A mother comforts her daughter who is going through a hard time.

Monkey Business/stock.adobe.com

Fè Fas ak Chanjman Nan Lavi Pitit Ou

Kisa pou atann epi kòman ou ka ede yo nan chanjman sa yo
Kisa pou atann epi kòman ou ka ede yo nan chanjman sa yo 

Se yon nouvo lane epi sa toujou vini avèk nouvo desizyon pou amelyorasyon ak anvansman, epi byensi, aprann pou pitit ou. Men olye pou rekòmanse avèk nouvo rezolisyon abityèl Nouvo Lane yo ak pitit ou (menm si nou ankouraje’w toujou kontinye fè sa), nou ta prefere konsidere nouvo demaraj ak chanjman anjeneral nan lavi timoun ou yo, jiska apre ane lekòl la.

Kòmanse yon nouvo lekòl (oswa lekòl) anjeneral, al abite nan yon nouko kay oswa nan yon vil, fè fas ak nouvo manm fanmi an, oswa zanmi, li ka menm kòmanb pou fè fas ak yon nouvo bòpè oswa bèlmè sa ka tromatizan si li pa fèt byen. Kòm nou pa ka pale de tout ka kote pitit ou ka pra’l fè fas ak yon sitiyasyon, nou te vle eseye di’w kisa pou atann lè timoun ou ap fè chanjman epi ba’w kèk konsèy, resous ak etap pou ede yo. Epi tou, ede timoun fè fas ak chanjman enpòtan anpil pou devlopman yo.

Ba yo atansyon ki nesesè epi konprann yon ti lanmou anplis, ankourajman, ak sipò pandan moman delika sa obligatwa.

Kòman Chanjman Afekte Timoun yo
Sòti nan lè manje pou rive nan lè pou dòmi, timoun renmen woutin. Anpil granmou renmen abitid epi yo pa renmen chanjman, alòs imajine kòman timoun yo dwe santi yo! Nou konprann ke! Ajiste ak yon nouvo lekòl, yon nouvo kay, oswa yon chanjman nan fanmi an kapab pa fasil pou timoun lan, tankou granmoun, yo chak aji fason pa yo fas ak chanjman. Kèk nan fasons timoun yo ka santi yo lè y’ap fè fas ak chanjman kapab tankou atitid yo chanje kontrarye fasil, chèche plis atansyon oswa afeksyon epi anpil tristès, fache fasil epi rankè. Men, pandan kèk timoun montre kèk chanjman nan konpòtman yo epi bezwen anpil mwa pou yo adapte yo ak sa ki nouvo nan vi yo (tankou divòs oswa al abite nan yon nouvo vil), gen lòt ki pa gen pwoblèm ditou ak chanjman.

Pousika gen timoun ki pa gen pwoblèm epi gen lòt ki panike? Dapre Psychology Today, jan pitit ou adapte ak chanjman ka depann de tanperaman yo, nivo devlopman yo, pèsonalite yo ak sikonstans fanmi an. Men tou, kòm sèvo yon timoun toujou ap devlope regilyèman, yo toujou gen difikilte pou fè fas ak kèk emosyon ke yo gwo chanjman ka pote. Pa konnen kisa ki ap vini kapab enèvan pou yo, ki ka lakoz gwo chanjman nan konpòtman yo. Erezman, nan plizyè ka, pi fò chanjman nan konpòtman ka amelyore avèk bon direksyon fanmi an.

Ede timoun yo Fè Fas ak Chanjman 
Kòman nou ka ede timoun nou yo ki renmen woutin fè fas ak chanjman ak pou pi devan nan lavi yo? Dabò, di pitit kisa ki pra’l rive a, eseye rete onèt epi dirèk. Plis timoun lan konnen sa k’ap vini an, mwen y’ap gen enkyetid. Lè ou pale ak pitit ou, pale sou bagay ki pa pra’l chanje yo pandan peryòd chanjman. Fè yo sonje ke fanmi an ap toujou la avèk yo, fè timoun ke paran li yo k’ap divòse a ke paran sa yo ap toujou la ak li epi y’ap toujou renmen’l, epi fè timoun ki pra’l chanje lekòl konnen ke zanmi li yo sou katye ap ret tan li lè li sòti lekòl.

Pandan yon gwo chanjman, li enpòtan pou toujou kenbe yon estabilite nan lavi timoun toutotan ou kapab. Plis ou ka gentan wè pi douvan sa ki pra’l fèt plis timoun la nap santi li ansekirite pandan chanjman yo. Mete règleman yo klè, epi, pi enpòtan toujou, rete konsistan nan aksyon ou yo kòm paran.

Dènye pwen, toujou konnen sa pitit ou santi epi rekonèt ke chanjman konpòtman ak tanperaman se bagay nòmal. Chanjman toujou gen pèt (divòs, kòmanse nan yon nouvo lekòl, chanje kay) e ou pa dwe anpeche timoun yo ak chagren yo. Ba yo atansyon ki nesesè epi konprann yon ti lanmou anplis, ankourajman, ak sipò pandan moman delika sa obligatwa.