
Koup Di Mond FIFA 2026 ap rive nan mwens pase de mwa epi entousyas ki antoure evènman an anvayi eta a, peyi a ak lemonn antye. Ak sèt match k ap jwe nan Konte Miami-Dade, kominote foutbòl la pare pou selebre. Malgre selebrasyon an te kòmanse de zan de sa anpil timoun pa t janm gen chans pou jwi tout plezi yo, travay ann ekip, ak devlope konpetans foutbòl.
Yo kreye an 2024, Inisyativ Foutbòl Miami-Dade pou ogmante aksè pou timoun ak lajnès nan konte a ki pa ta nòmalman kapab jwe. Malgre foutbòl se espò ki pi popilè nan peyi a pou lajnès. toujou gen inegalite pèsistan a aksè a jwèt òganize, espesyalman nan katye ki gen ti revni. Se la Inisyativ Foutbòl Miami-Dade la antre an jwèt.
Koneksyon kiltirèl pwofon Konte Miami-Dade genyen ak foutbòl ede alimante pwogrè rapid inisyativ la. Soti nan katye kote espò a rekonèt kòm futbol, futebol, Calcio, oswa tou senpleman foutbòl, plizyè jenerasyon fanmi adopte jwèt la kòm lwazi ak idantite. Lidè kominotè yo di inisyativ la gen objektif asire pasyon an tradui an opòtinite pou timoun nan tout konte a, kèlkeswa revni oswa kote yo ye.
Inisyativ la baze sou yon patenarya ant Konte Miami-Dade, The Children's Trust, Fondasyon Soccer Etazini, Griffin Catalyst, Lekòl Piblik Konte Miami-Dade, ak Komite Òganizatè Koup Mondyal Miami 2026 la. Ansanm, òganizasyon yo ap travay pou konstwi 50 mini teren foutbòl atravè konte a anvan Koup Mondyal la rive, pifò ladan yo sitiye nan kominote ki pa jwenn ase sèvis. Teren yo gen rapò ak pwogram gratis, tankou "Soccer for Success" US Soccer Fondasyon ak lig lokal la Just Ball League, ki fèt pou ankouraje aktivite fizik, travay ann ekip, ak devlopman lidèchip.
The Children's Trust, ki asosye ak Fondasyon Soccer Etazini depi 2018, jwe yon wòl santral nan finansman pwogramasyon epi ede idantifye kominote ki gen plis bezwen. Responsab Trust yo di foutbòl bay plis pase fè egzèsis, li ede jèn yo devlope konfyans, amitye, ak rezistans emosyonèl, an menm tan bay yon anviwònman an sirte ak estriktire apre lekòl.
Pita nan mwa sa a yon gwo etap pral ilumine efò sa a lè lidè kominotè yo pral reyini nan Oak Grove Elementary School pou selebre adisyon 25 nouvo mini teren foutbòl nan lekòl tout konte a. Evènman fevriye a espere gen an atandans Majistra Miami-Dade Daniella Levine Cava, Sipèentandan Lekòl Jose Dotres, reprezantan Griffin Catalyst ak U.S. Soccer Foundation, Prezidan ak Direktè Jeneral The Children's Trust James Haj, ak manm Komite Òganizatè Koup Mondyal Miami. Elèv yo pral patisipe nan yon seremoni lansman pou mete aksan sou kijan inisyativ la ap grandi.
Òganizatè yo di modèl mini teren an pwouve efikasite l paske li transfòme ti espas nan lekòl ak nan pak an yon kote ki an sekirite e aksesib pou jwe. Lè yo mete teren yo dirèkteman nan katye yo, li redwi ou elimine pri ak mank aksè a transpò ki souvan anpeche patisipasyon.
Vizyon alontèm nan ale pi lwen pase Koup Mondyal la. Depi kounye an rive a 2030, patnè yo espere Inisyativ Koup Mondyal Miami-Dade la pral gen yon enpak pozitif sou byennèt fizik, sosyal ak emosyonèl pou plis pase 36,000 timoun. Lidè kominotè yo wè envestisman an kòm yon pati nan eritaj dirab Koup Mondyal lan nan Sid Florid, e wap wè wezi li non sèlman nan match entènasyonal nan estad Miami-Dade la, men tou nan lavi chak jou timoun k ap choute boul sou teren katye yo.
Pandan kontaj pou mwa Jen an ap kontinye, inisyativ la montre kijan lanmou Miami-Dade pou espò ki pi popilè nan mond lan ap transfòme an yon bagay dirab. Se yon òptinite pou plizyè milye jèn rezidan fè eksperyans lajwa jwèt la ak leson lavi li pote.