Nouvo Gid Federal Pou Evite Disiplin Diskriminatwa Pou Elèv Andikape
ake/stock.adobe.com

Nouvo Gid Federal Pou Evite Disiplin Diskriminatwa Pou Elèv Andikape

Rekòmandasyon pou fòmasyon, revizyon ak entèvansyon

Ozetazini, anviwon 8 milyon timoun resevwa sèvis edikasyon espesyal, men dènyèman U.S. Depatman Edikasyon remake ke timoun andikape yo te sib pratik disiplinè san distenksyon ant sispansyon ak ekspulsyon ke li konsidere kòm alarman. 

Nan dat 19 jiyè, pou asire dwa Lwa Edikasyon Moun Andikape (IDEA anglè) byen aplike, Depatman Edikasyon Nasyonal ratifye prensip ki ta dwe gide distri lekòl yo lè y ap disipline elèv andikape.

Apre li pibliye gid pratik disiplinè federal la Valerie C. Williams, direktè Biwo Pwogram Edikasyon Espesyal (OSEP anglè) Depatman Edikasyon Nasyonal la, di: “Li lè pou elimine sik disiplin eksklizyon an”. "Nou mande lekòl ak distri yo pou redouble efò yo pou aplike IDEA lè yo analize pwòp done yo epi revize règleman ak pwosedi yo pou detèmine si yo kontribye nan pratik disiplinè san distenksyon."

Yon etid resan UCLA Center for Civil Rights Remedies montre ke pami elèv andikape nan lekòl primè ak segondè, 24% nan timoun Afriken-Ameriken te anba sispasyon omwen yon fwa, konpare ak 11% elèv blan. An 2017-2018, ane ki gen dènye done a, elèv andikape reprezante 13% elèv nan lekòl peyi a, e an menm tan 25% tout sispansyon.

Malgre ke gid la pa reekri lwa oswa règleman ki egziste deja, li bay lekòl ak distri yo yon mesaj solid pou yo chanje jan yo adrese konpòtman elèv andikape san vyolasyon dwa yo a yon edikasyon jis, gratis ak abòdab.

Men ki sa nouvo gid federal la ap mande distri ak lekòl yo fè pou sispann sik disiplin ki pa nesesè.

1. Yon revizyon sou pratik disiplinè yo ak koleksyon prèv
Depatman Edikasyon Nasyonal mande distri eskolè yo pou retrase pratik ak kolekte done pou konfime si aksyon yo pran kontribye nan kontinyasyon disiplin ki twòp e pa nesesè. Gid la endike prèv ki montre kouman sispansyon ak ekspulsyon yo kontribye nan ogmantasyon pousantaj elèv ki abandone lekòl pou pran chemen ki menen nan prizon.

2. Kreye anviwònman ki an sekirite ak aplikasyon pratik entèvansyon pozitif
Fonksyonè federal ensiste ke nan pifò ka yo, elèv ki pa resevwa sipò lalwa ki etabli, reyaji kòmsadwa epi resevwa punisyon enjis. Gid la ankouraje lekòl yo fè tout sa yo kapab pou prepare Plan Edikasyon Endividyèl (IEP anglè) ki vrèman reflete ak bay sipò chak elèv bezwen.

3. Fòmasyon pwofesè ak anplwaye administratif
Rechèch federal jwenn ke tout tan yap discipline elèv andikape pou ofans ki se yon manifestasyon andikap yo. Gid la mete aksan sou nesesite pou devlope estrateji pou edike pwofesè ak administratè pratik konpòtman pozitif.

4. Lwa a anile nesesite pou disipline elèv andikape yo
IDEA pa entèdi lekòl disipline elèv andikape oswa pran aksyon pou asire sekirite elèv la ak lòt moun. Sa gid la ap chèche se pou lekòl yo vin pi pwodiktif nan travay prevansyon epi kapab defye panse konvansyonèl lè yo oblije jere konpòtman difisil.

Malgre gid la pa modifye okenn règ etabli, otorite edikasyon federal yo glorifye l kòm deklarasyon pibliye ki pi konplè sou dwa sivil elèv andikape.

Pandan elèv atravè peyi a ap prepare pou tounen lekòl e distri lekòl yo ap kontinye goumen ak ravaj pandemi an, rekòmandasyon federal yo ap chèche anpeche pratik disiplin ki pa jis tankou twòp sispansyon ak ekspilsyon elèv andikape.