Ou se yon

Preparasyon pou Inivèsite: Ane Sa a Kisa Ki Nouvo Nan Admisyon Inivèsitè

10/08/2026

Parenting Our Children

Yon adolesan ap gade lèt akseptasyon nan inivèsite. Fizkes/stock.adobe.comPreparasyon pou Inivèsite: Ane Sa a Kisa Ki Nouvo Nan Admisyon Inivèsitè

The Children's Trust fyè dèske li sipòte paran Miami-Dade depi lè yon timoun fèt, pandan tout anfans ak adolesans, rive jis nan pwochen chapit nan lavi yo. Pou anpil moun, premye fraz nan pwochen chapit sa a se yon aplikasyon Inivèsitè ki reyisi. Dapre Clearinghouse Enrollment Insights, " Gen 18.6 milyon elèv ki enskri nan inivèsite nan prentan 2026," ki reprezante yon ogmantasyon de 192,000 elèv parapò ak prentan 2025.

Pa gen okenn etap nan anfans The Trust neglije, depi aprantisaj ak alfabetizasyon bonè rive nan devlopman lajenès ak preparasyon pou karyè, sipò fanmi ak paran ki ede estabilize elèv yo byen lontan anvan yo menm rive nan yon inivèsite, oswa kòmanse premye travay yo.

Rezilta yo pale pou tèt yo. Depi votè Miami-Dade apwouve ak yon gwo majorite etablisman The Children's Trust ki resevwa finansman atravè yon taks ad-valorem (swivan valè) pwopriyete an 2002, gradyasyon nan Konte Miami-Dade kontinye ogmante, rive nan yon to rekò 93.1% an 2025,” dapre Madeline Pumariega, Prezidan Miami Dade College, nan atik li sou Florida Politics ki konsantre sou fason The Children's Trust of Miami-Dade ede elèv prepare pou inivèsite ak karyè. Pumariega note plis elèv Miami-Dade ap gradye nan lekòl segondè pase tout tan. Sa ogmante demann pou plas nan edikasyon siperyè ak nesesite pou paran pi byen konprann kondisyon yo pou ede pitit yo rive la.

Chanjman nan Admisyon inivèsite Ane Sa a

Rete okouran sou chanjman admisyon nan inivèsite ka parèt tankou yon travay aplentan. Men yon explikasyon sou fason admisyon nan inivèsite ap chanje ane sa a, ak sa ou pral bezwen fè yon lòt jan.

Tès estandarize tounen (nan lekòl elit yo). Elèv ki pral aplike nan youn nan uit lekòl Ivy League an Out 2027 ap bezwen prepare pou tès estandarize ankò apre anpil inivèsite chwazi pou fè tès yo opsyonèl pandan COVID la. Selon yon etid ki rele The ACT Predicts Academic Performance—But Why? anpil faktè endike siksè akademik, tankou karakteristik pèsonalite ak preparasyon pou inivèsite; sepandan, evidans melanje ki sipòte tès estandarize pat anpeche inivèsite yo deside retabli li. Asire ou tcheke chwa inivèsite pitit ou pou wè si admisyon mande tès estandarize.

● Evalyasyon konplè sou moun toujou esansyèl. Malgre yon retou nan tès estandarize nan kèk etablisman, prezantasyon tout istwa pitit ou enpòtan menm jan ak tout tan. Inivèsite yo vle konnen enterè yon elèv potansyèl pi lwen pase salklas la, soti nan patisipasyon ekstraskolè rive nan konpetans lidèchip ak motivasyon pou plis etid. Pou èd ak konsèy sou redaksyon inivèsitè, tcheke òganizasyon tankou College Essay Guy.

● Konsantre sou aksè . Anpil kolèj ap eseye retire baryè aplikasyon pou elèv k ap aplike pou èd finansyè. Fòm Aplikasyon Gratui pou Èd Federal pou Elèv (FAFSA) a te mete ajou epi senplifye. Children's Trust konekte fanmi yo ak pwogram tankou Youth Empowerment League , yon òganizasyon san bi likratif ki bay elèv yo planifikasyon edikasyon post-segondè, kwasans pèsonèl, bous detid, inisyativ lidèchip kominotè, ak plis ankò.

Itilizasyon Responsab IA. Elèv ap vin ekspè nan itilizasyon IA, men inivèsite yo prefere tande vwa inik aplikan yo olye de kontni ki pwodui pa IA. Jan nou diskite nan atik nou an, Tounen Lekòl Nan Epòk IA, elèv dwe limite itilizasyon IA a yon maksimòm 30% pou pwojè aplikasyon inivèsite. Sa pral kite majorite kreyativite ak rechèch pou yo

Dènye Refleksyon sou Preparasyon pou Inivèsite

Pi bon konsèy paran k ap ede timoun ekri pwochen chapit lavi yo se kòmanse bonè. Prepare pou egzamen yo epi bati yon pòtfolyo aktivite ekstraskolè, redaksyon, ak plis ankò. Sa ka ede anpeche estrès rive jis anvan dat limit aplikasyon yo.

The Children's Trust ede finanse ak sipòte pwogram tankou Breakthrough Miami, yon modèl inik "elèv- kap anseye-elèv" ki kreye yon kominote elèv 5yèm-12yèm ane ki tradisyonèlman pa reprezante ase, epi apiye siksè yo nan lekòl siperyè. Paran kapab jwenn aksè tou a yon lis konplè pwogram preparasyon pou inivèsite ak plis ankò, lè yo sèvi ak zouti rechèch pwogram nou.