
Devlope abitid pozitif, tankou rete aktif, dòmi ase, ak byen manje, ka ede timoun santi yo pi kontan ak an sante, men menm sa ki kenbe yon balans ki an sante detanzantan bezwen èd nan men ekspè medikal. The Children's Trust kounye la a ap ede plis timoun ki pa gen aksè a sèvis swen sante pou jwenn swen yo bezwen pandan yo lekòl.
Trust la konprann enpòtans aksè a swen sante, se poutèt sa l ap elaji inisyativ li ane lekòl sa a. Objektif la se asire chak elèv, kèlkeswa orijin oswa kote lekòl piblik la ye nan Konte Miami-Dade gen aksè a sèvis sante fizik ak mantal kalite siperyè yo bezwen pou reyisi, e ki gratis pou moun k ap pran swen yo.
Kijan HealthConnect Ede Timoun
Jan non an sijere, HealthConnect konekte timoun nan Lekòl Piblik Konte Miami-Dade ansanm ak kèk lekòl endepandan ak sèvis swen sante atravè yon modèl swen plizyè nivo. Selon gwosè ak kote yo ye, lekòl yo resevwa diferan nivo pèsonèl ak sèvis sante, tankou enfimyè, sante mantal, ak sèvis sosyal. HealthConnect entegre sèvis ak referans aktyèl pou sante medikal, vizyon, ak sante oral, ansanm ak sante sosyal e konpòtman emosyonèl.
Michael Cure, konseye sante konpòtmantal nan Carrie P. Meek Westview K-8 Center ki fè pati inisyativ HealthConnect la nan North Miami, ede timoun kontwole emosyon imans yo. Youn nan anpil siksè Msye Cure se elèv Ariana ak Bionnie ki te kontinye gen move nòt akòz pwoblèm entimidasyon. Gras a konsèy li, ni Ariana ni Bionnie fè yon chanjman remakab atravè aktivite an gwoup ak sesyon endividyèl. Gras a HealthConnect, Msye Cure, ansanm ak lòt ekspè nan sante sosyal ak emosyonèl, ede timoun ki bezwen sa.
Pandan li pa posib pou bay chak lekòl pèsonèl ak pwofesyonèl medikal sou plas, kèk lekòl gen vizit regilyèman pwograme pou swen konplè kontinye, epi tout lekòl ki nan sistèm HealthConnect la ka jwenn aksè a swen medikal ak sante mantal atravè telekonsiltasyon ak pwofesyonèl. Selon yon etid an 2025, telesante "ka yon altènatif solid pou entèvansyon bonè ak tradisyonèl an pèsòn."
Kijan HealthConnect ede pwofesyonèl swen sante
The Children's Trust ap amelyore san rete nivo swen HealthConnect ofri. Enfimyè lekòl, travayè sosyal, ak pwofesyonèl sante mantal reyini regilyèman an konferans pou diskite sou sijè ijan tankou sipò pou elèv ki gen ADHD (TDAH), dòmi an sante, jesyon kriz, konsyans, jere panse ak konpòtman swisid, prevansyon anpwazònman, èd pou elèv ki fè eksperyans chòk, dezas, ak entimidasyon. Anplis de sa, enfimyè lekòl nan sistèm HealthConnect aprann regilyèman nouvo konpetans vital, tankou administre egzamen sante oral an asosyasyon ak Oral Health Florida.
Kote Healthconnect Prale Kounye An
The Children's Trust fèk ogmante envestisman ak finansman anyèl HealthConnect a 34% ki vo preske $25 milyon dola. Finansman adisyonèl sa a ede bay sèvis sante konplè nan 283 lekòl atravè sis ajans sèvis swen sante. Yo double kantite lekòl an konparezon ak sa yo te konn finanse anvan.
James R. Haj, Prezidan ak Direktè Jeneral Children's Trust la di " The Children's Trust angaje pou ankouraje byennèt chak timoun nan Konte Miami-Dade," "Ekspansyon enpòtan sa a nan envestisman ak kolaborasyon nou ak HealthConnect reflete angajman nou pou asire tout elèv gen aksè a sèvis sante ak edikasyon yo bezwen pou reyisi. Lè nou envesti nan sante yo jodi a, n ap envesti nan yon avni ki pi briyan pou tout kominote nou."
Pou plis enfòmasyon sou HealthConnect, vizite TheChildrensTrust.org. HealthConnect .