Poukisa Konpetans Lidèchip Enpòtan pou Lajenès; ak Jan pou Ede Timoun Nou Devlope Yo

Aprann konpetans lidèchip byen bonè nan lavi ka ede timoun devlope konfyans pèsonèl yo, vin pi entelijan emosyonèlman, epi amelyore lespri kritik. Men kijan ou ka ede nouri konpetans lidèchip lakay.
Konpetans Kominikasyon: Koute e Fè Yo Tande w
Yon konpetans lidèchip esansyèl se pale klèman epi transmèt yon mesaj lòt moun ka konprann byen fasil. Bon lidè bay direksyon oswa fidbak san parèt dominan oswa grosye. Lè yo gen yon opinyon epi konnen ki lè ak kijan pou pale ap itil lè y ap defann tèt yo oswa lòt moun, kit se nan lekòl, pandan yon aktivite ekstraskolè, oswa menm nan yon anviwònman pwofesyonèl nan lavni. Men kèk fason paran ka ankouraje pitit yo komonike ak asirans:
- • Ede devlope senpati ak entèlijans emosyonèl lè w ankouraje entèraksyon byen reflechi ak lòt moun epi mande timoun kijan aksyon oswa pawòl yo ka fè lòt moun santi yo anvan yo itilize yo,
- • Lè w diskite sou diferans ki genyen ant moun, ak kijan sa ka montre reyaksyon diferan anvè bagay, l ap ede timoun gen senpati epi fè sòti sa ki pi bon nan zanmi yo.
- • Paran dwe gen konpasyon ak kiryozite. Timoun yo pral imite konpòtman sa yo andeyò lakay yo.
• Li enpòtan tou pou yo ka tande w, an menm tan fò w konn koute byen tou. Apre tou, bon kominikasyon gen de sans, epi bon lidè toujou ankouraje yon anbyans apwoprye pou diskiste. Paran dwe bay egzanp koute aktivman pou ankouraje timoun sèvi ak konpetans sa yo ak lòt moun, pa egzanp:
- Retire distraksyon tankou telefòn lè w ap pale.
- • Kenbe konsantrasyon w epi koute ak je w menm jan ak zòrèy ou.
- • Konfime konpreyansyon sou sa k ap di a lè w repete pati enpòtan yo epi poze kesyon ki fè sans pou kontinye konvèsasyon an.
Kominike pi byen ak pitit ou a se yon bon fason pou konstwi lyen, konprann youn lòt, epi ede timoun devlope konpetans lidèchip esansyèl.
Travay Ansanm
Lè w se yon bon koekipye se yon konpetans esansyèl nan pifò anviwònman pwofesyonèl. Konnen miyò kalite w ak kijan lòt manm ekip yo ka kontribye ak pa yo, se yon konpetans lidèchip esansyèl tou. Inite fanmi an se youn nan premye ekip yon timoun ap fè pati, se kote pafè pou aprann travay an ekip. Fanmi ka jwe an gwoup tankou bati yon vil ansanm ak pyès Lego, oubyen jwèt sou tab kote moun yo travay an ekip, kolabore pou pwopte kay la ak objektif komen, oubyen jwe espò ansanm nan lakou dèyè a. Non sèlman aktivite sa yo devlope ladrès lidèchip ak travay an ekip, men yo ankouraje tou yon sans patisipasyon kominotè ak sans responsablite, e an menm tan, se yon amizan li ye pou tout moun.
Kijan nou ka ede
Jounal Sikoloji Kominotè a fè yon etid sou rezilta pozitif pou elèv ki te rantre nan yon gwoup kominotè nan yon zòn riral. Etid la konkli patisipan yo te vin gen ladrès lidèchip, pran desizyon, ak relasyon sosyal. Yo devlope anplis yon pi bon konpreyansyon sou pwoblèm nan kominote yo, epi yo te santi yo mwens izole.
The Children's Trust kwè ladrès lidèchip enpòtan pou tout timoun paske l ap prepare yo pou yon avni miyò. Se poutèt sa nou ede finanse yon varyete pwogram ki ankouraje yo. The Children's Trust Youth Advisory Committeeede "fòme lidè demen " lè li bay timoun pouvwa pou devlope ladrès lidèchip ansanm ak elèv lekòl segondè Miami-Dade County ki gen menm lide ak yo. Kounye a, gen anviwon 220 elèv ki patisipe nan sis gwoup atravè konte a, k ap pataje misyon jwenn eksperyans lavi ki gen anpil vale, epi devlope karakteristik esansyèl tankou responsablite, kreyativite, optimis, kouraj, elatriye.
Chak ane The Children's Trust selebre lidè lajenès nan Seremoni Prim Champions for Children. Chak ane, yon elèv ki gen laj lekòl segondè resevwa prim Excellence in Youth Leadership Award pou devouman ak pasyon li pou jwenn solisyon pwoblèm kominote a. Ane sa a, Andrea Cabrera-Elguezabal, yon elèv nan Young Women's Preparatory Academy, genyen onè a pou travay li kòm konseye epi ede timoun lekòl primè aprann ladrès alfabetizasyon. Si w travay ansanm ak pitit ou sou ladrès lidèchip esansyèl sa yo, petèt yon jou l ap yon Chanpyon pou Timoun.