
Pandan moman ekonomik difisil yo, atizay anjeneral se youn nan premye kote ki pèdi finansman ak sipò. Yon etid pèspektiv sosyal 2023 deklare, "Kou atizay patikilyèman an risk eliminanyon, espesyalman nan lekòl ki sèvi jèn ki nan nivo sosyoekonomik ba. Sepandan, prèv sijere kou atizay se yon benefis pou anpil rezilta positif edikasyonèl." The Children's Trust konprann enpòtans atizay pou tout timoun, se poutèt sa mizik se youn nan anpil eksperyans atizay ak kiltirèl li finanse ak sipòte pou anrichi lavi timoun nan tout Konte Miami-Dade. Malerezman, li pa toujou posib pou patisipe nan yon pwogram apre lekòl oswa pandan ete. Kidonk, men kèk fason senp pou ede pitit ou devlope kreyativite, amelyore kapasite kominikasyon, e menm stimile fleksibilite serebral lè w jwe mizik ansanm lakay ou menm si nou pa janm jwe yon enstriman.
Fè enstriman lakay ou
Enstriman mizik ka chè, epi ou ka pa konnen kilès ki bon pou ou anvan ou depanse lajan w. Lè w fèk kòmanse, li bon pou w envante enstriman pa w ak objè nan kay la pou ede kreye ekspresyon ak devlopman. Kreye yon senp tanbou lè w vire chodyè ak kaswòl tètanba (itilize sa ki an plastik pou fè mwens bri) epi sèvi ak bagèt chinwa olye de bagèt tanbou, pou fè eksperyans frape diferan pati chak nan yo. Pou kreye yon maraka, fèmen yon bò yon woulo papye sèvyèt, ranpli mwatye l ak diri, epi fèmen lòt bout la, epi kòmanse souke l. Si w anvi yon enstriman ak kòd, transfòme yon bwat mouchwa an fòm yon gita, detire ak mare bann elastik diferan longè tout otou bwat la, kòmanse pike kòd yo pou remake diferan ton yo. Oubyen, koupe chalumo plastik epè nan diferan longè, kole yo ansanm ak tep pou kreye yon flit enpwovize, epi koute diferan ton ki soti nan chak.
Fè mizik la tounen yon jwèt
Dapre yon revizyon sistematik an 2021, "itilizasyon mizik nan edikasyon timoun ki gen ant 3 a 12 lane ka gen yon efè pozitif sou devlopman emosyonèl yo. Nou dekouvri ke li ka kontribye nan devlopman entèlijans emosyonèl, espesyalman anrapò ak pèsepsyon, ekspresyon ak regilasyon emosyonèl."
Itilizasyon enstriman ki fèt lakay ankouraje kreyativite, e lè w adapte mizik ak jwèt senp sa pèmèt pitit ou konsantre. Poze kesyon sou son yo, tankou "Ki difrerans son yon bwòs penti olye de yon bagèt pral fè sou chodyè sa a?" oswa "Ki tanbou ki pi fò?" Jwe estati mizikal lè w fè chak moun jwe yon enstriman youn apre lòt, epi fè lòt manm fanmi yo danse an menm tan. Lè mizisyen an sispann jwe, tout lòt moun dwe rete an plas.
Ou pa menm bezwen enstriman pou fè mizik ansanm. Chita an sèk ak fanmi ou, epi kòmanse yon rit ak men ou lè w ap bat bravo oswa klike dwèt ou. Moun kap vini an nan sèk la ap swiv menm rit la. Ajoute yon son anplis chak fwa ou fè wonn sèk la pou fè l pi konplèks. Apre sa, eseye l ankò ak enstriman ou te fè lakay ou si ou genyen.
Plis mizik nan Miami-Dade
Dapre yon etid an 2022, "Edikasyon mizikal gen yon enpak pozitif siyifikatif sou byennèt sikolojik ki amelyore pèfòmans akademik elèv." The Children's Trust fyè dèske li finanse pwogram mizik enteresan nan Konte Miami-Dade, tankou kan mizik ak pwogram apre lekòl Miami Music Project, Inc. ofri. Nou sipòte tou Young Musicians Unite, Inc., ki kwè menm jan ak nou, chak timoun merite aksè a edikasyon mizikal kèlkeswa orijin sosyo-ekonomik yo. Yap travay avèk lekòl yo pou bay edikasyon mizikal gratis.