Ou se yon

Pouvwa Tan Poukont

01/14/2025

Parenting Our Children

Pouvwa Tan Poukont

Ede Timoun Grandi Nan Solitid

Paran souvan sonje pwòp anfans yo lè yo deside kijan ki pi bon pou elve pitit yo. Pou anpil moun, souvni sa yo soti nan yon tan anvan entènèt, telefòn selilè, ak rezo sosyo. Moman kalm e lib te senpleman yon pati nan lavi yo. Menm paran sa yo sonje anpil tan yo te pase poukont yo. Yo te jwenn jan kreyatif pou evite annwi epi aprann jwi tèt yo. Jodi a, sepandan, nan yon mond ki plen distraksyon dijital ak aktivite byen pwograme, li ka difisil pou konnen konbyen fwa ou ta dwe kite timoun rete poukont yo.

Malgre pase bon jan tan ak timoun se youn nan bagay pi enpòtan paran ka fè pou pitit yo santi sekirite ak lanmou, li egalman enpòtan pou prepare yo pou endepandans lè w kite yo devlope endepandans yo. Lè w bay timoun yo tan poukont yo, san aktivite estriktire oswa opinyon ekstèn, sa ede ankouraje endepandans, kreyativite, ak fòs emosyonèl.

Nan yon epòk kote anpil paran santi yo oblije ranpli chak moman nan jounen pitit yo ak leson, pratik, oswa jwèt, tan poukont souvan vin neglije. Men, jan ekspè yo sinyale, deplasman konstan sa a ka gen konsekans san entansyon. Dapre istwa nan Psychology Today, "Lè w plen timoun nan ak tan pwograme e atansyon parantal konstan li ekivalan ak gate yo twòp ak byen materyèl." Atik la eksplike lè timoun yo pa gen opòtinite pou konnen kijan pou amize tèt yo, yo riske vin depann twòp sou konsèy ekstèn epi pèdi kontak ak pwòp kreyativite yo ansanm ak kapasite rezoud pwoblèm.

Benefis pase tan sèl ka ale pi lwen pase yon èdtan inaktif. Rechèch montre tan sa a esansyèl pou devlopman timoun. "Tan poukont li pa nesesèman tan pase san sipèvizyon Psychology Today, note. "Okontrè, tan poukont se tan yon ti gason ou yon ti fi itilize pou aprann kijan pou amize tèt yo oswa relaks, san èd oswa opinyon paran, frè ak sè, zanmi, oswa gadri." Nan moman solitid sa yo, timoun devlope endepandans, règleman emosyonèl, ak kapasite pou adapte ak sitiyasyon diferan.

Sa Faith Hill, ekri nan Atlantik la , souliye malèz anpil granmoun santi lè yo wè yon timoun poukont li. Li ekri "Malgre yap mande tèt yo si timoun pase twòp tan poukont yo, granmoun pa gen tandans konsidere si timoun yo gen ase tan pou sa."Sepandan, sikològ dakò moman solitè bay yon anviwònman pwodiktif pou timoun grandi. Kit se yon timoun ki pi piti k ap jwe poukont li an silans oswa yon timoun pi gran k ap rale kò l pou refleksyone. Tan poukont pèmèt pwosesis devlopman enpòtan ki pa ka rive lè timoun toujou ap angaje ak lòt moun.

Menm jan ak anpil bagay nan devlopman timoun, nesesite balans enpòtan. Timoun pa dwe toujou pase jounen yo ap kouri soti nan yon aktivite pwograme a yon lòt, epi al kouche nan kabann, fatige. Yon akitk blog sou Parent.com eksplike, "Chak jou timoun bezwen tan poukont yo pou rechaje ak renouvle lespri yo, menm jan ak nou." Moman an ofri libète pou kreye, panse, ak aji selon ritm pa yo olye yo swiv orè lòt moun kreye.

Enkòporasyon tan poukont li nan jounen yon timoun pa vle di abandone oswa kite yo san sipèvizyon. Sa vle di bay yo tan kote yo ka eksplore panse, enterè, ak kreyativite yo san entèferans. Psychology Today sijere, paran ka nòmalize pratik sa a lè yo dekri l kòm "tan espesyal" pou tout moun nan fanmi an. Pandan paran ap ratrape lekti oswa jadinaj, timoun yo ka chwazi kijan pou pase tan yo nan limit rezonab. Chanjman pèspektiv sa a ede timoun wè tan yo pase poukont yo pa yon pinisyon men kòm yon opòtinite pou grandi, relaks, ak dekouvri tèt yo.

Bay timoun yo tan pou yo rete poukont yo se yon lòt prensip devlopman enpòtan ki ta dwe mache ansanm ak lanmou, konsèy, e entèraksyon sosyal. Nan moman sa yo anpil timoun aprann navige mond enteryè yo, devlope sans endepandans, epi sèvi ak kiryozite yo pou fòme pwòp tèt yo nan lavni. Nan yon mond ki rapid, kado solitid la ka youn nan leson pi enpòtan paran ka bay pitit yo. Yon leson k ap ede yo pwospere ni kounye a ni nan lavni.