
Sezon pèfòmans atizay an sèn pou konpayi teyat anjeneral dire sèlman depi otòn rive nan prentan. Pou lajenès nan Konte Miami-Dade, nouvo ane a pral pote anpil opòtinite pou montre talan yo epi devlope yo nèt ale. Nou selebre nan mwa mas Teyat ak Mizik nan Lekòl Nou yo. Sa bay lajenès tan pou prepare pou odisyon mwa avril ki se sezon Sweet 16 Young Talent Big Dreams. Se pi gwo konpetisyon talan gratis pou lajenès Miami-Dade The Children's Trust pral prezante ankò.
Pandan 16 lane, Young Talent Big Dreams sevi kòm platfòm lansman pou plizyè milye timoun ak adolesan. Li ouvè pou lajenès Miami-Dade ant laj 8-18 lane. Konpetisyon an akeyi atis mizik vokal, dans, Lapawòl, enstriman mizik, ak konpozisyon orijinal. Anpil nan ansyen konpetitè yo pèfòme sou sèn nasyonal, tankou The Voice sou NBC, America's Got Talent, ak Broadway.
Ane sa a, odisyon ap kòmanse nan kòmansman avril jiska 19 avril. Demi-final yo fikse pou 2-3 me, e dènye prezantasyon yo ap fèt 9 me. Tout bagay pral dewoule nan Miracle Theater nan Coral Gables. Patisipasyon an konplètman gratis, e enskripsyon ap kòmanse an fevriye epi atis ki pre-enskri ap resevwa priyorite odisyone. Ganyan yo ka touche pri an lajan kach, bous detid, ak opòtinite pèfòmans, men òganizatè yo di vrè valè pwogram lan vreman pi enpontan.
James R. Haj, Prezidan ak Direktè Jeneral The Children's Trust di "The Children's Trust fyè pou l jwe yon wòl nan pakou jèn talan Konte Miami-Dade yo." "Kèlkeswa rezilta sezon sa a, pi gwo viktwa a se devouman kominote nou pou nouri talan lokal yo ak kreye opòtinite enpòtan pou yo briye."
Yon angajman pou aksede atizay
Anplis espètak nan Miracle Theatre, The Children's Trust sipòte pwogram atizay atravè konte a gras a yon patenarya ki kòmanse depi lontan ak Depatman Afè Kiltirèl Konte Miami-Dade. Depi 2006, kolaborasyon an ede elaji aksè a kou devlopman atistik, kan atizay ak syans nan lete. Inisyativ All Kids Included asire timoun tout kapasite ka patisipe nan atizay.
Ane pase, patenarya a ede finanse 62 òganizasyon san bi likratif ak 13 pwojè espesyal. Plis pase 32,000 timoun patisipe nan plizyè milye kan entansif ak pwogram atistik nan kominote a. Evalyasyon yo montre ant 91 ak 99% amelyorasyon konpetans atistik, konpetans syans, ak relasyon ant kanmarad.
Yon nouvo estrad pou atis lekòl segondè
Sipò The Trust pou pèfòmans atizay sou sèn ede deklanche tou yon nouvo pwogram nan tout konte a: Arsht High School Musical Theater Awards (Prim Arsht Teyat Mizikal Lekòl Segondè,) ke yo rele tou The Arshties. Gras a yon sibvansyon Fon Inovasyon The Children's Trust, Sant Adrienne Arsht devlope premye pwogram prim rejyonal Miami-Dade ki konekte nan New York ak prim nasyonal Jimmy Awards.
Kounye a, pwofesyonèl teyat evalye mizikal lekòl segondè, e elèv yo jwenn aksè a kou pwofesyonèl Broadway, atelye, epi yon dènye prezantasyon nan Knight Concert Hall. De atis remakab pral reprezante Miami-Dade nan Jimmy Awards, ki pral ofri talan lokal yo yon chemen pou jwenn rekonesans nasyonal.
Jairo Ontiveros, direktè edikasyon Arsht Center di "Sa a pa sèlman pou prim," "se pou bay elèv zouti, sipò ak enspirasyon yo bezwen pou devlope kòm atis."
Pandan Miami-Dade ap selebre atizay nan mwa mas sa a, pwogram tankou Young Talent Big Dreams ak The Arshties montre jan pèfòmans atizay reveye imajinasyon lajenès, epi jan The Children's Trust ap pwomouvwa opòtinite ki ede timoun devlope sou sèn ak pi lwen.