
The Children’s Trust of Miami-Dade fyè pou l anonse li resevwa Sètifika Prestijye Akonplisman pou Ekselans nan Rapò Finansye nan men Asosyasyon Ofisye Finans Gouvènman (GFOA) pou 12yèm ane konsekitif. Onè sa a mete aksan sou angajman inebranlab òganizasyon an genyen pou transparans, responsablite, ak responsablite fiskal nan jere fon piblik pou pwofi timoun ak fanmi Miami-Dade County.
Anplis reyalizasyon sa a, yo nonmen William Kirtland, Ofisye Finansye Anchèf (CFO)The Children’s Trust kòm onore pou prim CFO 2025 South Florida Business Journal, ki solidifye wòl li kòm lidè nan jesyon finansye. Prim CFO yo selebre ekzekitif finansye eksepsyonèl atravè rejyon an. Nominasyon Kirtland reflete devouman li pou pwoteje resous piblik epi asire itilizasyon pi favorab pou sipòte pwogram kominotè ki gen enpak.
James R. Haj, Prezidan ak Direktè Jeneral The Children’s Trust di “Felisitasyon Pou Depatman Finans ak Kontablite The Children’s Trust la! Gras a Konsèy ak sipò Komite Finans ak Operasyon, nou resevwa Sètifika Akonplisman pou Ekselans nan Rapò Finansye nan men Asosyasyon Ofisye Finans Gouvènman. Prim prestijye sa a se pi gwo rekonesans nan rapò finansye ak kontablite gouvènmantal. Resevwa li pou douzyèm ane konsekitif demontre angajman The Trust pou transparans ak responsablite.”
The Children's Trust resevwa Sètifika Akonplisman Rapò Finansye ak Ekselans ki byen detaye pou fin ane fiskal 30 septanm 2023. GFOA espesyalman felisite transparans òganizasyon an pou jan yo kominike aktivite finansye yo. Sa ranfòse pozisyon The Trust kòm yon lidè nan sektè piblik la, nan administrasyon finansye.
Kirtland di “Prim sa a reflete efò kolektif ekip The Trust, konsèy nou an, ak komite finans e operasyon ki gen ekspètiz ak angajman pou ekselans finansye asire The Children’s Trust rete yon resous responsab ak efikas pou fanmi atravè Miami-Dade.” “Sèlman kèk kote envesti otan nan timoun ak fanmi jan Konte Miami-Dade fè pandan y ap kenbe depans operasyonèl vreman ba, epi asire chak dola posib ale dirèkteman nan kominote a. Li posib gras a pratik inovatè ak sistèm efikas ki pèmèt nou byen jere san konpwomèt kalite.”
An 2023, The Children’s Trust te bay plis pase 200 milyon dola nan finansman pwogram lokal ki rann sèvis esansyèl, tankou bon jan kalite gadri, pwogram apre lekòl, inisyativ sante, sèvis sipò fanmi, ak plis ankò. Modèl finansman Trust la ki dedye resous atravè yon pwosesis konpetitif Request for Proposals (RFP) (Apèldòf), asire fon sa yo sipòte pwogram kominote a ki pi efikas e ki gen plis enpak.
A few of The Trust’s initiatives include:
- Youth Development: The Children's Trust is the largest funder of after-school programs and summer camps, which offer children opportunities to strengthen life skills, learn about nutrition, engage in sports and healthy activities, make friends, and discover and cultivate new interests.
- Innovation Fund: A new initiative that encourages creative problem-solving and funds innovative approaches to addressing the challenges faced by children and families in Miami-Dade.
- Parent Support Programs: Through initiatives like The Children’s Trust Parent Club, the organization offers resources to help parents and caregivers navigate the complexities of raising resilient and happy children.
- Books for Free: A partnership with Miami Dade College that provides free books to children, encouraging early literacy and reading development. The program supports Miami-Dade's efforts to ensure that all children are proficient readers by the third grade—a key indicator of long-term success.
- Early Childhood Education Funding: The Trust invests approximately $50 million annually in early child care programs via its Thrive by 5 program, which includes child care scholarships and support to high-quality centers and educators that lay a strong educational foundation for young children.
Haj di "Nou trè fyè pwogrè nou reyalize, anplis angajman kontinyèl nou pou amelyorasyon konstan". "Gras a sipèvizyon solid nou ansanm ak ekspètiz ekip finansye nou, nap etabli yon estanda wo pou ekselans nan jere fon piblik."
Pou plis enfòmasyon sou The Children's Trust ak pwogram li yo, tanpri vizite www.TheChildrensTrust.org .
Kontak medya:
Natalia Zea
Chèf Politik Piblik ak Angajman Kominotè, The Children's Trust
Telefòn: 786.598.2208
Imèl: natalia@thechildrenstrust.org