip laj. Itilize yon ons pou chak aplikasyon chak de zè d tan, epi sèvi ak linèt solèy 100% pwoteksyon UV. Pou po pi fonse losyon klè preferab. Gwoup Travay Anviwònman rekòmande krèm pwotèj mineral kont solèy ki gen zenk oswa diyoksid titann pou mwens iritasyon po ak domajman resif yo.

Sipèvize ti najè w yo
Nan Miami-Dade neye se pi gwo kòz lanmò timoun ki poko gen 5 an, donk anseye yo naje bonè. Lakwa Wouj Ameriken ofri leson ete abòdab nan Venetian Pool. Pwogram “Make a Splash” nan www.usaswimmingfoundation.org ka konekte fanmi yo ak leson pandan tout ane a. Seattle Children’s Summer Safety Tips avize pou toujou gen yon najè ak eksperyans pou sivye timoun yo nan oswa toupre dlo. Yo konseye w chwazi yon "siveyè timoun" nan evènman fanmi epi fè jèn yo mete vès sovtaj. Pou plis konsèy tcheke The Children's Trust Water Watchers oswa vizite miamidadedrowningpreventioncoalition.org.

Pran Prudans
Chak jou yo trete an mwayèn, plis pase 500 timoun nan sal dijans pou blesi bisiklèt. Moun ki mete kask gen mwens chans blese nan tèt/kou. The Washington Post di ale nan yon boutik bisiklèt pou jwenn kask bekàn, scooter, skateboard oswa rollerblades, Healthline.com deklare tranpolin dwe anoutre ak yon filè sekirite. Yo pa konseye l pou timoun mwens ke 6 an-epi timoun pa dwe janm baskile.

Tcheke chèz machin ti bebe w
Toujou mare timoun nan yon chèz oto byen ekipe, chèz boostè oswa senti sekirite. Vizite Injury Free Coalition for Kids of Miami nan Jackson Memorial Medical Center pou aprann  enstale chèz oto timoun. Pou randevou rele (305) 243-909.