Ti gason ki mete men li sou bouch li.

asierromero/stock.adobe.com

Pwoblèm Dantè

Dan kase, dan rache ak lòt aksidan nan dan
Dan kase, dan rache ak lòt aksidan nan dan 

Kenbe dan timoun yo ansante pa depann sèlman sou bwose dan yo 2 fwa nan yon jounen ak Mennen yo kay dantis (ki dwe kòmanse lè yo laj 18 mwa). Anplis ke y’ap pèdi dan, ak kari dantè, anpil timoun gen pou fè ekperyans ki gen rapò ak dan – tankou yon dan kase oswa youn ki vin gri sanzatann. Pandan ke pwoblèm dan sa yo se bagay nòmal, ekspè yo di ke nou pa dwe inyore yo, paske yo ka rete pou lavi nan devlopman dan yo.

Kisa Koulè Gri a Vle Di
Anpil paran sezi wè bèl dan blan ti bebe yo a pa blan ditou – li gri oswa mawon pal. Yon dan ki vin fonse se yon bagay ki rive souvan: Paske rasin dan ti bebe yo pa estab, dan yok a mouri ak nenpòt ti chòk, ki lakoz ke yo ka pèdi koulè blan. Danti toujou konseye “pou rete swiv” paske souvan se yon pwoblèm estetik; move dan sa yo kon refè, epi yon dan ti bebe ki pa bon kon pa poze ankenn lòt pwoblèm, se sa dantis pedyat Sabrina Magid Katz di.

Yon dan gri ti bebe ka vin enfekte, sepandan, ki konn lakoz jansiv la konn anfle anba dan; gen dantis ki konn retire yo epi trete enfeksyon an. Si dan dwe rache, kenbe kè – li p’ap deranje espas lòt dan yo, epi pitit ou a kapab se premye nan zanmi li yo ke “Tooth Fairy” vin vizite!

Tonbe Souvan Nan Kouri
Pandan lane klas elemantè yo, timoun toujou pèdi dan ti bebe yo epi aprann fè atansyon nouvo dan yo. Epi paske yon tèlman aktif nan epòk sa, se fasil pou yo tonbe epi rache yon dan.

Yon dan rache nan tonbe se yon vre ijans ki mande pou al wè yon dantis. Dantis pwofesyonèl yo mande pou kenbe dan mouye pou’l pa vin sèk; si’l posib, mande timoun lan pou kenbe’l nan plas li ak yon dwèt. Si se yon dan ki se pa dan ti bebe, doktè ka eseye ranje’l nan plas li. Men dan ti bebe ki rache nan tonbe pa ka retounen nan plas li ankò, paske s aka domaje lòt dan ki pra’l pouse anba’l la.

Yon lòt pwoblèl dan ankò: Dan pèmanan ki ap pouse pandan dan ti bebe yo la toujou, ki vin bay plizyè “ranje” dan. Sa ka parèt dwòl, men se pa yon pwoblèm, se sa Magid Katz di: Lang timoun la nap mete dan pèmanan yo nan plas yo lè dan ti bebe yo tonbe. Ankouraje pitit ou pou bouje dan ti bebe yo, men si gen youn k’ap bay difikilte di doktè a sa pou’l retire’l.

Fè Enpridans
Kraze glas, itilize dan pou louvre boutèy oswa fè jwèt espò ka lakoz anpil gen bagay ke yo pa’p vle wè nan liv foto anyèl lekòl yo: Yon dan kase. Ki lè yon dan kase se yon ijans? Pandan ke yon ti dan kase ka sèlman deranje estetik dan, yon gwo kase ka lakoz sansibilite nan dan epi li ka fè mal, se sa Magid Katz di. Si pitit o ukase yon dan, eseye rejwenn ti moso a, mete li nan dlo epi rele doktè a toutswit. Yon gwo kase ka kalifye kòm yon ijans, yon ti kase ka tan demen pou al wè doktè.

Si ou paka jwenn moso dan, dantis ou a ka eseye refè li; gen materyèl natirèl ki ka dire anpil tan, men kanmenm pitit ka ap bezwen ranplase li yon lè. Pou evite dan kase, fè timoun mete pwoteksyon nan bouch lè y’ap jwe epi di yo pa janm itilize dan kòm “zouti” – epi oumenm tou bay bon ekzanp!