Timoun yo demontre distans sosyal pandan yon dat jwe.

Photo courtesy Crystal McCormick

Distans Sosyal pou timoun

Anseye timoun nou yo kijan pou yo fè sa nou toujou ap aprann
Anseye timoun nou yo kijan pou yo fè sa nou toujou ap aprann 

De mwa de sa ou te kab byen ap konfonn fraz distans sosyal la ak lòt mo angle sa a “ghosting,” se yon tèm milenè yo abitye sèvi ki vle di lè yon moun kite ak yon menaj san l pa ba menaj la okenn esplikasyon. Men kounye a, sanble tèm distans sosyal vin antre nan tout aspè nan lavi nou. Pou jan viris Kowona gaye toupatou, ni timoun ni paran twouve yo nan yon nouvo sitiyasyon yo pa t atann.  Li lè pou paran kòmanse analize sa nouvo reyalite sa a ye pou timoun yo fè zanmitay, san paran pa fè timoun yo pè. 

Aprann yo sa distans sosyal ye
Si sa difisil pou granmoun pou yo adapte yo ak nouvo reyalite a, èske w ka imajine w kouman timoun yo kab santi yo. Si w fè travay ou kòm paran kòrèkteman, ou kab te aprann yo viv nan tèt ansanm ou te aprann yo viv ak anpil afeksyon epi kounye tout bagay vire tèt anba.  Se byen petèt yo pa fin konprann nèt pou ki sa yo pa gen dwa al jwe ak zanmi yo oswa pou ki sa yo pa gen dwa al lekòl, se sa k fè sa enpòtan pou w esplike yo enpòtans distans sosyal la. 

Pale ak timoun nou yo konsènan distans sosyal epi kouman sa vle di rete lwen tout moun jiskaske posiblite pou pran viris COVID-19 la vin sou kontwòl. Pou timoun ki pi gran montre yo kat ki detaye jan “viris la rete a yon sèl nivo pou yon bout tan” anvan l kòmanse bese, sa kab ede yo konprann enpòtans distans sosyal la. Esplike yo malgre nou pa konnen konbyen tan sa pral pran pou nou redui valè moun ki enfekte yo, nou konnen moman sa a enpòtan anpil epi fò nou suiv konsèy espè lasante yo pou nou kab fè travay pa nou.  

Pou timoun ki pi piti yo, kèk save di evite ba yo twòp detay sou kesyon distans sosyal la. Doktè Melissa Brown ki soti nan Sant Medikal Inivèsite Pittsburg di pou nou bay timoun yo yon mesaj ki senp epi ki pozitif. “Timoun yo pa bezwen konn tout detay yo,” sa se pawòl Doktè Brown. “(Annik di yo) nou pa pral lakay zanmi kounye a paske nou kab gaye mikwòb nou yo toupatou epi n ap eseye kenbe tout lòt moun an sante.”

Èske se pou nou sispann tout rankont ak zanmi?
Repons la se “Wi”! “Meyè bagay nou kab fè se evite tout moun pou le moman,” sa se pawòl Doktè Sean O’Leary, M.D., yon manm komite egzekitif Akademi Pedyat Ameriken sou maladi kontajye, te deklare nan jounal New York Times. Randevou timoun pran pou yo jwe ansanm se te yon aktivite anpil moun te konn fè, sa se yon aktivite ki pran gwo frap nan pandemi sa a. Si w gen timoun piti nan kay la avè wou, se byen posib yo deja mande w pran yon randevou pou yo pou y al jwe ak yon zanmi. 

Malgre viris COVID la kab pa atake timoun twò grav, yo kab pase viris la bay lòt moun tou, yo kab menm gaye viris la pi vit. Nan pogram televizyon The today Show, Doktè Manaas Mantravadi di, men diferans ki gen ant timoun ak granmoun, timoun ap pi vit pa suiv règleman pou anpeche viris la gaye. Li di, timoun ki al jwe lakay zanmi yo se byen posib yo pap kab respekte distans 6 pye CDC a tout tan, pou yo kab anpeche viris la gaye. "Sa pa vo lapenn pou nou pran chans kon sa," manmzèl di. "Distans Sosyal se aspè ki pi enpòtan, nou kòm paran, nou kapab kontwole pandan epidemi COVID-19 sa a."

Nan pwen sa a, majorite espè yo konseye pou timoun evite tout kalite aktivite sosyal epi yo sijere pou yo limite kontak yo ak yon ti gwoup fanmi sèlman. “Mwen pa kwè nou dwe nan òganize okenn rankont enfòmèl. Mwen pa kwè timoun dwe ap pran randevou pou y al jwe ak lòt timoun," se sa Doktè Niran Al-Agba, yon pedyat ki Washington tap esplike nan jounal USA Today.  

Tan timoun fè ap gade kèk bagay sou yon ekran kab ede yo ak Izolman sosyal 
Nan moman sa a kote leta ap pase lòd pou tout moun ret lakay yo toupatou nan peyi a – gen 82 pousan moun nan peyi a ki sou zòd pou yo pa deplase kite lakay yo – evantyèlman sa pral fè timoun vin fou si yo pa gen kontak ak zanmi yo. Nan moman estwòdinè sa yo, espè yo konseye paran pou yo fè kèk ti chanjman nan règleman yo abitye genyen pou timoun konsènan tan y ap pase devan yon ekran pandan yo lakay yo. 

Nan non Akademi Pedyat Ameriken an an 2016, Jenny Radesky, ki te ekri sa li rekòmande konsènan valè tan timoun dwe pase devan yon ekran, di jounal Washington Post paran dwe reprann remanye pozisyon yo sou kesyon tan timoun pase devan yon ekran. “Se yon bon fason pou n sèvi ak teknoloji nan sitiyasyon sa a n ap viv kounye a kote timoun yo kab santi yo pèdi anbyans lekòl la yo te genyen an sa gen youn oubyen 2 semèn.”

Tankou tout bagay, kounye nou menm gen “ap” pou timoun pran randevou pou y al jwe ak lòt timoun. Tcheke 4 mwayen vityèl timoun kab pran randevou pou yo jwe ansanm, se yon sit wèb Paran Chikago sijere. Caribu, se petèt sit wèb ki pi popilè ki òganize randevou sou entènèt pou timoun jwe ansanm, yo menm kite moun itilize sèvis la gratis pandan pandemi a