Yon adolesan vizite ak granparan li sou grenn li.

fizkes/stock.adobe.com

Fason pou Timoun yo Kenbe Relasyon yo ak Granpè ak Granmè

Kèk konsèy sou fason nou kab kenbe kontak pandan epòk distans sosyal sa a
Kèk konsèy sou fason nou kab kenbe kontak pandan epòk distans sosyal sa a 

Difèt nou tout an karantèn akòz viris Kowona a – epi difèt nou pa pwoche pre fanmi ak zanmi – se pa yon bagay ki fasil, sitou lè n ap pale de granpè ak granmè ak pitit pitit yo. Sa pi enpòtan toujou pou nou kenbe distans sosyal nou paske COVID-19 la fè pi gwo dega sou granmoun ki nan laj avanse. 

Bon nouvèl: gen plizyè fason ou kab kenbe relasyon espesyal sa a ant granpè, granmè ak pitit pitit yo. Chans pou nou gen plizyè videyo chat ki disponib (paregzanp, gen Skype, gen FaceTime, gen WhatsApp, gen Google Duo Video) epi gen telefòn. Tan difisil fè n jwenn solisyon ki kreyatif; sa nou pral li la yo se kèk solisyon fasil sou kouman nou kab kontinye viv depre, menm lè youn pa pre lòt. 

Jwe yon jwèt. Pran randevou pou nou jwe yon jwèt mo ak kèk zanmi oubyen pou nou jwe UNO, kite granmè ak granpè jwe ak pitit pitit yo de lwen. 

Kòmanse yon klib pou li liv. Yon jou fè pitit ou chwazi yon liv; yon lòt jou kite granpè oswa gramè chwazi yon lòt liv. Apre sa fè youn li pou lòt (tou depan laj yo). Pou nou kab gen plis varyete ajoute lòt moun nan fanmi an nan klib la. 

Kuit manje ansanm. Sa a se yon lòt aktivite nou kab fè a distans kote nou swa fè manje ansanm an fanmi (petèt nou kab eseye yon nouvo resèt kote tout moun ap kuit manje ansanm) – oubyen ranje konpitè a yon jan pou tout moun parèt “ansanm.” Patisri se yon lòt aktivite nou kab eseye. 

Pran randevou pou nou jwe ansanm. Pran randevou pou n konekte sou entènèt ansanm nan menm lè a chak jou, kon sa timoun yo (ak granpè ak granmè) gen yon aktivite yo pa ka tann pou yo fè ansanm. Planifye yon aktivite atistik, yon dans vityèl, yon jwèt oubyen yon chante, oswa pran yon ti tan pou nou pale ansanm. 

Voye kat oswa ekri lèt. Ki moun ki pa renmen resevwa lèt? Lè youn voye lèt bay lòt – ak tenm sou lèt la (nou sonje tenm yo?) – se youn nan fason pitit pitit ak granmè ak granpè kab kenbe kontak. Ankouraje timoun yo fè yon desen oubyen ekri kèk mo sou jan jounen yo pase. 

Telefone. Kominike sou videyo se yon bon bagay, pa gen anyen ki pi bon pase yon apèl telefòn. 

Salye moun nan remiz machin. Si nou abite pre yon moun, kondi al lakay li, desann vit machin nan, epi di yo alo pandan nou nan remiz machin nan oubyen pandan nou pre twotwa a.