Ou se yon

Kijan The Children's Trust Ede Fanmi k ap Elve Timoun Andikape

01/16/2026

Parenting Our Children

Kijan The Children's Trust Ede Fanmi k ap Elve Timoun Andikape

Elve timoun pa janm fasil, men fanmi ki gen timoun ki andikape fè fas ak plis defi ki ka mennen estrès, enkyetid ak izolasyon. The Children's Trust vle tout paran konnen yo pa poukont yo, epi objektif li se "ankouraje enpòtans" chak timoun. Men sa w bezwen konnen sou pwogram pou fanmi k ap elve timoun ki andikape.

Poukisa Deteksyon ak Entèvansyon Bonè Enpòtan

Deteksyon ak entèvansyon bonè enpòtan anpil pou ede timoun piti swiv pi bon trajektwa devlopman yo epi acheve tout potansyèl yo. Gen resous ki disponib, tankou CDC's Developmental Milestones yo, pou ede w detèmine si pitit ou ap akonpli etap devlopman yo. Men, tout paran konnen, chak timoun diferan. Li ka difisil pou remake sentòm nan sèten reta devlopman, oswa diferans nan fason sentòm yo parèt de yon timoun a yon lòt. Genyen tou yon mank fòmasyon piblik disponib pou ede idantifye reta devlopman yo.

Sondaj Nasyonal sou Sante Timoun estime prèske 19% timoun nan Florid ki poko gen 5 an, oswa anviwon 28,000 nan Miami-Dade, gen bezwen swen sante espesyal. Yon sondaj University of Miami sou sa, sijere chif sa yo ka pi pre 25%. The Children's Trust finanse pwogram ki konsantre sou egzaminasyon devlopman, idantifikasyon ak entèvansyon bonè pou sipòte fanmi sa yo.

Thrive by 5 se yon inisyativ The Children's Trust finanse ki konsantre sou senk premye ane nan lavi yon timoun. Pandan peryòd devlopman entegral sa a, 90% nan sèvo a fòme. Anba pwogram Thrive by 5 la, fanmi yo ka resevwa Bousdetid Families Forward Child Care, evalyasyon espesyalize pou otis, entèvansyon kout tèm pou timoun ki pa satisfè kritè pou resevwa sèvis leta finanse, pwogram ete pou timoun fèk fèt rive nan 5 lane ki gen devlopman andikape, ki resevwa sèvis pandan ane lekòl la, konsiltasyon Jump Start pou sante mantal timoun piti ak tibebe, elatriye. Thrive by 5 finanse tou sipò ak bonis pou edikatè anfantil espesyalize.

Plis Fason Nou Ka Ede

Estrès ak enkyetid ka kontajye, epi pran swen tèt ou ka gen yon efè pozitif sou pitit ou. Selon yon etid an 2023 sou estrès paran nan fanmi timoun ki gen bezwen edikasyon espesyal, "sipò pwofesyonèl ka amelyore kapasite pou fè fas ak sitiyasyon pozitif epi pèmèt konprann pi byen pwogrè yon timoun."

The Children's Trust envesti plis pase 41 milyon dola pou soutni timoun ak jèn andikape. Anviwon mwatye nan envestisman anyèl la ede sipò nan kay ki adapte ak bezwen chak fanmi, tankou èd ak aktivite lavi kotidyen, kominikasyon vèbal oswa non vèbal, administrasyon medikaman, asistans ki gen rapò ak kondisyon medikal, tankou konpòtman agresif osinon ap blese tèt yo. Sipò sa yo nan kay bay yon soulajman enpòtan pou paran ki souvan gen twòp chaj, epi ede kenbe estabilite fanmi an.

Dapre etid nasyonal yo, chak dola ki envesti nan pwogram timoun piti bay yon retou sou envestiman an ant $7 a $17 benefis ekonomik alontèm. Se pa sèlman ekonomi an ki benefisye de entèvansyon ak anviwònman enklizif timoun piti. Timoun andikape ak sa ki pa andikape benefisye de anviwònman enklizif, rezilta tankou pi gwo chans pou demontre konpòtman sosyal pozitif e relasyon sipòtif ki ede tout timoun santi yo gen valè ak enklusyon. Sa remèt ogmantasyon estim ak konfyans nan tèt yo. Rezilta pozitif sa yo se rezon ki fè lòt mwatye envestisman The Trust konsakre sou pwogram apre lekòl ak lete.

Paran timoun andikape pa dwe janm santi yo poukont yo. Depi entèvansyon bonè e atravè tout lavi yon timoun The Children's Trust la ap bò kote yo.

Si w ap mande kijan pou w defann pitit ou pandan tout pakou edikasyonèl li, jwenn enfòmasyon, resous, sipò, antrenè ak defans dwa nan Parent to Parent Miami, yon patnè Trust finanse. Pou plis enfòmasyon, tcheke to children with disabilities ki dedye a timoun andikape. Pou jwenn yon pwogram toupre w, tcheke paj Find a Program The Trust la, epi klike sou "Special Needs" nan bwat kategori a.