Book Club

Book Club

^Antra Book Club La Isit

Nan The Children's Trust Book Club la ap vini ankò ak kèk nouvo liv gratis, chak mwa,    
kote y ap voye yo ba wou palapòs pou tout timoun nan Miami-Dade County ki fèk fèt rive nan laj 5 an.

 

Pou ki moun Book Club la ye?    
Paran kapab enskri pitit yo nan pogram sa a depi yo fèk fèt rive sou katran edmi. Tout manm klib liv la ap resevwa yon nouvo liv chak mwa ann Angle oswa an Panyòl ansanm ak yon liv egzèsis pou paran, liv sa a gen enfòmasyon ak sijesyon sou kouman paran kab sèvi ak liv sa yo ansanm ak pitit yo. Liv yo ap gen istwa klasik, liv ki resevwa prim, ak liv ki gen anpil foto pou timoun ki tou piti. Yo chwazi tout liv yo espesyalman pou ede timoun devlope premye ladrès yo bezwen pou yo aprann li pou yo kab pare pou lekòl, epi sitou, pou yo kab pran plezi yo ap li ansanm ak tout fanmi yo!

Lè ou resevwa liv ou a, pataje sou Facebook ou, Twitter oswa Instagram! Mete slogan The Children's Trust epi itilize #TCTBookClub!

Akòz disponiblite limite, pafwa nou pa kapab bay liv la nan lang ou te mande a. Nou konprann jan li enpòtan pou w kontinye ankouraje ak favorize devlopman lang Panyòl la lakay ou. Lè liv panyòl yo pa disponib, nou vreman sijere w itilize imaj ki nan liv la pou kreye pwòp istwa w lè w dekri ak montre sa nou tou de ka wè sou chak paj. Pou plis sijesyon sèvi ak gid lekti bileng pou paran ki enkli nan pake a.

 

Koutmen

 

Resous Alfabetizasyon Bonè

 

Preparasyon pou Kindègadenn

  • Lis kontwòl
  • ANN PARE N Pou n al Nan Jadendanfan
  • Kindègadenn nan lekòl leta Miami-Dade County yo

Telechaje (pdf)

 

Devlopman Timoun

CDC - Aprann Siy yo. Aji Bonè    
Pitit ou a ta dwe rive nan etap enpòtan nan jan li jwe, aprann, pale, aji ak deplase. Swiv devlopman pitit ou epi aji bonè si ou gen yon enkyetid lè w sèvi ak zouti e materyèl yo sou sit sa a.    
Klike la a pou plis detay    

Zewo a twa - laj ak etap    
Aprann sou ladrès ak konpòtman ou ka atann de tibebe w la nan chak etap depi nesans rive nan 3 zan e dekouvri nouvo jan pou soutni kwasans ak devlopman enteresan sa a.    
Klike la a pou plis detay

 

Moun Andikape

Si oumenm oswa pitit ou a gen vizyon oswa pèt tande limite, ou ka jwi tit Klèb Liv nou yo atravè Sistèm Bibliyotèk Piblik Miami-Dade.

  • Premye etap la se kontakte branch lokal ou a pou asistans:
    www1.mdpls.org/webservices/locator/ 
    Lokal, Orè Fonksyònman ak Enfòmasyon pou Kontak - Miami-Dade Public Library System
  • Ou kapab tou vin yon manm Talking Books pou jwenn aksè a plis:
    mdpls.org/talking-books 
    Talking Books Library - Sistèm Bibliyotèk Piblik Miami-Dade
  • Jwenn kat bibliyotèk ou sou Entènèt:
    https://mdpls.org/library-card
    Jwenn yon Kat Bibliyotèk - Miami-Dade Public Library System
  • Navige katalòg Bibliyotèk la pou jwenn lòt tit an bray ak odyo:
    mdpls.na.iiivega.com 
    Sistèm Bibliyotèk Piblik Miami-Dade - iiivega.com
  • Navige aplikasyon Overdrive pou jwenn plis liv odyo sou telefòn ou oswa sou tablèt ou:
    mdpls.org/ebooks 
    eBooks, eAudiobooks & More - Sistèm Bibliyotèk Piblik Miami-Dade

Si ou menm oswa pitit ou gen vizyon limite oswa pa fin tande byen, ou ka jwi li liv ak pitit ou lè ou gen aksè a liv fòmate ki abòdab oswa gratis ki gen gwo lèt, ki dijital, odyo ak bray. Men kèk resous sit entènèt pou fè w kòmanse:

  • www.aph.org    
    Liv enprime /Liv bray gratis pou timoun ki poko gen sis zan ki avèg oswa ki gen pwoblèm vizyèl.
  • www.bookshare.org    
    Liv Elektwonik (e-books) - gratis pou moun ki gen yon andikap kalifyab ak lekti oswa pèsepsyon, yon andikap vizyèl, oswa yon andikap fizik ki afekte kapasite yo pou li travay enprime.
  • www.accessiblebookcollection.org    
    Anpil enfòmasyon ak resous pou moun ki gen pwoblèm vizyèl ak liv, e aksè a teknoloji.
  • www.rmtcdhh.org    
    RMTC-D / HH distribye atravè Medya ak Bibliyotèk ki Prete, materyèl ak videyo gratis ki gen tit epi ki siyen bay paran elèv ki soud ou ki pa tande byen.
  • eafchildren.org/    
    Dè santèn de videyo gratis nan American Sign Language (ASL) (Lang Siy Ameriken) ki retrase liv timoun pi renmen pa laj.
  • www.fimcvi.org    
    Pwogram Liv Scholastic FIMC-VI anvizaje pou lektè bray emèjan yo.

Resous adisyonèl pou timoun andikape: www.thechildrenstrust.org/content/children-disabilities.

Miami-Dade Family Learning Partnership - Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe (ELCMDM) - Miami-Dade Community Action and Human Services Department (CAHSD) Head Start / Early Head Start - Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS) - Healthy Start Coalition of Miami-Dade - FIU - Miami-Dade Cunty Public Libraries - Reach Out & Read - UHealth Jackson's Children's Care