Ti fi ap jwe foutbòl.

Yan/stock.adobe.com

Timoun ak Atletik – Pran Prekosyon

Rekonèt yon blesi ki grav
Rekonèt yon blesi ki grav 

Timoun ki ap soufri akoz blesi yo pran nan aktivite espòtif – epi sila ki rive akoz de lòt aktivite konpetisyon fizik, tankou dans – yo rive pi souvan ke jan’w panse a. Safe Kids USA rapòte ke plis pase twa milyon timoun anba laj 14 zan pran tretman akoz de blesi nan aktivite espò, sak rive yo pi souvan se antòs nan pye, dechiri, zo kase ak maladi ki vini ak chalè. Epi sila k’ap vin pi gran yo – tankou ti gason ki nan laj 12-16 zan epi ti fi ki nan laj 10-14 zan – gen plis tandans pou yo ta blese. Alòs genyen enkyetid pou chòk nan tèt, yon sijè ki ap debat nan tout peyi a ant pwofesyonèl ak mond espòtif la.

Kwè Nan Ensten ou
Si yon timoun kenben yon manm nan kò li epi li paka bouje akoz doulè, ale wè yon doktè oswa ale nan sèvis ijans touswit. Dezoryantasyon, pèt memwa, kè plen, vomisman, ak pèt pawòl se lòt siyal serye ki mande atansyon medikal an ijans, si siy yo pa twò grav – tankou mak nwa ak mak ble sou zepòl oswa ti tètfèmal – ou ka swiv pou wè kisa k’ap rive nan 24-48 è yo.

Aksidan blesi ka rive de fason: mine – sa jis mande yon ti repo, on ti glas ak on ti konsolasyon – epi sevè, kote timoun lan soufri pèt konsyans; li gen yon manm ki defòme; epi li ap aji “dwòl.” Li pa fasil pou wè diferans lan menm kote a, ki se entwisyon paran sila ak bon jan obsèvasyon ke li dwe aplike. Alòs siveye byen reyaksyon pitit ou lè li blese. Egzanp, si y’ap kriye, plenyen plis ke dabitid lè yo konn gen ti grafonyen, ou ka petèt pote plis siveyans epi fè yon vizit kay doktè.

Byen Siveye Blesi nan Tèt
Si ou sispèk menpòt ti chòk nan tèt, mennen li kay yon doktè pwofesyonèl touswit.

Yon chòk nan tèt, blesi nan tèt ki rive pi souvan, li define kòm yon pètibasyon tanporè fonksyonman sèvo a. Li kapab rive akoz yon frap dirèk nan tèt la; tèt la souke ak vyolans. Menm si kas diminye risk yo, yo paka estope yo a 100 pousan.

Premye sentom chòk nan tèt yo se tètfèmal, tètvire, enkonsyans, kè plen ak vomisman. Ou ka wè sa yo kèk minit oswa kèk èdtan apre chòk la. Avèk oswa san sentom inisyal yo, yon timoun ka devlope twoub nan konpòtman, sansibilite pou limyè ak bri, ak twoub somèy.

Menm si sa sonnen efreyan, se pa chak frap, tonbe oswa kout balon bezbòl nan tèt. Souvan timoun yo konn frappe tèt yo, oswa yon bagay frappe yo san ankenn aksidan. Anjeneral, ou ka wè lè yon bagay pa nòmal. Epi si ou pa sèten? Ale kay doktè. Sa ki pi mal ki ka rive se ke ou pase anpil tan ap ekzamine pitit ou pou dekouvri ke li pa gen anyen.

Rete Vijilan
Yon antòs oswa yon mak sou po’w se yon lòt siy sikonstans tipik “gade epi wè” atlèt yo, ansanm ak dans ak trak, sauf si li grav toutbon. Ankò, pran nòt sou pitit ou: Èske yo gen lafyèv? Èske pati a anfle?ki reyaksyon yo? Si doulè a pa kalme apre kèk jou oswa yo paka sipòte pwa oubyen presyon sou pati ki blese a, ale fè yo tcheke li; yon ekzamen X-ray se sèl mwayen pou konnen ki pwoblèm ki genyen toutbon.

Ak yon ogmantasyon de kantite timoun k’ap patisipe nan aktivite konpetisyon fizik – epi nan laj pi jèn – blesi abityèl yo ap fèt pi souvan. Egzanp, nan bezbòl, aksidan rive pi souvan nan zepòl ak koud bra, pandan ke nan baskètbòl se pwoblèm jenou yo, an patikilye nan mwèl zo jenou yo ke yo rele an angle Anterior Cruciate Ligament (ACL).

Kòm prekosyon, fè timoun ou an fè egzèsis alavans ak egzèsis detire pou ka ranfòse kò a. Epi, nòmalman toujou rasire’w ke yo abiye ak rad espòtif.