Distraught teen girl being consoled

AntonioGuillem/iStock/Thinkstock

Fè Fas a Trajedi

Pale ak timoun sou evènman twomatik
Pale ak timoun sou evènman twomatik 

Kè nou yo kraze pou tout moun ki afekte pa tire an mas nan Marjory Stoneman Douglas Lekòl Segondè Parkland la. Nan limyè de laterè endèskriptibl sa, nou vle pataje ankò yon atik pibliye an janvye 2016 nan jounal sou “Levasyon Timoun nou” ki, malerezman, gen rapò ak kominote nou an, eta nou an ak nasyon nou an.

 

Move nouvèl pa ka evite. Avèk timoun k ap gade laprès k ap fè repòtaj evènman aktyalite mondyal prèske tout tan, se yon obligasyon pou nou konnen ki jan pou n pale ak timoun sou nouvèl ki boulvèse tèt moun anpli epi pou nou konn ki jan pou nou fè fas ak evènman trajik.

Fanmi modèn pa kab evite move nouvèl. Nou anvayi chak jou ak anpil sèn estwòdinè ki montre gwo move tan, vyolans sosyal ak zak teyoris, tout se bagay ki kab lakòz moun gen anpil kè kase. Ki fè, paran dwe pare pou yo pale ak pitit yo de sitiyasyon efreyan yon fason ki sansib e itil. Men de twa konsèy espesyalis sou fason pou nou fè sa.

Rekonèt sansasyon ou genyen
Premyèman, “Sa enpòtan pou paran rekonèt pwòp sansasyon pa yo osijè evènman an.” Sa se pawòl Nerina Garcia-Arcement, Ph.D., yon sikològ nan Brooklyn, Nouyòk. Ou ka santi tristès ak laperèz anvayi w epi ou ka bezwen okipe pwòp emosyon pa w anvan w tanmen konvèsasyon difisil avèk pitit ou.

Ou bezwen plis èd?
Si, kwak ou fin pale ak pitit ou pou ede l ak enkyetid li genyen akòz yon evènman ki fè moun fè emosyon, pitit ou gen youn nan konpòtman nan lis sa a, al pale ak yon pwofesè, yon konseye lekòl oubyen yon sikològ pou timoun pou w sa jwenn konsèy pwofesyonèl.
• Li leve nan dòmi tout tan oubyen l ap fè vye rèv
• Li pèdi apeti
• Li tris anpil oubyen li mete kò l aleka; li di li anvi fè tèt li mal
• Sa ki pi enkyete li se laperèz ak sekirite
• Li vin pè deplase kite manman l oswa papa l oubyen li vin ap pipi nan kabann

Pale ak lòt granmoun ki fè pati sistèm sipò pa w epi eseye konprann sa w santi nan sitiyasyon an. Kontwole sa k ap pase nan lespri w. Epi tou pa mete move sansasyon yo de kote twò bonè. Garcia-Arcement di, emosyon moun ap kache ka fè yon sèl debòde oubyen yo ka mennen pwoblèm sikolojik pi grav tankou depresyon, maladi kè kase. Lè w konprann pwòp sansasyon pa w, sa ap ede w pale ak pitit ou yon fason ak kè poze, epi yon fason ki pi dirèk. 

Ale dousman ak sa
Si pitit ou pa konnen gen yon trajedi ki rive, reflechi anpil anvan w soulve kesyon an. Timoun piti piti ka pa bezwen konnen sa ki te pase a amwenske sitiyasyon an afekte fanmi w dirèkteman. “Timoun entèprete sa yo wè ak sa yo tande literalman.” Sa se pawòl ansyen konseye lekòl Julia Cook, M.A., ki ekri yon liv ki gen non Angle Grief is Like a Snowflake. Se sa ki fè sa enpòtan pou n pa kite timoun gade sa k ap pase nan laprès twòp. Chak fwa yon timoun tande oubyen li wè yon move nouvèl, li ka panse se yon lòt trajedi ki rive. 

Lè timoun soulve yon diskisyon, kòmanse pa mande yo ki sa yo konnen deja. “Baze enfòmasyon an ou pral pataje a sou sa pitit ou konnen ak kesyon li poze a.” Sa se pawòl Garcia-Arcement. Ba timoun ase enfòmasyon ki regle sa k ap bay yo pwoblèm nan epi fè yo konnen yo menm yo an sekirite. Evite bay twòp detay ki ka twòp pou nou toulede.

Ou santi dlo anvi sot nan je w? Pa gen pwoblèm si paran kriye lè y ap diskite evènman trajik avèk pitit yo. Garcia-Arcement di sa se egzanp bon jan fason moun esprime emosyon. Dlo nan je w montre pitit ou pa gen pwoblèm si w santi tristès epi ou esprime sa an piblik. Sa se yon leson enpòtan. Antre pi fon nan aprantisaj la, sèvi ak mo byen detèmine pou w di sa sansasyon w yo ye, mo tankou mwen tris, mwen fache, mwen pè. Sa bay timoun yon pi gwo vokabilè pou lè y ap pale de pwòp esperyans pa yo.

Encourage Action
Cook di, lè nou reprann aktivite nòmal nou, sa ede timoun boule ak pwoblèm nan. Lè timoun pase tan ak zanmi ak pwofesè nan lekòl yo, sa estabilize anviwònman timoun yo epi sa rann rezo sosyal yo pi djanm – sa se pati ki pi enpòtan nan rezistans. Fè fanmi w rete konekte nan kominote nou gras a gwoup legliz, timoun ki al jwe kay zanmi, epi aktivite, menm si w ta pito rete lakay. Lè nou mete kò nou aleka, sa ogmante detrès.

Bay pitit ou plizyè mwayen pou li montre sa ki fè l pè san l pa di yon mo. Jwèt pratik avèk aktivite atistik kapab yon terapi paske yo ede timoun chache konprann santiman pa yo san okenn presyon nan fè gran konvèsasyon.  Pandan timoun ap jwe, sa yo santi a kapab maske nan imajinasyon yo oubyen yo kapab egzajere divès fason ou pa t atann. Pa enkyete w. Kwak paran ka pa konprann konpòtman timoun pandan y ap jwe, espesyalis di sa se fason natirèl timoun eseye konprann esperyans y ap travèse.

Epi tou paran kapab ede timoun reprann yon sans espwa nan ba yo opòtinite pou yo fè yon bagay osijè sa ki pase a. Timoun kapab fè kat pou yo voye bay fanmi ki afekte nan yon trajedi, oubyen yo kapab rasanble lajan ak founiti pou voye bay òganizasyon imanitè. Garcia-Arcement di: “Lè timoun santi yo itil, se yon mwayen pou yo reprann kontwòl epi pou yo jwenn yon sèten eta nòmal nan mitan tout dezòd ki genyen yo.” Kite chak timoun chwazi si yo vle kontribye e fason yo vle kontribye.

Toujou ap voye je
Paran pa ta dwe panse timoun sispann reflechi sou yon gwo evènman ki pase poutèt yo pap pale de sa. Suiv pou wè si pa gen kèk chanjman nan yo, tankou si yo pa pèdi apeti, oubyen si yo pa vin brital. Garcia-Arcement di, apre yon evènman trajik, timoun pitit ka tounen nan yon etap devlopman yo te pase deja. Yo ka vin pè lè moun ap deplase kite yo oubyen yo ka di yo pè fènwa, menm si yo te deja fin abitye dòmi san limyè pandan plizyè ane. Koute lide w kòm paran. Reyaksyon timoun parapò a gwo evènman varye anpil anpil.

Kèk timoun ap eseye evite pale de sa k pase a; Cook di sa toutafè nòmal. Manmzèl di: “Pa janm fòse yon timoun poze kesyon oubyen pale de yon ensidan toutotan li pa pare.” Pito w kontinye kreye yon atmosfè ki gen renmen, ki ankourajan; anbrase li anpil epi pase anpil tan avèk li. Timoun ka pa bezwen diskite bagay yo dirèkteman pou yo vin santi yo alèz e an sekirite.

Suiv sa k ap pase
Emosyon ka tounen e sa ka menm vin pi grav lontan apre yon gwo evènman fin pase. Tcheke pitit ou tanzantan, mande l ki jan li santi l osijè evènman an. Sa ka ede w evalye nan ki degre timoun nan ap boule ak sitiyasyon an, epi tou fè l sonje ou tou pare pou w pale de sa. Lè w montre pitit ou pou yo gen yon lespri ouvè, yon lespri kè sansib, y ap konnen yo kapab pale avè w de nenpòt bagay ki nan lide yo. 


Sit entènèt ak atik fowòm

Ou kab tcheke lis sa a pou w sa jwenn lòt resous ki va ede w travèse move moman emosyonèl ansanm ak pitit ou:

• Children's Bereavement Center www.childbereavement.org
Talking With Children About Loss
• Child Trends www.childtrends.org
Resources to Help Children in the Wake of a School Shooting
• National Association of School Psychologists www.nasponline.org
Talking to Children About Violence: Tips for Parents and Teachers
• National Child Traumatic Stress Network www.nctsn.org/trauma-types
Terrorism and Natural Disasters
• Healthy Children www.healthychildren.org
Talking to Children about Tragedies and other News Events
• Substance Abuse and Mental Health Services Administration www.samhsa.gov
Tips for Talking With and Helping Children and Youth Cope After a Disaster or Traumatic Event: A Guide for Parents, Caregivers and Teachers
• Center for Parenting Education www.centerforparentingeducation.org
When Disaster Strikes: Talking to Children About Traumatic Events
• Mayo Clinic www.mayoclinic.org
Helping Children Cope: Tips for Talking about Tragedy
• Huffington Post www.huffingtonpost.com
9 Tips for Talking to Kids About Trauma

Liv
Children and Trauma: A Parent's Guide to Helping Children Heal* Cynthia Monahon
The Scared Child: Helping Kids Overcome Traumatic Events* Barbara Brooks ak Paula M. Siegel
A Brighter Tomorrow: A Workbook to Help Kids Cope with Traumatic Events Erainna Winnett (timoun 7-12 an)
A Terrible Thing Happened Margaret M. Holmes (timoun 4 an ak sa ki pi gran)
Why Did it Happen? Helping Children Cope in a Violent World* Janice Cohn (timoun 3 an ak sa ki pi gran)

* W ap jwenn liv sa yo nan bibliyotèk piblik Miami-Dade yo.

Sèvis èd pa telefòn 211
Sistèm 211 ki bay èd pa telefòn nan, se ajans The Children’s Trust ki finanse li. Anplwaye ki ladann yo se konseye òganizasyon Jewish Community Services of South Florida ki resevwa fòmasyon espesyal. Yo la 24 sou 24, 7 jou pa semèn. Yo pale angle, panyòl ak kreyòl. Sèvis 211 lan disponib pou paran, pou moun ki responsab timoun, pou timoun k ap chache enfòmasyon ak referans kote yo ka jwenn konsèy lè gen yon kriz.

Moun ki prepare lis sa a se Elisa Chemayne Agostinho