Typically-abled boy passes basketball to special needs boy in a walker on a basketball court

Children with Disabilities

The Children’s Trust pran yon angajman enpòtan pou yo ajoute timoun ki andikape – avèk jèn ki andikape jis yo gen 22 lane si yo toujou nan lekòl segondè – nan tout pwogram ak sèvis nou finanse. Pou nou sipòte efò sila, nou finanse All Children Together (ACT), yon rezo resous ranfòsman pou kapasite yo, ki edike e sipòte tout ajans ki gen bon nivo pou bay timoun ki andikape yo bon sèvis. Rezilta a se plizyè milye timoun ki andikape jwenn sèvis nan plizyè inisyativ nan yon anvironman enklizif kòt a kòt avèk jèn sanblab yo, ke etid montre sa bay bon benefis pou tout.

All Children Together bay òganizasyon yo ki pa gen anpil eksperyans nan resevwa timoun ki andikape nan pwogram yo, entrènman ak asistans teknik. Li ofri tou, antrènman ak atelye travay pou pwogram ki te toujou konn sèvi espesyalman timoun ki andikape yo.

The Children’s Trust finanse tou Parent to Parent of Miami, pou aprann paran yo pou yo tounen pi bon defansè pou pitit yo ki gen bezwen espesyal, pou yo ka jwenn aksè pi byen avèk sistèm ak sèvis ki bay swen yo.

Klike la a pou resous adisyonèl pou timoun ak fanmi ki gen andikap

The Children’s Trust anvizaje pou ke timoun ki andikape yo aksepte nan tout aspè lavi a, epi tou yon kominote kote tout timoun nèt gen menm aksè pou sipò ak sèvis yo bezwen yo. Si ou se responsab oswa ou se paran yon timoun ki andikape ke yo refize nan yon pwogram Trust la ap sipòte, oswa ke timoun la pa jwenn èd pou yo bali a nan youn nan pwogram sila yo, tanpri rele Advocacy Network on Disability nan 786.360.3507 pou yo kapab ede’w.