Kat men anbouteyaj ansanm sou ponyèt yo.

Anna/stock.adobe.com

Konstwi yon Estrikti Sipò pou Paran

Ki moun ki ak sa ou ka depann sou pou timoun ou yo!
Ki moun ki ak sa ou ka depann sou pou timoun ou yo! 

Paran se travay ki bay plis rekonpans nan listwa, epi se li ki ansyen. Men li pi di tou (sèlman moun ki pa paran yo ki p’ap dakò). Pafwa sa konn difisil anpil – travay, finans, tan, epi pafwa se pitit pa’w menm ki konn ap fè konspirasyon kont ou.

Ankenn paran kit li se gason oswa yon fanm pa yon zile (N’ap sonje Alcatraz), epi paran pa dwe dyòb yon sèl moun. Menm lè sikonstans tout moun pa menm, gen anpil kote ke anpil nan nou ka al chèche sipò. Genyen nou abitye ak yo, genyen nou pa abitye ak yo. Men lè ou bezwen enfòmasyon sou yon moun oswa sou yon bagay, eseye sa yo anvan ou pèdi pasyans.

  • Fanmi ak Zanmi: Pi gwo resous la se fanmi ak zanmi. Pa gen pèsòn ki konnen ou menm ak pitit ou pi byen epi ki ka ede’w tankou yo menm. Paske yo disponib, li fasil tou pou pa bay sa enpòtans ke li merite. Pa fè sa. Li ka parèt fasil, ou dwe toujou di fanmi’w ak zanmi’k mèsi lè yo fin siveye pitit ou pou ou, oswa lè yo kouri al chèche medikaman pou pitit ou, oswa jis paske yo ap tande pwoblèm ou. Epi, ran yo sèvis tou lè ou kapab.
  • Sou Entènèt oswa Aplikasyon: Li fasil pou vle akize entènèt la ak rezo sosyo yo pou anpil pwoblèm ke nou genyen kòm paran. Men verite a, mond dijital la ofri pwoblèm tankou solisyon. Sòti nan sentòm malady, lide pou fèt anivèsè oswa pou rive nan reset manje, pou se yon paran nan 21nyèm syèk la vle di ou dwe kapaj degaje’w nan mond dijital la. Si’w pa kapab, li poko twò ta pou ou. Nan www.TheChildrensTrust.org ou ka jwenn yon pakèt pwogram ak founisè, ansanm ak enfòmasyon pou ede paran ak timoun yo.
  • 2-1-1: Paran pa swiv yon orè definitive. Ijans ak pwoblèm ka rive nenpòt lè epi nan mitan lannwit li fasil pou santi’w poukont ou paske lòt sistèm sipò’w yo pa aksesib. Men rele sèvis 2-1-1 toujou la kòm opsyon. Ap toujou gen yon moun lòt bò liy lan ki pare pou tande’w epi ede’w, oswa dirije bay yon moun ki kapab.
  • The Children’s Trust Parent Club: Menm kote pitit ou a fèt menm kote a li rantre nan “pwogram” lan. Nan Trust, nou envite vin jwenn Parent Club la – yon nouvo inisyativ ki pwomèt pou ini paran yo nan yon gwo atelye paran GRATIS. Konbyen? Jiska 1,000 chak lane! Aprann kòman pou elve timoun ki responsab epi ki gen afeksyon, kontwole difikilte epi pwoblèm adolesan yo ak yon pakèt lòt sijè ankò. Anplis toujou, ou ka jwenn lòt paran tankou’w ak espesyalis pouk a pataje eksperyans ou epi aprann tou. Rantre nan klib la. Pou enskri, oswa planifye yon atelye travay nan zòn ou an, ale sou www.TheChildrensTrust.org /parent-club.