Smiling mom being hugged by her young daughter

moodboard/moodboard/Thinkstock

Pale Ak Timoun Yo Kontan

10 fason pou fè sa
10 fason pou fè sa 

Pawòl gen anpil pouvwa, epi mesaj nou yo ka afekte timoun nou plis ke nou taimajine. Paul Axtell, ki se otè liv Ten Powerful Things to Say to Your Kids, bay mesaj pozitif ki ka reveye konsyans yon timoun epi enstale yon sans sekirite solid nan yo.

  1. Mwen apresye ou."Se yon fraz ki diferan de 'Mwen renmen ou,'" se sa Axtell di. "Sa...vle di 'Mwen renmen moun ke ou ye a.'" Li ankouraje paran pou yo itilize tou de.
  2. Ou aprann rapid. Jèn timoun renmen aprann epi yo bon nan sa. Ankouraje anvi sa lakay yo depi bonè afekte kijan yo pral wè aprann pi devan nan lavi yo, se Axtell di, lè li ka vin tounen yon defi.
  3. Mèsi. "Konpetans sosyal enpòtan anpil, epi pi bon antrènman kòmanse bonè," se sa otè a di.
  4. Si nou ta dakò pou... Yon ti diplomasi toujou kapab ede yon fanmi rezoud pwoblèm yo. "Lè gen règleman sou plas depi anvan, sa konn evite pwoblèm epi sa fasilite pou jwenn solisyon si toutfwa ta vinn gen pwoblèm," se sa Axtell di.
  5. Di mwen plis. Kisa ki ta ka montre plis enterè ou lè w'ap pale ak timoun ou? Envite yo pataje panse yo ak santiman yo avèk ou "genyen ladan’l aprann tande," li eksplike, "ki se toujou yon kado paske sa montre ke ou santi’w konsène."
  6. An nou li. Ouvri yon liv lè yo pra'l dòmi se ekspoze yo a yon pakèt bèl posibilite. Jan Axtell di a, li ankouraje lanmou pou aprann – konsènan moun, kote ak lide – epi ede timoun yo amelyore entelijanske yo bezwen pou lavni yo.
  7. Nou tout ka fè erè. Petèt se fraz ki pi konpreyansif nan lis la, sa tradwi mesaj la, pandan l'ap rasire: Pa gen moun ki pafè. "Jere pwoblèm ak aprann de erè nou ede nou pou lavni," se sa Axtell di. "Lè ou fè erè, se yon okazyon pou montre timoun ou kijan pou’w pran responsabilite pou erè yo epi kontinye viv lavi'w."
  8. Mwen dezole. Li pa toujou fasil pou di fraz sa, men li gen anpil valè. Axtell eksplike enpòtans pou reflechi anpil anvan ou ta di yon bagay ke ou gendwa regrèt pi devan.
  9. Kisa ou panse? Mande timoun yo opinyon yo epi bay sa tout moun panse valè nan fanmi a fè yo vin pi konfòtab pou yo eksprime lide yo. Lòt bagay enpòtan tou, li ajoute, se ke sa pèmèt yo devlope abilite pou pran desizyon ak pran responsabilite pou tèt yo.
  10. Wi. "Pandan mwen panse 'non' se... yon pi bon chwa pafwa, twò souvan paran yo pare pou yo di 'non," se sa Axtell di. "Si ou bay abitid di 'wi' nan fanmi an, w'ap dekouvri ke ou pa oblije ap di 'non' twò souvan jan ou panse a."