Community Engagement

Angajman kominotè a se jan pou kominote yo jwenn pwòp solisyon pou pwoblèm yo. The Children’s Trust la konprann ke pa gen okenn kantite lajan finansman kap ase si rezidan yo pa patisipe nan efò pou pran desizyon ak konsiltasyon pou ka gen amelyorasyon. Manm ekip angajman kominotè The Children’s Trust la travay nan tout konte a. Pandan yap soutni patisipasyon pou pran desizyon epi ede revele ak mobilize byen, fòs ak resous kominotè yo, yap koute, konekte ak angaje nan sa. Lè gwoup kominotè yo sèvi ak yon modèl ki rann yon enpak kolektif, yo pran devan pou montre chemen an. Se The Children’s Trust la ki se òganizasyon poto mitan an ki bay yo sipò, e ki konvoke ak kowòdone patnè yo. Yap travay estratejikman ak sipò kominote yo. Ekip yo ap angaje moun nan tout katye ki nan konte a pou revitalize espas kominotè yo ki pa itilize ase. Manm ekip la sèvi kòm anbasadè The Children’s Trust. Yo koute ak bay sipò plizyè jan, espesyalman lè yo mete pati pa yo ansanm ak resous ki nan men lòt patnè yo pou jenere konfyans epi soutni bòn volonte kominote yo.

Rechèch kominotè sou bezwen timoun, jèn ak fanmi ki nan Konte Miami-Dade

Sak pi difisil pou mezire pase sèvis dirèk yo akòz sa yo ye a, se etablisman konfyans, otonomi kominotè ak nivo kolaborasyon. Si ou gen kèk lide pou devlope yon plan pou amelyore yon katye, ou ka kontakte ekip angajman kominotè The Children’s Trust la lè ou soumèt fòm sa a sou entènèt la.