Be Strong International named one of the Champions for Children Programs of the Year.

Be Strong International: Ap ede Youn Kolabore ak lòt

Konsantre sou Founisè yo
Konsantre sou Founisè yo 

Depi plis pase 25 lane, òganizasyon sa a Be Strong International ki pa la pou fè lajan kontinye ap ede timoun ak paran yo amelyore relasyon yo atravè tout yon seri pogram ak yon seri inisyativ. Nan yon patenarya 2 òganizasyon sa yo fè sa pa gen lontan The Children’s Trust ak Be Strong International mete espètiz yo a dispozisyon paran atravè klib sa a The Parent Club. Òganizasyon Be Strong pami òganizasyon ki òganize seyans fòmasyon pou paran ki dire 90 minit kote yo ofri paran kèk teknik ak kèk estrateji ki ede yo konstwi bon jan relasyon ant yo menm ak pitit yo. 

“Òganizasyon The Children’s Trust ban nou yon chans pou nou travay ak paran pou bay yo konesans ki pral ede yo konprann (pitit yo) pi byen,” sa se pawòl Darryl Auberry, Direktè pogram Be Strong nan. “Paran kab vin aprann diferan teknik pou elve timoun ki nan laj 0 a 17 an,” sa se pawòl Ezra Carias animatè Klib Paran an “Sa bay (paran yo) chans pou yo pale epi pou yo pase yon moman ansanm, epi pafwa youn aprann nan men lòt, “Oh, se sa w ap fè. Sa bon anpil, mwen pral eseye l tou.’ Se kon sa paran yo pale.”

Pandemi an fè yo te oblije fè fòmasyon yo anliy, men òganizasyon Be Strong te toujou kontinye travay. “Nan mitan tout sa k ap pase ak pandemi an, nou byen kontan nou toujou kapab ede paran ak pogram pou paran nou an pandan moman difisil sa yo,” sa yo se pawòl Direktè Egzekitif la Michelle Shirley. Petèt paran yo apresye platfòm nan plis kounye a. “Moun fristre anpil epi yo gen anpil estrès tou lè yo pa kab deplase lib epi yo fèmen nan yon kay. Lè w move, olye w rele sou timoun yo, pran yon ti kanpo pou 5 minit al fè yon ti pwomnad pou w soulaje estrès la. Apre sa ou tounen epi ou eseye ankò,” sa se pawòl Tamika Brown, ki te pran pa nan seyans fòmasyon an.

“Nou sot nan enfòmasyon pou n tonbe nan transfòmasyon, epi kounye a nou tande paran k ap di,  ‘Mwen pran sa w ban nou an epi m sèvi avè l nan fanmi mwen epi kounye a fanmi mwen pi anfòm epi nou gen plis fòs.’ Pa gen pi gwo rekonpans pase pawòl sa yo.” Se sa Auberry di. 

Ane pase Òganizasyon The Children’s Trust te onore òganizasyon Be Strong International kòm youn nan Pogram pou ane a ki rele Chanpyon pou timoun yo. Pou nou wè yon videyo sou pogram sa a, al sou sit sa a www.TheChildrensTrust.org/Champions.