Ou se yon

Summer Youth Internship Program ete a Prepare jèn yo pou Lavi Reyèl

04/20/2026

Parenting Our Children

Summer Youth Internship Program ete a Prepare jèn yo pou Lavi Reyèl

Pandan fanmi nan Konte Miami-Dade kòmanse planifye pou ete a, Pwogram Estaj Lete pou Lajenès (SYIP angle) ap prepare pou akeyi elèv pou 11yèm ane li, kote l ap ede adolesan jwenn eksperyans nan mond reyèl la pandan y ap touche revni ak resevwa kredi akademik.

Depatman Karyè ak Edikasyon Teknik nan Lekòl Piblik Konte Miami-Dade (M-DCPS) jere pwogram senk semèn nan ki konekte elèv lekòl segondè k ap antre nan nivo 10yèm ane pou rive nan 12yèm ane ak estaj peye atravè kominote a. The Children's Trust, Konte Miami-Dade, CareerSource South Florida, Fondasyon Frederick A. DeLuca, Educational Federal Credit Union (EdFed), ak Fondasyon Lekòl Piblik Konte Miami-Dade finanse SYIP ansanm.

Pwogram nan ofri yon jan estriktire pou adolesan pase yon pati nan ete a ap devlope endepandans, konpetans nan travay, e konfyans nan anviwònman pwofesyonèl. Elèv yo konplete apeprè 150 èdtan travay epi resevwa kredi lekòl. Kèk patisipan kalifye pou kredi univèsitè pou doub enskripsyon akademik si yo enskri nan inivèsite ansanm ak lekòl segondè

Pwogram nan kontinye ap agrandi. Pandan pwogram nan t ap selebre 10yèm anivèsè li and 2025, te gen yon rekò 3,661 elèv ki soti nan 92 lekòl segondè ki te patisipe, ak travay plis pase demi milyon èdtan nan 924 konpayi ak òganizasyon nan Konte Miami-Dade lan. Te gen ladan elèv ki soti nan 29 lekòl segondè prive. Se sa ki montre kijan pwogram nan ap agrandi. Pandan dis dènye ane yo, plis pase 18,500 elèv te patisipe, e anpil ladan yo te retounen pou plizyè ete.

Lidè SYIP yo di enpak pwogram nan ale pi lwen pase eksperyans travay. Anvan estaj yo kòmanse, elèv yo aplike pou pozisyon, prepare rezime, konplete entèvyou, epi aprann sa travay la mande. Pwofesè yo kontwole pwogrè elèv yo pandan tout ete a, pou ede asire siksè pwofesyonèl ak akademik. Patisipan yo resevwa peman atravè depo dirèk nan yon kont epay yo ouvri nan EdFed, ki pèmèt yo gen konpetans debaz jesyon finansyè.

Entansyon pwogram nan se pou w gen aksè a li. Anviwon 60 pousan nan patisipan kalifye pou manje midi gratis oswa a pri redwi. Elèv ki andikape ak jèn ki konekte ak Depatman Sèvis Jivenil Konte Miami-Dade resevwa sipò adisyonèl pou patisipe. Òganizatè yo di apwòch enklizif sa a ede asire opòtinite eksplorasyon karyè pou elèv ki ta ka otreman manke aksè. Ansyen patisipan yo souvan di eksperyans lan transfòmatif.

Patisipan anvan yo dekri eksperyans lan kòm transfòmatè

Yon elèv ki te fè estaj ak yon òganizasyon sèvis lajenès lokal dekouvri yon pasyon pou sèvis piblik apre li fin aprann kijan pwogram san bi likratif vreman fonksyone.

Yon lòt elèv ki enterese nan pwodiksyon televizyon te jwenn eksperyans pratik nan travay ak ekip kominikasyon yon ajans sekirite piblik kote li ede pwodui videyo, fè jesyon rezo sosyo, epi resevwa konsey nan men yon pwofesyonèl difizyon ki gen eksperyans. Dapre lidè pwogram yo, eksperyans tankou sa yo ede elèv konekte aprantisaj teyorik ak karyè pwofesyonèl nan lavni.

Anplwayè yo benefisye tou lè yo konseye jèn yo pandan y ap prezante yo domèn karyè potansyèl yo. Rezilta sondaj ete pase montre gwo pousantaj satisfaksyon pami elèv, anplwayè ak pwofesè, sa ki souliye valè pwogram nan pou fanmi ak kominote a.

Ak sipò patenarya piblik-prive, SYIP kontinye agrandi opòtinite pou lajenès Miami-Dade. Lidè pwogram yo di objektif alontèm yo se asire elèv yo gradye lekòl segondè ak fòmasyon akademik solid, konpetans pratik nan travay e yon sans direksyon ki pi klè.

Pou paran k ap chèche ede adolesan byen itilize mwa ete yo, SYIP ofri yon bagay byen enpòtan: premye pa nan mond pwofesyonèl nan yon anviwònman sipòtif ak sipèvize. Pandan pwogram nan ap antre nan dezyèm deseni, li kontinye demontre kijan eksperyans travay bonè ka ranfòse konfyans elèv yo, enterè pwofesyonèl ak favorize siksè nan lavni.

Pou plis enfòmasyon oubyen pou pitit ou a enskri nan SYIP, vizite Miami.GetmyInterns.org

Summer Youth Internship Program ete a Prepare jèn yo pou Lavi Reyèl | The Children's Trust