Jwenn tèt ou lè ou Jwenn Fanmi ou
Yasmin Snyder

Jwenn tèt ou lè ou Jwenn Fanmi ou

Yasmin Snyder antre nan sistèm swen adoptif la a laj 5 an lè yo te retire li nan kay li akòz abi fizik. Malgre li te reyini ankò ak vre manman l pou yon ti tan, yo te remete l nan swen adoptif la pou yon dezyèm fwa.  E, se konsa bagay yo kòmanse.

Yasmin te nan liy adopsyon twa fwa. Pou yon jèn timoun, sekans espwa ak dezespwa li te andire chak fwa yon adopsyon potansyèl te parèt, fè raple jan sistèm limite a fè soufri.

Li onèt lè l pale sou enpòtans santi lanmou ak sekirite pou valorize tèt ou. Li di "Lè gen yon adopsyon, gen yon aspè ki fè w santi yo vle w, e ou se yon moun ki merite lanmou,". "Mwen te gen posibilite twa adopsyon ki pat mache. Mwen te gen yon chans twa fwa pou m echwe epi abandone men mwen pa t fè sa paske mwen te deside ke mwen vle yon  bon fanmi pou tout tan.” Yasmin te ka kite desepsyon an afetkte l men li pat kite sa rive. 

Gras a Miami Heart Gallery, yon sit entènèt ki te fòme atravè yon patenarya ant The Children’s Trust ak Citrus Family Network (ajans dirijan pou swen adoptif ak adopsyon), istwa pèseverans ak espwa Yasmin te rive jwenn yon moun ki te viv sa tou. Michelle Snyder, lè li te timoun te santi l tou san yon kote li te ka rele lakay e li sonje santiman izolasyon ak ensètitid sa te kreye. “Lè m te jèn, yo te deplase m anpil. Mwen pa t ak fanmi byolojik mwen, e mwen te fè eksperyans anpil bagay difisil konsènan abandonman.”

Menm si li marye e gen twa timoun, toujou gen yon twou nan kè l. Se konsa, lè Michelle tande istwa Yasmin, li imedyatman santi yon koneksyon. "Mwen te konnen si m te ka soti nan sa, mwen tap vle ede lòt timoun ki nan menm sitiyasyon an."

Yasmin te santi koneksyon an tou, e menm si posiblite plis chagren enkyete l, li konnen sa li te vle. “Sa mwen te vle nan lavi a se te yon fanmi ki ki bay lanmou. E se sa, mwen vin genyen. Li di " Li te tonbe damou touswit ak Snyders yo, e yo te renmen l tou. Li di." Fanmi se yon bagay ki enpòtan pou mwen, se yo ki pral ede w nan lavi,". "Mwen ak frè ak sè m yo youn renmen lòt, pafwa twòp." Koneksyon ak Michelle fò menm jan.

“Lè m pale ak manman m, mwen santi m ka di l nenpòt kisa san l pa jije m. Mwen ka rakonte l istwa mwen. Apre sa, mwen konnen li pa pral pretann santiman l anvè sa paske li konprann sak te pase m."

Kòm manm fanmi Snyder a, Yasmin te ekselan nan lekòl segondè ak nan vi sosyal li. Li gen yon GPA 3.86 (mezi nòtsou 4 pwen), e li pran klas inivèsitè an menm tan. Li fè pati yon ekip majorèt renome ki te genyen chanpyona eta a e twazyèm nan nasyon an. Li fè nouvo zanmi, e li toujou jwenn tan pou l sèvi kòm volontè legliz. Se yon benediksyon sa Snyders yo bay Yasmin lè yo akeyi l nan fanmi yo. E sa li remèt emosyonèl tou. Michelle di "Nou tèlman rekonesan paske nou fè pati istwa li. Vreman, bagay ki pi etonan se transfòmasyon l depi lè nou te rankontre l pou premye fwa, ak konfyans li, estim pwòp tèt li, nòt lekòl li, ak lajwa viv li kounye an. ¡Se yon diferans ant lannwit ak lajounen!". "Yasmin vremen enspirant. Li anseye m anpil e li raple m pou m kontinye pouse pi devan epi pa janm rann mwen.”

“Mwen trè rekonesan vè The Children's Trust la ak tout moun ki te ede nou sou wout la pou rann sa posib. Nou gen monte desann nou tankou nenpòt fanmi, men passe lavi nou ansanm se yon plezi.”

Kanta pou Yasmin, li jwenn sa l'ap chache a. "Mwen absoliman rive nan destinasyon m nan. Mwen pa gen pou m kontinye chache. Pa gen okenn dout e pa gen okenn enkyetid sou kote mwen pral ye apre. Non, paske mwen gen fanmi ki banm lanmou, kap banm sipò e ki renmen m e mwen renmen yo tou.” 

Yasmin Snyder parèt nan kanpay Children's Trust 20 Years of Nurturing Greatness. Aprann plis sou li nan.