Yon jèn ti gason Latino gaye bra l 'nan kè kontan.

Jasmin Merdan/stock.adobe.com

Ankouraje Rezistan: Anseye Timoun Pou yo Rete Veyatif

Pran san w pou w apresye sa w genyen. Jwi lavi a jodi a. Fè sa ki enpòtan. Imajine w ap danse konpa epi ou fè yon bèl pa. Se tout bagay sa yo nou di pitit nou fè – menm si nou ka gen difikilte pou n fè yo nou menm. Men, ki sa yo vle di si nou ale pi lwen pase pawòl sa yo nou abitye tande yo? Ki mantalite ki valè nou reyèlman ap eseye antre nan tèt pitit nou? Vrè kesyon an se rete veyatif.

Rete veyatif: Kit timoun yo ap reve gran lajounen, kit se yon prezantasyon y ap prepare, timoun (ak granmoun tou) ka pote atansyon a lide ki pase nan tèt yo, a sa yo santi, a santiman yo avèk yon lespri ouvè epi a tout kè yo. Dianne Maroney ekri yon liv ki rele “Building Resilience in Stressed Kids using Simple Mindfulness Techniques” kote li defini koze rete veyatif la tankou "konsantre atansyon ou sou moman w ap viv kounye a; pandan w rete kè kal pou w remake emosyon ou ak sansasyon nan kò ou san w pa pote jijman pandan w ap fè nenpòt sa w ap fè a. Ou ka rete atantif pandan w ap fè prèske nenpòt bagay, tankou chita an silans epi respire, fè desen, manje, oswa jwe nan sab.”

Avantaj ki gen nan sa se amelyorasyon sistèm defans kò a, konsantrasyon, apresiyasyon pou tèt ou, epi kontwòl tèt ou. Sa ka diminye estrès epi sa ede timoun jere sitiyasyon difisil. Maroney di: "Lè nou rete veyatif, sa kreye rezistans paske sa ankouraje nou konprann emosyon nou genyen, kapasite pou n kontwole emosyon, epi sa ede nou konprann pi byen sa nou kapab fè."

Paran kab makònen kèk aktivite pratik nan aktivite toulejou, menm pou timoun piti, "pou ede yo devlope detèminasyon epi devlope e rafine pratik pote atansyon a tèt yo pandan y ap grandi," dapre òganizasyon mindful.org. "Lè nou anseye timoun pou yo pote atansyon a tèt yo, sa ka ede fòme twa ladrès esansyèl ki devlope nan laj timoun nan tou piti: pote atansyon epi sonje enfòmasyon, fè ale vini ant divès travay, epi konpòte yo kòmsadwa."

Pwomnad nan vwazinaj pou chache wè bèt: Al pwonmnen ansanm pou nou gade nyaj, koute sèpantye, pran bon sant yon kalite flè blan ki rele gadenya. Sitwèb Pathways.org rekòmande paran mennen aktivite anndan kay la pandan pitit yo ap pran repo pandan y ap fè devwa, anvan y al dòmi, oswa lè yo sou tansyon. Nan lè manje, moun nan fanmi an ka pale de jan yo te santi yo pandan jounen an oswa de nenpòt aktivite ki mande atansyon. "Objektif pote atansyon an se pi byen konprann esperyans nou fè, pi byen konprann panse ak santiman epi ede pitit ou detann yo lè yo kòmanse santi bagay yo twòp pou yo."

Konsantre pandan 15 minit: Pwojè ki rele The Imagine Project la sijere w pase 15 minit ap mennen aktivite ki pa genyen limit tan tankou fè yon jedpasyans, kouri dèyè boul kim savon, fè rechèch sou yon peyi oswa li yon liv epi pale de pèsonaj liv la. Oswa tou prepare kèk ti bonbon ki fèt ak ti grenn chokola Quaker epi analize gou chak ti bonbon analize jan nou santi yo nan bouch nou. Sitwèb Positivepsychology.com ankouraje timoun pale de sa yo santi. "Èske kòlè fè yo santi kòm si yo gen vapè k ap soti nan zòrèy yo? ... Rekonèt santiman yo. Lepli souvan timoun reyaji avèk fristrasyon oswa tristès lè moun di yo doulè yo santi a ‘se pa on gwo zafè’, menm si sa ta sanble l pa gen valè pou nou.”

Pwofite moman an: Sitwèb Mindful.org pwopoze plizyè egzèsis respirasyon pou kalme sistèm nève a tankou mande timoun piti mete yon ti nounous yo renmen sou vant yo epi pou yo gade l k ap monte desann, pou yo balanse ti nounous la kòm si y ap fè l dòmi. Oubyen tou, chak fwa timoun nan lage souf li pou li sonje “yon bagay ki te byen pase jodi a.” Epi tou ankouraje yon ti jantiyès tankou fè yon kat pou yon moun malad pou swete li refè. “Sa enpòtan pou n bay egzanp fason sa a ki montre n ap viv sou tè a ak lòt moun tou epi pou nou fè yo pran pa nan aksyon sa yo valè nou kapab… Aksyon sa yo, piti kou gwo, se ajan esansyèl gerizon nan sistèm familyal la, nan kilti nou epi sou latè a.”