Yon ti fi ak yon ti gason kè kontan ki gen vès sekirite sou yo nan

soupstock/stock.adobe.com

Chwazi yon Bon Kan pou Pitit Ou

Fè yo fè yon bèl eksperyans pou lete a!
Fè yo fè yon bèl eksperyans pou lete a! 

Lete a prèske rive, sa vle di li lè pou kòmanse reflechi sou kibò timoun yo pra’l pase vakans yo. Men avèk plizyè opsyon ke’w ka chwazi nan Konte Miami-Dade – Anpil ladan yo se Children’s Trust ki a sipòte yo – kòman ou ka chwazi sa ki pi bon pou fanmi’w lan? Pou fè’l pi fasil pou ou, men sa ou ta dwe chache:

Pèsonèl La Dapre American Camp Association (ACA), pwogram jounen kan ete yo dwe mete yon manm pèsonèl la pou chak: sis timoun ki nan kan epi ki gen laj 4-5 lane; wit timoun ki nan kan epi ki gen laj 6-8 lane; dis timoun ki nan kan epi ki gen laj 9-14 lane; epi douz timoun ki nan kan epi ki gen laj 15-17 lane. Konseye dwe anba siveyans, antrene tout tan, epi yo dwe gen sètifikasyon nan CPR (ekzèsis pou fè moun repran konsyans nan ka ijans), kit ijans ak defibrillate ekstèn otomatik (AED), epi pou byen konnen tout rèygleman sekirite kan yo, pwosedi ijans ak sipèvizyon yo, kit timoun yo ap jwenn andedan oswa deyò. Li enpòtan pou poze kestyon tankou “Ki antrenman ke pèsonèl resevwa epi ki kalifikasyon yo?” epi “Èske yo fè rechèch sou yo?”

Sekirite Etabli epi toujou ranfòse pwotokòl siveyans lè timoun yo rive ak lè yo prale, epi ak kiyès, se yon obligasyon. Si pitit ou ap fè ale vini nan bis, poze kestyon sou chofè a, epi si gen manm pèsonèl la k’ap la ak yo. Ap gen anpil espas deyò ki ap disponib, ansanm ak kote ki gen lonbraj. Konfime ke manje yoak bwason ke y’ap bayo yo bon kalite, epi gen anpil dlo pou yo pa dezidrate.

Natasyon ak Aktivite Espòtif nan Dlo Tout kote yo naje yo – kite li se pisin oswa lak – dwe gen yon kòd ki pase nan mitan pouk a ijans, se sa ACA sijire. Enstriktè ak èd nan ka ijans yo dwe pase tès nasyonal YMCA Lifeguard ak Swim Instructor Certification yo, oswa pwogram antrenman akwatik Red Cross la. Anplis pwoteje ak montre timoun yo naje, yo ta dwe montre yo tou kòman pou yo rete ansekirite andedan ak sou kote dlo yo.

Timoun ki Andikape Enfòme direktè kan ak pèsonèl la bone si pitit ou gen andikap oswa lòt difikilte ke pitit ou ka genyen epi kijan pou yo abode yo; y’ap toujou fè tout sa yo kapab pou ede yo. Poze kestyon sou règleman enklizyon yo, kote timoun ki bezwen atansyon espesyal yo ka kominike ak lòt timoun ki nan menm ka ak yo. Anviwonman sa yo nan avantaj yo tout li ankouraje yo fè plis efò pou aprann epi kominike plis youn ak lòt.

Enterè Espesyal W’ap chache kan ki genyen espesyalite, tankou syans, espò, atizana, mizik, dans ak teyat? Mande ki lòt aktivite ki ap genyen apre pwogram regilye yo; si yo patisipe nan lòt aktivite, eksperyans kan ap pi ekstraòdinè.