Amanda Altman and Bradel Canfield

Champions for Children

Pwojè Kristi House fè a ki pote non “Project Gold”

Konsantre sou Founisè yo
Konsantre sou Founisè yo 

Ane pase vè lè kon sa, Sid Florid tap prepare pou final Chanpyona Foutbòl Ameriken an (Super Bowl) epi, malerezman, otorite zòn nan tap prepare tou pou ogmantasyon nan trafik postitisyon ki akonpaye gran evènman sa yo nan Miami.  Lè sa a te gen anpil efò ki tap fèt sou plan lokal epi sou plan nasyonal sou kesyon trafik postitisyon epi sou fason pou anpeche sa. Pou rès ane a menm ki sa nou fè konsènan poblèm sa a? Ki jan nou boule ak trafik moun nan kesyon postitisyon lè tout peyi a p ap pòte atansyon a nou?  

Vin gade Pwojè lò a (Project Gold) Kristi House?kreye a?.?? 

Depi 2007, Pwojè lò, Kristi House fè yo rele “Project Gold” la ki pote non angle “Girls Owning their Lives and Dreams” ki vle di (Jèn tifi k ap pran lavi yo ak rèv yo an men). Pwojè sa a mete ansanm moun ki defann lalwa ak moun k ap ede ti medam yo pou yo konbat trafik timoun nan afè sèks. Pogram nan jere yon sant kote yo kab lage timoun ki gen 12 a 18 an. Nan sant lan yo sèvi ak yon apwòch ki chita sou fòs timoun sa yo pou ba yo swen sante, mete yo an kontak ak sèvis sosyal ak sèvis legal, ba yo sipò sante mantal, epi ede yo al lekòl.? 
 

Men sa Bradel Canfield di, se li ki Manadjè sant lan: “Sant lan se yon kay menm nou sèvi pou l kab sanble yon kay tankou lakay ti medam yo. Nou sikile epi nou ranmase timoun sa yo nan Miami. Nou manje ansanm chak swa an fanmi kote nou chita atab epi nou pale ansanm epi sa a se yon aktivite ki enpòtan nan pogram nou an. Pou  yon timoun ki sibi gran chòk nan lavi li sa kab fè timoun nan santi li se yon moun apa sou latè a. Lè ou rankontre ak yon moun ki deja fè esperyans kon sa epi yo vin travay kòm konseye, ou santi se yon moun ki konprann sa k ap pase a. Timoun nan santi li kab konekte ak moun sa a, epi timoun nan kab santi se yon moun li kab fè konfyans.?» Pogram nan bay timoun yo yon konseye tou. 

Amanda Matthews-Pace se yon Terapet, li di Pwojè sa a ki rele? “Project Gold” la se yon pwojè ki bay timoun yo fòs epi ki ba yo yon kote ki an sekirite pou yo kab fè fas ak gwo chòk yo sibi yo. Men pawòl Amanda Matthews-Pace “Anpil ti medam yo pa menm reyalize se trafike y ap trafike yo oubyen se yon gwo chòk pou yo paske se yon bagay ki rive tout zanmi yo, sa parèt nòmal. Anpil fwa se nan mannigèt yo pran yo pou yo fè sa y ap fè yo a.”  

Direktè “Project Gold” la Marta Martinez?di: “Youn nan pi gwo bagay ki montre pwojè an reyisi se paske pogram nan mentni yon relasyon ak viktim yo. Ti medam yo kontinye retounen nan Sant lan kèlkeswa jan sa ye.” Malgre sa gen plis travay ki merite fèt toujou.? 

“Depi y ap trafike timoun, travay la pap janm sispann.”? 

Òganizasyon “The Children’s Trust” te onore Pwojè sa a ki pote non angle “Project Gold” nan Kristi House la kòm youn nan Pwogram ki defann kòz timoun (Champions for Children Program of the Year) pou ane sa a. Pou gade videyo yo te fè pou pogram sa a, al sou sit sa a:?www.TheChildrensTrust.org/Champions.??