Summer Camps

Summer Camps

Jwenn youn pou pitit ou jodi a! Telechaje Lis Kan Ete The Children's Trust la:

• Klas Anfanten – 5yèm Ane (pdf)
• 6yèm Ane - 12yèm (pdf)

Kan ete ak aktivite ete enpòtan anpil pou kenbe timoun nou angaje, an sekirite epi aprann pandan epòk lekòl nòmal pa korive. The Children's Trust, founisè l yo ak patnè l yo fè efò pou ofri yon varyete opsyon diferan gratis ou bon mache nan tout konte a pou satisfè plizyè enterè ak bezwen timoun ak fanmi yo. 

An plis kan ete Trust finanse ki endike nan lyen anwo a, The Trust fè patenarya ak Lekòl Leta Miami-Dade County pou ofri opsyon ki fè pati Ete 305, ki se yon inisyativ kote pwofesè al nan kan ete pou bay leson lekti ak matematik. Pou konn plis sou Summer 305 ak sa kan yo ofri, tcheke Sitwèb Summer 305 la.  

Elèv 3èm ak 4èm ane lekòl segondè ki vle gen eksperyans travay reyèl anvan yo diplome, ka tcheke Summer Youth Internship Program(Pwogram Estaj Ete Pou Jèn)(SYIP), ki matche elèv ak konpayi e òganizasyon Miami-Dade. Estaj la ap dire 5 semèn peye kap bay yo eksperyans entèvyou pou travay, pwojè reyèl ki benefisye anplwayè yo, ak konesans pwofesyonèl. Pou plis enfòmasyon, tcheke miamiinterns.org.

Enskripsyon pou Miami-Dade Charter School Summer Youth Employment Program fèk kòmanse! Atravè inisyativ sa a patwone pa Miami-Dade County, CareerSource South Florida ak The Children’s Trust, elèv Charter School pral touche $13.88 lè pou 150 èdtan, epi gen 20 èdtan ladan l dedye a Fòmasyon Konpetans Preparasyon pou Travay. Pwogram sa a ede jèn laj ant 15 ak 18 an ki abite nan Miami-Dade County devlope ladrès pou travay atravè eksperyans reyèl ki gen anpil valè. Jèn k ap patisipe yo pral resevwa tou fòmasyon edikasyon finansyè ak enfòmasyon sou bidjè ak envestisman. Enskri isit la.

Pou plis enfòmasyon sou enpòtans kan ete ak aprantisaj pandan ete, tcheke atik sa yo:

Kan Lete, Estaj Fè Timoun Aprann Olye yo Regrese
Chwazi Kan Kap Bon Pou Pitit Ou