
Kan ete bay timoun eksperyans yo pap janm bliye ansanm ak nouvo moun yap rakontre. Men, èske w janm panse sou enpak dirab sa ap genyen sou lavni timoun nou?
Dapre yon etid Frontiers in Psychology pibliye an 2024 sou enpak eksperyans kan yo, "kan ete non sèlman ankouraje aktivite fizik epi bay plezi, men tou ede lajenès devlope konpetans pratik ak sosyo-emosyonèl."
Men senk fason prensipal kan ete anseye konpetans esansyèl ak prepare lajenès pou yon avni miyò.
Kominikasyon
Kan ete a se okazyon pafè pou patisipan yo pran yon poz ak etid yo epi pran plezi ak nouvo moun. San distraksyon teknolojik, ale nan kan ankouraje patisipan yo amelyore konpetans kominikasyon esansyèl kap ede yo pita nan lavi reyèl. Anviwònman varye sa yo ofri opòtinite pou koute diferan pèspektiv, vin gen plis konfyans, epi aprann kominike panse yo.
Endepandans
Pou anpil timoun nan kan, mank sipèvizyon akademik ansanm ak paran ofri yon chans pou chwazi yon chemen epi konsantre sou aktivite ki enterese yo. Depi lè ou depoze yo, patisipan yo responsab sa y ap fè, zafè pèsonèl yo, ak fason yo jere nouvo dinamik sosyal. Aprann endepandans byen bonè prepare timoun pou yon avni andeyò lakay.
Travay ann ekip
Timoun pa fèt ak abilite fonksyone an ekip. Se yon konpetans ki devlope ak tan atravè pratik e ki enpòtan pou fòje bon relasyon epi reyalize siksè pwofesyonèl pita nan lavi. Kan ete ka etabli baz pou fonsyone an ekip pou tout lavi lè yo anseye timoun yo anpati, kijan pou rezoud konfli pou rive nan yon objektif komen, ak sans responsablite nan kontèks ekip.
Rezoud pwoblèm
Timoun yo pase anpil tan jwenn moun solisyone pwoblèm lavi yo, tankou kijan y ap rive lekòl jiska nan sa yo pral manje pou dine. Epi, ak ogmantasyon teknoloji a, konpetans pou rezoud pwoblèm ap vin pi mal pou granmoun tou. Aprann konpetans pou rezoud pwoblèm nan kan ete, lwen ekran, se yon bon fason pou timoun diferansye de foul la. Konpetans sa yo soti nan aktivite kan tankou konstwi objè inik ak resous yo bay yo, jwe jwèt estratejik, ak kreye pwòp istwa yo pou pèfòme ansanm sou sèn.
Kòmansman yon bagay pi gwo
Èske pitit ou te toujou konn pèfòmè, men li pa janm gen opòtinite pou monte sou estrad yon vrè teyat? Gen yon kan pou sa. E timoun ki renmen kou syans epi ki pa janm vle l fini? Gen yon kan pou sa tou. E timoun ki toujou ap chèche "gwoup moun tankou l," men ki pa jwenn li lekòl la? Oke, gen yon kan pou sa tou.
Kan ete ka kòmansman yon bagay enkwayab ki ka vin tounen yon karyè nan lavni oswa yon pastan ki ka dire tout lavi. Pa gen okenn fason pou fè prediksyon sou sa yo ka aprann lè lekòl lage pou ete a, epi pòt kan yo louvri.
Enskri pou siksè nan kan ete a
The Children's Trust finanse plizyè santèn pwogram ete ki varye ant mizik ak mantora avèk Guitars Over Guns ak eksperyans sou sèn nan Broadway Bites Summer Camp rive nan pwogram STEAM avèk Excel Kids Academy ak plis ankò. Chak ane, nou nominen yon pwogram ke nou panse ki ale pi lwen pase sa ki nesesè pou timoun yo pandan Champions for Children Awards nou yo. Pwogram ane sa a se Little SEALS. Sant Entèvansyon Linda Ray nan Inivèsite Miami òganize pwogram enkwayab sa a ki bay entèvansyon bonè santre sou fanmi an pou timoun ki gen reta devlopman epi ki bay moun kap bay swen yo pouvwa atravè sipò siblé.
Chak timoun diferan, epi nou konnen li enpòtan pou jwenn yon bon kan pou enterè inik yo. Kote pou kòmanse chèche kan lete pafè pou ete sa a, itilize zouti sa a Jwenn yon Pwogram.