Yon pedyat ap ba li yon piki vaksen bay yon ti fi afriken ameriken.

didesign/stock.adobe.com

Pandan Pandemi COVID-19 la sa vin pi Enpòtan Toujou pou yo bay Timoun Vaksen

Yo bay vaksen gratis nan plizyè kote, menm nan Klinik mobil pou timoun piti Inivèsite Miami an
Yo bay vaksen gratis nan plizyè kote, menm nan Klinik mobil pou timoun piti Inivèsite Miami an  

Moun toupatou sou latè ap tann vaksen pou COVID-19 la vin sove yo epi pou yo kab reprann aktivite yo. Èske sa ap janm fèt, epi ki lè sa ap fèt, pesonn poko konnen. Men pandan nou nan  peryòd ensètitid long sa a, sa ki pi enpòtan se fè pitit nou pran tout vaksen yo dwe pran epi kenbe yo an sante valè nou kapab, sa se sèten. 

Lopital Miami-Dade yo a debòde ak moun malad, se poutèt sa menm ki fè sa enpòtan pou w kenbe pitit ou an bòn sante epi pou kèk viris ak kèk maladi antre sou yo sitou lè deja gen vaksen pou viris sa yo ak maladi sa yo. Malerezman, COVID-19 fè paran yo pè mennen pitit yo al pran vaksen oswa al fè tchèkòp kay doktè pou ane a. Paran pa vle pran chans al mennen pitit yo kay doktè pou COVID-19 la pa rantre sou pitit yo.  

"Moun yo pè vini," sa se pawòl Dr. Sally Goza, prezidan Akademi Pedyat Ameriken, lè l tap pale nan radyo NPR. "Se karese m ap karese moun nan telefòn pou m fè yo vin nan randevou yo genyen." Li di tou, pou evite kèk lòt maladi gaye, timoun yo pa kab rate ni vaksen yo dwe pran ni tchèkòp yo dwe fè pou ane a. Anpil nan lòt maladi sa yo poze pi gwo danje pou timoun pase COVID-19. 

Biwo Sant pou kontwòl maladi ki pote non angle “Center for Disease Control (CDC)” te prevwa sa epi yo wè sa kounye a gen mwens moun ki al pran vaksen. CDC ap mande pou tout moun al pran vaksen yo dwe pran:

“Pandemi COVID-19 ki toujou avè nou an dwe raple n kouman sa enpòtan pou n pran vaksen nou dwe pran. Jan yo remake klinik yo pa plase valè kòmann vaksen yo te konn abitye plase epi jan klinik yo bay mwens dòz vaksen yo te konn abitye bay sa kab siyale timoun ki rete nan peyi Etazini pral gen plis chans fè fas ak kèk epidemi maladi yo deja gen vaksen pou yo.   
Sousi paran konsènan posiblite pou yo espoze pitit yo a maladi COVID-19 la pandan pitit yo al nan randevou kay doktè se kapab sa ki fè valè dòz vaksen y ap bay yo diminye. Si se kon sa sitiyasyon an ye, sa vin pi enpòtan toujou pou raple tout paran kouman sa enpòtan pou yo pwoteje pitit yo kont maladi grav yo deja gen vaksen pou yo, menm pandan pandemi COVID-19 la ap kontinye.”

Pandan y ap fè preparasyon pou yo ouvè lekòl nan mwa Out la, tou depan jan 
COVID-19 ap gaye – tout paran pral oblije fè pitit yo pran tout vaksen yo merite pran oubyen yo kab pa kite pitit yo rantre lekòl. Menm si lekòl pa ouvè tousuit, nenpòt lèt pitit ou soti – lè yo soti ansanm avè w, lè y al jwe kay zanmi yo epi menm lè y ap pase yon moman ak kèk lòt moun nan fanmi an- yo gen plis pwoteksyon lè ou asire yo pran tout vaksen yo dwe pran. 

Pou asire paran pran randevou pou yo mennen pitit yo al pran vaksen gen yon seri ajan, yon seri òganizasyon, yon seri klinik ki rann sa fasil pou moun vin pran vaksen yo dwe pran. Òganizasyon “The Children’s Trust- finanse Klinik pedyatri mobil Inivèsite Miyami an pou yo bay vaksen gratis sou randevou lè w telefone nan 305.243.6407. Menm Klinik mobil sa a fè egzamen COVID-19 gratis pou timoun, sou randevou (telefone 305.243.2059).

Klinik pedyatri mobil Inivèsite Miyami ap fè egzamen COVID-19 GRATIS pou timoun tout laj sou randevou. Pou w pran randevou pou w al fè yon egzamen, telefone 305.243.2059. Klinik mobil la ap bay vaksen gratis tou sou randevou. Pou w pran yon randevou pou w al pran vaksen telefone nan 305.243.6407.

Depatman sante nan Eta Florid bay vaksen gratis epi yo fè tchèkòp pou timoun gratis nan kèk klinik nan Miami-Dade County. Telefone nan 786.845.0550 pou w pran yon randevou nan klinik sa yo:

West Perrine Center
18255 Homestead Avenue
Miami, FL 33157
Lendi a vandredi 8 a.m. - 3:30 p.m.

Little Haiti Health Center
300 NE 80th Terrace
Miami, FL 33138
Lendi a vandredi 8 a.m. - 3:30 p.m.

Downtown Clinic
1350 NW 14th Street
Miami, FL 33125
Lendi a vandredi 8 a.m. - 3:30 p.m..

Pou w jwenn yon lis tout kote y ap bay vaksen nan Miami-Dade County al sou sit The Children’s Trust’s la nan paj vaksen an