
Annatandan The Children's Trust ap pwoche 25èm anivèsè li ane pwochèn, ki pral make prèske yon ka syèk sèvis, enpak li sou Konte Miami-Dade pa janm pi enpòtan oswa pi enfliyan. Votè konte yo kreye li an 2002, The Trust transfòme taks pwopriyete lokal an enpak dirab lè li envesti nan pwogram ak sèvis ki ede timoun ak fanmi pwospere. Depi nan anfans rive nan jèn adilt, envestisman sa yo ranfòse katye, amelyore opòtinite, epi kreye benefis ki gaye nan tout kominote.
Enpak la vizib nan lavi timoun ak fanmi, men li reflete tou nan mendèv, ekonomi, lekòl, ak kalite lavi an jeneral Miami-Dade. Atravè misyon li pou l asosye ak kominote a pou planifye, defann ak finanse envestisman estratejik ki amelyore lavi tout timoun ak fanmi, The Trust vin tounen youn nan atou kominotè pi enpòtan nan konte a. Sa ki te kòmanse kòm yon pwomès vin tounen yon angajman dirab anvè jenerasyon kap vini, paske lè nou envesti nan kominote a, tout moun genyen.
Envesti nan Timoun Ranfòse Tout Kominote
The Children's Trust kreye ak yon lide senp men enfliyan: solisyon lokal ka genere yon enpak lokal dirab. Pandan prèske 25 lane, lajan taks pwopriyete votè apwouve bay pwogram sipò ki ede timoun reyisi pandan y ap ranfòse kominote a an antye. Jodi a, pwogram Trust finanse ap fonksyone nan plis pase 2,000 sit nan tout Konte Miami-Dade, pou timoun ak fanmi atravè aprantisaj bonè, pwogram apre lekòl, pwogram lete, sèvis sante lekòl, sipò paran, opòtinite devlopman lajenès, ak sèvis santre sou fanmi.
Envestisman sa yo jenere tou yon aktivite ekonomik enpòtan. Nan dènye ane a Trust la sipòte 4,100 djòb atravè finansman li bay òganizasyon kominotè epi depi 2017 li bay 432 òganizasyon kontra pou sèvi timoun ak fanmi. Enpak ekonomik la depase anplwa dirèk.
Lè yo ede fanmi jwenn aksè a gadri siperyè timoun, pwogram apre lekòl, ak opòtinite aprantisaj lete, paran yo kapab travay, ale lekòl, epi kontribye nan ekonomi lokal la. Ane pase, 99% nan paran ki patisipe nan sondaj di pwogram apre lekòl Trust la ofri sèvis swen ki pèmèt yo travay oswa kontinye edikasyon yo.
Envestisman sa yo ede jenere mendèv demen an. Atravè pwogram tankou Pwogram Estaj Lajenès Pandan Lete, plizyè milye elèv jwenn eksperyans travay ki gen anpil vale e ki prepare yo pou karyè nan lavni. Lè yo envesti nan timoun ak fanmi jodi a, The Trust ede asire Miami-Dade gen mendèv kalifye li pral bezwen nan ane k ap vini yo.
Devlope Mendèv Pi Solid: Jodi a ak Demen
Enpak la kòmanse ak yon bagay paran yo byen konnen: li difisil pou travay lè ou pa gen swen ki an sekirite, abòdab, ak kalite siperyè pou pitit ou. Atravè envestisman nan aprantisaj bonè, The Trust ede fanmi simonte baryè sa a pandan l ap ede timoun aprann ak devlope. Inisyativ Thrive by 5 li, soutni amelyorasyon kalite e founisè aprantisaj bonè, pandan bousdetid Families Forward ede fanmi ki touche twòp men ki toujou ap lite peye swen kalite siperyè, kalifye pou asistans tradisyonèl.
An 2024-25, The Trust bay 32,376 jèn timoun sipò atravè 361pwogram gadri siperyè timoun piti, epi li ede plis pase 20,000 timoun resevwa tès depistaj devlopman, evalyasyon, ak sèvis entèvansyon bonè. Envestisman sa yo kreye fondasyon pi solid pou timoun yo pandan y ap ede paran patisipe nèt ale nan mache laboral. Anplis, 99% nan paran ki patisipe nan sondaj la di pwogram apre lekòl Trust la finanse bay swen yo bezwen ki pèmèt yo travay oswa ale lekòl.
Prepare Elèv pou Inivèsite ak Karyè Laboral
Enpak The Trust rete ak timoun yo pandan y ap grandi. Plis pase 47,000 timoun ak adolesan patisipe chak ane nan pwogram apre lekòl, kan ete, ak pwogram pou lajenès Trust la finanse tankou alfabetizasyon, STEM, anrichisman atistik, aktivite fizik, sipò akademik, ak opòtinite aprantisaj sosyo-emosyonèl.
Pou elèv pi gran, envestisman sa a vin gen plis enpòtans sou preparasyon pou sa k ap vini apre. An 2025, 3,661 elèv ki soti nan 92 lekòl segondè konplete estaj peye ak anplwayè atravè Konte Miami-Dade pandan lete, e sa kontribye 575,831 èdtan eksperyans travay pandan y ap vin gen konpetans pwofesyonèl ki gen anpil valè. Plis pase 20,000 jèn konplete youn oubyen plizyè estaj depi pwogram nan te etabli plis pase yon deseni de sa.
Okazyon sa yo ede elèv devlope konfyans, eksplore diferan karyè, epi devlope konpetans pwofesyonèl pandan y ap ede efò preparasyon inivèsitè ak karyè laboral atravè konte a. Depi 2002, to gradyasyon lekòl segondè a lè nan Miami-Dade ogmante a 37%, e li rive nan nivo rekò epi reflete valè alontèm envestisman kontinyèl nan timoun ak lajenès.
Enpak Pandan Yon Ka Syèk ak Pèspektiv Lavni
Chif yo rakonte yon pati nan istwa a. Nan premye 20 lane li, plis pase 2.2 milyon timoun, paran ak moun k ap pran swen timoun patisipe nan pwogram ak sèvis Trust la finanse. Timoun yo resevwa depi 2004 plis pase 5.6 milyon liv, ki amelyore aprantisaj ak alfabetizasyon bonè. Tout moun konnen yon timoun ki ansante gen pi bon chans pou reyisi, epi enpak Trust la etann tou sou sante timoun yo. Nan ane 2024-25 sèlman, klinik sante nan lekòl Trust la finanse, fè 231,195 konsiltasyon 66,871 elèv, kote timoun yo resevwa swen sante toupre kote yo pase pi fò nan jounen yo epi sa ede retire baryè ki ka afekte prezans yo nan lekòl, aprantisaj ak byennèt jeneral.
Men, estatistik yo rakonte sèlman yon pati nan istwa a. Dèyè chak chif gen yon timoun, yon fanmi ak yon istwa siksè. Pase a demontre sa envestisman kominotè dirab ka akonpli. Prezan an montre kijan envestisman sa yo byen anrasinen nan estrikti Konte Miami-Dade. Lavni an ka mezi ki pi enpòtan nan tout: timoun ki an sante, ki pi an sekirite, ki pi byen edike, epi ki pi byen prepare pou inivèsite, karyè, ak lavi.
Pou prèske 25 lane, The Children's Trust transfòme taks pwopriyete lokal an enpak dirab, ede kreye yon kominote ki pi solid pou fanmi jodi a ak jenerasyon kap vini yo. Paske lè nou envesti nan kominote a, tout moun genyen.