Diferan jenerasyon yon fanmi ki kontan k’ap jwi yon repa.

jackfrog/stock.adobe.com

Se Mwa Reyinyon Nasyonal Fanmi!

Selebre zansèt ou
Selebre zansèt ou 

Sa tounen yon pastan pou anpil fanmi: rasanble fanmi pwòch ak lwen pou fè babekyou ak piknik, rekonekte youn ak lòt. Jenerasyon kontre youn ak lòt se pa sèlman pou rakonte istwa men aprann pitit ou valè koulè po'l.

"Lè ou se timoun, ou panse se ou ki pi enpòtan, ou se sèl moun ki ekziste epi mond lan depann sou ou menm," se sa A.J. Jacobs di, li se otè liv It’s All Relative: Adventures Up and Down the World’s Family Tree, oratè nan TED, epi kreyatè Global Family Reunion, yon pwojè istorik ke objektif li te pou montre tout espès imen an konekte. "[Yon reyinyon fanmi] se jis yon fason pou montre [timoun ke] non, ou fè pati gwo mond sa. Ou se yon mayon nan chèn la."

Rechèch montre ke timoun ki konnen anpil sou zansèt yo' vi pi estab epi pi ansekirite epi gen plis rezistans lè yo anfas ak difikilte. Dapre yon etid ki fèt nan Emory University, "plis ke timoun aprann sou istwa fanmi yo, se plis ke yo kwè nan tèt yo epi yo plis ka kontwole enkyetid yo."

Opòtinite pou ranfòse ak edike timoun sou rasin yo ak wòl fanmi yo – lontan ak kounye’a – jwe nan lavi yo pa gen pri.

Planifye Bonè
Kantite manm fanmi an ki pa pre ak distans yo ak ba'w yon lide kijan li enpòtan pou pare bonè pou rezève yon espas epi planifye vwayaj yo. Pwosesis po deside sou kibò – ka mande anpil efò, sa depann sou konbyen moun ki genyen. Depi tout moun (oswa prèske tout moun!) dakò, chwazi yon tèm ka ede'n mete estrikti nan reyinyon an, menm se yon babekyou nan lakou a, komemorasyon yon etap enpòtan, aktivite espòtif tradisyonèl oswa selebrasyon eritaj.

Pa Kite Twou Vid La
Fè koneksyon jwe yon gwo wòl nan yon reyinyon fanmi. Èske pi jèn yo ak pi gran yo konnen youn lòt? Melanje youn ak lòt pou tout moun ka ap pale ansanm pou rakonte istwa ak tradisyon sa se kle a. "Idantite nou kòm fanmi fonde sou istwa nou yo," se sa Jennifer Crichton di, li se otè liv Family Reunions: Everything You Need to Know to Plan Unforgettable Get-Togethers. “Kisa nou chwazi pou nou di tèt nou, kisa nou anbeli, kisa nou bliye? Istwa sa yo make distenksyon ki karakterize ke fanmi'w la diferan epi espesyal."

Fouye Pi Fon
Pandan kèk istwa kapab baze sou kwayans fanmi an, gen anpil enfòmasyon ke anpil manm nan fanmi an ki la kapab pa konnen. Èske tout moun konnen kòman zansèt te fè rive nan Amerika... kote non fanmi an sòti... ki mizè zansèt yo te andire? “Istwa sa yo pèsonalize eksperyans imigrasyon an nan fason ki fè'l vin [inik] pou fanmi ou," se sa Crichton ajoute. Epi yo bay ti jenerasyon piti a leson enpòtan pou lavi, tou.

Kreye Souvni
Fè aktivite ki ka aprann timoun yo tou. Yon jwèt tankou poze kestyon sou konesans-kilti sou istwa fanmi pa'w, sa kapab yon konpetisyon kote y'ap aprann anpil bagay. Fè tout moun kolabore pou reyalize yon tablo desen ki reprezante fanmi an pou yo ka poze kestyon epi jwenn repons, ansanm ak yon jwèt ki chita sou ti enfòmasyon sou rejis fanmi an. Oswa konsidere yon penti ki rasanble patisipasyon pi piti yo. "Timoun tout laj ka travay ansanm pou fè yon tablo ak plizyè mòso desen pou montre yon souvni fanmi an," se sa Barbara E. Brown sigjere, li se youn nan otè liv Family Reunion Handbook: A Complete Guide for Reunion Planners. "Aprann kenbe istwa fanmi vivan kapab enpòtan pou ede timoun yo konprann epi gen fyète nan akonplisman fanmi an." Lontan apre reyinyon an fini, se bon souvni yo ki pra'l kenbe nou ansanm.