
Timoun yo retounen lekòl. Sikilasyon ap vin pi mal, sant komèsyal yo plen moun epi kalandriye a ap ranpli. Sa vle di yon sèl bagay: Vakans yo prèske rive.
Fanmi yo ka detann epi kite sezon an anvayi yo, ak menm melanj eksitasyon, lajwa ak estrès abityèl la. Oswa yo ka adopte yon apwòch lejèman diferan, pi aktif pou yo jwi l ak fè eksperyans ansanm ak pitit yo.
Pi bon pati a? Fè vakans yo memorab pa vle di depanse anpil lajan. Men uit fason fanmi ka pi pwofite nan sezon vakans 2026 la.
1. Fè eksperyans laperès, gratis
Halloween se yon eskiz natirèl pou w depanse lajan nan kostim ak amizman familyal san w pa depanse anpil kòb. Yon opsyon gratis se Spooky Symphony, patwone pa The Children's Trust, k ap retounen Vandredi 23 oktòb nan Dennis C. Moss Cultural Arts Center.
Festivite yo pral kòmanse a 6è diswa, epi apre sa, pèfòmans yo ap fèt a 7è e 8è30 diswa. Alhambra Orchestra ak Greater Miami Youth Symphony pral prezante seleksyon klasik sinis akonpaye ak pwojeksyon sou gwo ekran. Nou ankouraje moun degize yo, epi antre a gratis, byenke ap gen lòd premye moun ki rive, selon dispinobilite.
2. Diminye manje bonbon
Sirèt Halloween pa oblije tounen yon goumandiz sik pandan tout yon mwa. Konsidere yon pwogram echanj sirèt, kote timoun ka chanje sirèt anplis pou jwèt, lajan oswa bwòs dan, nan local tankou biwo dantis oswa lòt espas kominotè.
Oubyen entwodui “Switch Witch” (Sòsyè Echanj) ou ka di timoun se matant Fe Dan ki vin vizite lannwit pou chanje kèk nan sirèt yo pou yon ti kado. Timoun yo kapab bay yon pati nan rezèv yo tou, pou fè Halloween tounen yon opòtinite pou pale de jenewozite.
3. Chanje boure manje ak rann sèvis
Ane sa a, Jou Nasyonal Adopsyon se samdi 21 Novanm, Lap fè pati yon efò nasyonal pou ogmante konsyantizasyon sou timoun k ap tann fanmi pèmanan.
Fè volontarya an fanmi, fè don nan yon koleksyon manje oswa fè timoun yo ekri nòt remèsiman pou pwofesè, fanmi ak lòt moun enpòtan. Yon lòt lide senp: Fè yo ekri twa bagay yo rekonesan chak jou pandan vakans Aksyon de Gras la.
4. Selebre adopsyon
Ane sa a, Jou Nasyonal Adopsyon se samdi 21 Novanm, Lap fè pati yon efò nasyonal pou ogmante konsyantizasyon sou timoun k ap tann fanmi pèmanan.
Fanmi yo ka chèche evènman lokal k ap selebre adopsyon, oswa jwenn fason pou ede timoun ki nan kay fanmi akeyan ak fanmi adoptif atravè volontarya oswa don. Li ka yon chans tou pou anseye timoun fanmi ka egziste nan plizyè fòm diferan.
5. Fè yon don kòm kado
Kit fanmi w ap fete Nwèl, Hanouka oswa Kwanzaa, fè timoun yo patisipe nan don a, pa sèlman resevwa. Kite yo chwazi yon jwèt pou bay, kontribye nan yon koleksyon manje oswa jwèt, kwit yon bagay pou yon vwazen oswa konsève monnen anplis nan yon "bokal kado" familyal.
Ou ka menm diminye kantite kado yo epi kite timoun yo ede deside ki kote kèk nan rezèv la dwe ale. Objektif la se pa elimine kado, se ede timoun dekouvri ke lè w bay ka emosyonan menm jan ak resevwa.
6. Eksplore tradisyon lòt moun
Sèvi ak jou ferye yo pou montre timoun fason lòt kilti ak fanmi selebre. Pale ak yon moun ki obsève yon fèt tradisyonèl diferan, li yon liv sou yon lòt kilti oswa fè yon atizana ki gen rapò ak yon selebrasyon fanmi w pa nòmalman obsève.
Leson an senp: Pa gen yon sèl fason pou selebre jou ferye, epi aprann kouman lòt moun ye ka ede timoun vin pi kirye ak gen konpasyon.
7. Fè rezolisyon Nouvèl Ane adapte ak timoun
Olye pou enpoze rezolisyon sou timoun, kite yo chwazi objektif ki enterese yo anpil. Mande yo ki pastan yo ta renmen amelyore, ki sijè yo vle aprann plis oswa ki aktivite yo ta renmen eseye.
Kenbe objektif yo reyalis ak pozitif, epi konsidere kreye yon tablo rezolisyon familyal kote tout moun ka swiv pwogrè yo. Sa fè Nouvèl Ane a yon bagay tout fanmi an patisipe ladan l olye de yon bagay granmoun ap bay timoun leson moral.
8. Transfòme yon rezolisyon an yon nouvo enterè
Finalman, bay timoun yon fason pou yo swiv li. Si yon timoun deside li vle aprann yon enstriman mizik, jwe yon espò, desine, kode, oswa eksplore syans, chèche yon pwogram apre lekòl oswa ete ki abòdab ki koresponn ak enterè li.
Pou timoun pi piti yo, lekti kapab solisyon an. The Children's Trust Book Club bay timoun Miami-Dade depi nesans jiska laj 5 an yon liv gratis ansanm ak aktivite e gid pou paran chak mwa. Yo resevwa yo lakay yo pa lapòs.
Jou ferye pa bezwen mezire pa kantite bagay ki fini anba pyebwa. Pafwa, pi bon souvni soti nan sa fanmi fè ansanm ak sa timoun aprann bay, apresye, epi pote ak yo nan nouvo ane a.