Father and daughter reading together at home.

goodluz/stock.adobe.com

Fè Siksè Ak #Read30 Avèk The Children’s Trust!

Desizyon pou fè aksyon pra'l ranfòse alfabetizasyon timoun yo
Desizyon pou fè aksyon pra'l ranfòse alfabetizasyon timoun yo 

Rasanble kèk bon liv lekti, mete alam pou ka sonje chak jou epi pare pou montre pi bèl souri'w la – #Read30 rive!

Yon nouvo inisyativ k'ap sikile anpil nou entènèt ke The Children's Trust ap lanse mwa sa, #Read30 se nouvo aktivite òganizasyon an nan zafè alfabetizasyon bonè pou timoun.

"Li bonè nan ti laj piti enpòtan anpil pou reyisit yon timoun nan lavi li – ni nan lekòl ak karyè li – alòs nou bay anpil tan ak resous pou nou rasire nou ke chak timoun nan Konte Miami-Dade ka abouti etap sa," se sa Prezidan ak Direktè Trust la James R. Haj di. "Kounye’a, anplis pwogram kanpay Read To Learn, Book Club ak Books for Free a, nou kreye #Read30 pou ranfòse aktivite sa yo."

Alòs, kisa #Read30 a ye? Se yon apèl medya sosyal pou fè aksyon, yon defi pou paran yo, moun ki ap bay swen yo ak konseyè yo pou chita ak pitit yo pou li chak pou ete a – pou yo epi avèk yo – pou 30 minit, fè yon sèlfi chak fwa epi poste li sou paj Facebook yo, paj Twitter ak Instagram yo avèk hashtag la, ou konnen li, #Read30. Mouvman sa jwenn anpil sipò nan men patnè lokal tankou prezantatè nouvèl WSVN 7 la Craig Stevens, Maria Fernanda Lopez ki nan Univision, Miami-Dade Public Library System ak yon pakèt estasyon radio lokal ak lòt medya ankò, #Read30 pra'l vin menm jan avèk konpetisyon bokit glas la. Se pi bon moman pou fè li.

Avèk lane lekòl la ki prèske fini, timoun nan tout konte a pra'l andanje ak sa ekspè yo rele "summer slide" ki vle ke timoun pra'l dekonekte ak aktivite lekòl epi bliye anpil nan sa yo te aprann. Kontinye fè lekti enpòtan anpil, se sa adikatè yo di, timoun ki pa kontinye ekzèse sèvo yo ka tonbe pou plis ke de zan reta anvan yo rive nan wityèm segondè. Anreyalite, dekoneksyon sa ki fèt pandan ete a se youn nan twa gwo rezon pouki anpil timoun piti pa rive konn li bonè. Sila ki rate okazyon sa ka olblije fè anpil efò: Prèske 90 pousan timoun ki pa janm gradye nan lekòl segondè pat konn li byen nan klas dizyèm, epi elèv ki kite lekòl segondè yo genyen mwens ke mwatye elèv ki gradye nan inivèsite yo.

"Rechèch yo montre sa – li ak pitit ou souvan se youn nan pi bon mwayen pou li aprann bonè, devlopman pozitif ak gen plis abilite nan lekòl," se sa Haj di. "Se tou yon bon mwayen pou kreye bon lyen ak bèl souvni ak pitit ou."

Timoun piti nan klas jaden yo reyaji pi byen avèk liv ki montre figi, bèt ak bagay ke ou ka montre epi pale sou yo – on ti konsèy si ou itilize diferan vwa pou chak karaktè! Timoun ki pi gran yo ka ankouraje chwazi liv pa yo; ale sou sitwèb MDPLS la www.mdpls.org pou wè kisa manm yo pi renmen chwazi chak mwa epi mande anplwaye yo pou yo sijere ou tou.

"Nou eksite anpil pou inisyativ #Read30 lan," se sa Haj kontinye pou li di, "epi nou paka pou nou kòmanse wè timoun Konte Miami-Dade yo ak fanmi yo mete ansanm pou li avèk souri."