Selebre Mwa Konsyantizasyon Sou Otis e Aksè a Resous Itil

Selebre Mwa Konsyantizasyon Sou Otis e Aksè a Resous Itil

Timoun ak moun kap bay yo swen ki fè fas ak otis pa oblije jere l poukont yo

Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) eksplike ke "otis" se yon andikap devlopman akòz diferans ki genyen nan sèvo a.  Se yon mo grèk ki vle di "pwòp tèt ou." CDC deklare tou, moun ki gen Twoub Otis (ASD) gen pwoblèm ak kominikasyon e entèraksyon sosyal.  Poutèt sa yo ka defini otis kòm "yon eta kote ou ak tèt ou;" oswa, 'yon eta kote ou pou kont ou'. Sa pa vle di ou dwe jere sa pou kont ou si pitit ou dyagnostike ak ASD,

Pitit ou vreman pa poukont li. Dènye done CDC montre ke 1 sou 44 timoun Ozetazini gen otis. Lè yo resevwa yon dyagnostik ASD pifò paran kite biwo newològ oswa pedyat devlopman an. Yo santi yo akable e yo gen konfusyon pandan yap lite pou konnen kote pou jwenn sipò. Nan yon efò pou jenere plis konpreyansyon sou siy, defi ak reyalite ASD, Avril deziyen kòm Mwa Konsyantizasyon Sou Otis. Nan Konte Miami-Dade, gen anpil pwogram ak resous disponib pou gide ak sipòte paran ak moun k ap okipe timoun tankou:

  • University of Miami-Nova Southeastern University Center for Autism and Related Disabilities ofri sèvis ak pwogram gratis pou moun ki gen Otis ak lòt andikap akòz sa. Yo gen sèvis fòmasyon fanmi ak pwofesyonèl, gwoup sipò, gwoup sosyal pou adolesan ak granmoun, kan ak aktivite lwazi, edikasyon piblik ak pwogram konsyantizasyon, etc. Yo sèvi anviwon 15,000 fanmi nan konte Miami-Dade, Monroe ak Broward. Pou plis enfòmasyon.Tcheke www.card.miami.edu.

  • The Children’s Trust finanse Positive Parenting Programs, ki ekipe paran ak moun k ap bay swen konesans yo bezwen pou ede anpeche pwoblèm konpòtman, emosyonèl ak devlopman nan timoun ant laj 2-12. Yo ofri kou ann angle ak panyòl nan plizyè kote atravè Miami-Dade County. 
  • The Children’s Trust finanse an pati, Parent to Parent of Miami  se yon òganizasyon defans san bi likratif. Se paran timoun andikape ki dirije l. Li bay enfòmasyon, fè atelye ak rann sèvis defans pou edike paran sou dwa timoun andikape ou ASD nan sistèm lekòl piblik.

  • Paran timoun ki gen ASD dirije yon lòt òganizasyon san bi likratif, Autism Society of Florida. Fonksyonman l asire patisipasyon total ak oto-detèminasyon moun ki gen otis nan tout aspè lavi. Li fasilite konesans pou yo defann tèt yo e li defann lòt moun tou. Pou aprann plis sou aktivite ak resous yo.Tcheke https://www.autismfl.org/current-events.
  • Terapi Entèraksyon Paran-Pitit (PCIT) se yon pwogram edikasyon paran ki sèvi fanmi ki gen timoun laj 2-12 ki gen andikap devlopman, fizik, ak maladi kwonik. Aktivite yo amelyore relasyon paran-pitit, ak ogmante tou efikasite disiplin epi redwi estrès paran yo. Pou enskri, rele 305-243-0234 oswa voye yon imèl bay pcit@med.miami.edu.

  • Arts4All Florida, anplwaye moun andikape pou defann edikasyon atistik atravè sipò ak eksperyans kiltirèl yo bay moun andikape. Sèvis yo se terapi atizay pou timoun ak jèn adilt ki afekte. Pou plis enfòmasyon tcheke www.arts4allflorida.org.

  • Baptist Health South Florida ofri yon Gwoup Sipò pou Otis ke Enfimyè  Carol del Sol ak paran yon timoun ki gen Otis òganize. Gwoup sipò a rankontre yon fwa pa mwa epi li ofri paran yo ak moun k ap bay swen yo opòtinite pou pataje istwa yo, poze kesyon epi resevwa sipò. Pou plis enfòmasyon rele 786-467-\f2777 oswa imèl Carold@baptisthealth.net.
  • Finalman, Advocacy Network on Disabilities se yon gwo defansè pou enklizyon ak sipò timoun ki gen andikap depi 1975. Òganizasyon an te entegral pou enfòme kominote a sou defi timoun yo ak fanmi yo afekte pa andikap yo. Pandan pandemi Covid-19 la, li te yon lidè grangou nan bay sipò lakay fanmi ki gen timoun ki gen bezwen enpòtan. Pami anpil sèvis li yo, li fòme lòt òganizasyon sou enklizyon timoun ki gen andikap, ki gen ladan espesyalman maladi otis. Advocacy Center on Disabilities, ki te nonmen youn nan Children's Trust Programs of the Year, bay sèvis gratis pou timoun ki gen pwoblèm entelektyèl, devlopman, sansoryèl, fizik, sosyal-emosyonèl ak lòt; ak manm fanmi ak pwofesyonèl k ap travay ak timoun ak granmoun yo dekri pi wo a. Anplis bay kèk sèvis tèt li, òganizasyon an fè aranjman ak kowòdone lòt moun tou. Si ou se yon moun oswa yon manm fanmi ki bezwen èd, rele 305.596.1160, ekri nan info@advocacynetwork.org oswa vizite sit entènèt.