
Albert Einstein ki petèt pi gwo lespri syantifik nan listwa, pa t non sèlman admire atizay; li te vreman kwè nan enpòtans li. Li di "Imajinasyon pi enpòtan pase konesans paske konesans limite, pandan imajinasyon anbrase lemonn antye, stimile pwogrè, epi bay nesans a evolisyon,". Kòm vyolonist ak pyanis devwe, li te souvan al jwenn Mozart oswa Bach pou l te ka libere lespri l ak pwovoke nouvo lide. Li te di yon fwa, "Si m pa t yon fizisyen, mwen ta san dout yon mizisyen."
Lavi Einstein se yon rapèl atizay pa yon luks ekstraskolè, men li fondamantal pou devlopman imen, kreyativite, ak rezolusyon pwoblèm. Jodi a, rechèch kontinye montre sa Einstein te konprann: atizay nouri devlopman nan fason ki fòme lajenès pou lavi. Nan Konte Miami-Dade, The Children's Trust vin youn nan chanpyon ki pi enfliyan nan rejyon an k ap elaji opòtinite atizay pou tout timoun ka benefisye de yo.
Nouvo rechèch montre kijan atizay ka gide chemen an
Yon rapò 2023 reyalize pa chèchè Inivèsite Kalifòni nan Irvine ke Fondasyon Wallace finanse sijere edikasyon atizay ale pi lwen pase pwogrè akademik. Li ede lajenès devlope yon koneksyon ak idantite, kilti, e kominote yo. Etid la eksplore kijan aprann yon fòm atizay ede timoun angaje antyèman ak mond ki antoure yo.
Rezilta yo te enpresyonan. Yo montre ansèyman atizay ka ranfòse angajman sivik, konpreyansyon kiltirèl, e menm aspirasyon karyè. Nan pwogram Summer Drumline nan yon lekòl Filadèlfi, ki bay senk semèn leson bat tanbou gratis, eksperyans ak atis pwofesyonèl, alokasyon, ak preparasyon pratik pou inivèsite oswa karyè nan lavni, non sèlman elèv yo aprann mizik, men yo konekte tou ak konseye, dekouvri nouvo talan, epi devlope yon konfyans ke yo itilize nan lòt aspè lavi yo.
Konklizyon chèchè yo fè konnen aprantisaj atistik jenere kreyativite, rezoud pwoblèm, kolaborasyon, ak ladrès sosyo-emosyonèl ki karakteristik esansyèl pou laj majè. Egalman enpòtan, yo vreman kwè chak timoun merite aksè a eksperyans sa yo, e li esansyèl retire baryè tankou pri oswa òf limite lekòl.
Etabli koneksyon ant atizay ak devlopman sosyal e akademik
Yon nouvo rapò National Endowment for the Arts, Snapshots of Arts Education in Childhood and Adolescence, montre menm rezilta an sou yon echèl nasyonal. Etid la te fèt apati 2001 rive 2018 epi li montre angajman atistik toujou lye ak:
- Pi bon devlopman sosyo-emosyonèl
- Pi gwo siksè akademik
- Amelyore ladrès rezoud pwoblèm ak kominikasyon
- Pi bon rezilta edikasyonèl alontèm
Pou timoun piti ak timoun preskolè, lè yo li oswa chante pou yo lakay, li asosye ak pi bon ladrès sosyal, konfyans, ak ladrès aprantisaj. Timoun preskolè ki te patisipe nan aktivite atistik te fè pi bon nòt nan pwemye evalyasyon akademik yo.
Depi jadendanfan rive senkyèm ane, timoun ki nan pwogram atistik andeyò lekòl montre pi bon ladrès entèpèsonèl, plis volonte pou aprann, ak mwens pwoblèm konpòtman. Menm timoun sa yo te gen pi bon nòt nan lekti, matematik ak syans tou.
Rezilta elèv lekòl segondè pi espektakilè: patisipasyon nan atizay konekte ak pi bon mwayèn jeneral (GPA), pi bon nòt nan matematik, ogmantasyon pousantaj pi elve nan reyusit bakalorea, ak pi bon GPA pou premye ane inivèsite. Lè w vin gen plis kredi nan atizay li ogmante anpil chans pou gen yon diplòm lekòl segondè.
Men, rechèch la ekspoze tou diferans nan aksè edikasyon atistik pa rejyon, gwosè lekòl, nivo revni, ak lekòl nan zòn ki gen anpil pòvte e ki ofri mwens kou ak mwens opòtinite.
Kijan The Children's Trust Ede Elimine Inegalite
Nan Konte Miami-Dade, The Children's Trust envesti nan pwogram apre lekòl, kan ete, ak patenarya ki santre sou atizay ki pote mizik, dans, teyat, atizay vizyèl, ak atizay medya dirèkteman bay timoun nan katye kote aksè souvan limite. Founisè The Trust finanse ofri enstriksyon atistik kalite siperyè ki ankouraje imajinasyon, konfyans, travay ann ekip, ak ekspresyon pèsonèl. An menm tan, ede timoun reyisi lekòl e sosyete. Pou jwenn yon pwogram atistik The Trust finanse, ale sou sit TheChildrensTrust.org/Find-A-Program epi chèche mizik, atizay, teyat, oswa dans.
Paran ka jwenn pwogram ki konekte lajenès ak pwogram ki prezante divès tradisyon atistik, ede amelyore talan, epi ekspoze yo a karyè potansyèl.
Einstein te kwè imajinasyon "stimile pwogrè" epi "anbrase lemonn antye." Pou plizyè milye timoun Miami-Dade, The Children's Trust ap ede transfòme kwayans sa a an eksperyans vivan, yon klas atizay, ritm tanbou, pa dans, yon istwa, ak deklanchman kreyativite alafwa.