
Yon rapò resan ki soti nan Akademi Nasyonal Syans konfime sa anpil paran ak edikatè deja konnen: pwogram aprè lekòl jwe yon wòl vital nan lavi timoun ak adolesan. Pandan rapò a dokimante kijan pwogram aprè lekòl bay yon "kote ki reponn a devlopman sosyal emosyonèl timoun piti ak lajenès, amelyore motivasyon akademik epi ogmante prezans lekòl, ak ankouraje siksè edikasyonèl alontèm," li montre tou mank aksè ak patisipasyon nan pwogran sa yo pou anpil timoun nan peyi a.
Nan lane 2020 sèlman, prèske 25 milyon timoun Ozetazini te vle patisipe nan pwogram aprè lekòl, men se sèlman yon fraksyon ki te kapab akòz pri ak transpò. Onz milyon timoun ki gen ti mwayen pa t kapab patisipe, sa ki souliye nesesite pou plis envestisman pou konble diferans sa a.
Erezman, nan Konte Miami-Dade, The Children's Trust etabli priyorite elaji aksè a swen aprè lekòl espesyalman pou fanmi ki ta ka otreman rete deyò. The Children’s Trust konsakre prèske 40 pousan nan bidjè anyèl li, anviwon $83 milyon dola pou devlopman lajenès ak pwogram apre lekòl e pwogram ete.
Patisipasyon nan pwogram sa yo gen benefis mezirab. Elèv yo montre ogmantasyon nan prezans lekòl, pèfòmans akademik, pi bon règleman emosyonèl, ak plis konfyans idantite sosyal. Pou jèn ki pi gran, tan apre lekòl anba sipèvizyon ka ede diminye konpòtman riske epi ofri espas pou diskite ak reflechi sou evènman aktyèl ak defi lavi.
Paran yo benefisye tou. Selon yon sondaj resan ki te fèt sou fanmi ki gen timoun ki patisipe nan pwogram apre lekòl 2023-2024 ak kan ete 2024, 99 pousan te dakò ou te dakò nèt ke pwogram yo te asire sekirite pitit yo epi te pèmèt yo al travay ou al lekòl.
Gras a yon nouvo ronn finansman,The Children’s Trust te ogmante pwogram apre lekòl li yo. Ogmantasyon finansman an rive nan 19 milyon dola. Poutèt sa kantite pwogram li finanse ogmante, de 94 pou rive a 143, epi kantite lokal sèvis yo soti nan 220 pou rive nan 343. Kantite timoun ki resevwa sèvis ogmante prèske a 31,000. Ogmantasyon an plis pase 34 pousan an konparezon ak ane anvan an. Plis pase de tyè nan moun ki resevwa sèvis se elèv lekòl primè.
Depi lontan The Children's Trust te bay enklizyon yon pi gwo priyorite nan pwogram apre lekòl li yo. Li egjize omwen 15 pousan nan patisipan pwogram yo se timoun oswa jèn ki andikape. Nan 2023-2024, chif la rive a 20 pousan nan pwogram apre lekòl. Rezilta yo pale pou tèt yo. Selon done sondaj la, 99 pousan nan timoun sa yo te santi yo enkli ak aktivman resevwa sipò anplwaye yo pou patisipe nèt ale.
Devlopman pwogram apre lekòl divès ak dinamik tou. Yo ofri elèv yo opòtinite yo ka pa genyen lòt kote. Opsyon apre lekòl yo varye soti nan lekti ak kondisyon fizik rive nan atizay vizyèl, robotik, antreprenarya, e menm preparasyon pou kolèj ak karyè. Pwogram yo fèt pa sèlman pou ranpli tan, men pou anrichi lavi.
Ak tout opsyon sa yo pou pwogram apre lekòl ak bezwen ak enterè espesifik chak fanmi ki tèlman diferan, li ka difisil pou fanmi k ap chèche enskri nan pwogram apre lekòl. Erezman, yo ka eksplore opsyon yo atravè paj Find A Program (Jwenn yon pwogram) sou sit entènèt The Children's Trust la.
Tcheke TheChildrensTrust.org/FindAProgram, klike sou " Find Programs," epi tcheke kategori " After-School " la pou wè opòtinite ki disponib toupre w.Ak pwogram kalite siperyè, ki pa koute chè oswa ki gratis ak disponib nan tout konte Miami-Dade, The Children's Trust ansanm ak konte a ap louvri chemen pou montre sa ki posib lè timoun, fanmi ak kominote jwenn sipò apre klòch lekòl la sonnen.