Manje Pi Byen Ansanm: 6 Konsèy Pou Ankouraje Abitid Manje Sak Bon Pou Sante Pandan Ete a
The Children's Trust

Manje Pi Byen Ansanm: 6 Konsèy Pou Ankouraje Abitid Manje Sak Bon Pou Sante Pandan Ete a

Pase plis tan an fanmi pou ranfòse nutrisyon ki pozitif

Pandan vakans ete, li natirèl pou fanmi pran yon ti tan repo andeyò woutin yo epi adopte orè pi fleksib ak tan rilaks. Konsistans ak kalite manje enpòtan pou asire bon abitid nutrisyonèl. Lè l tan pou tounen lekòl sa ap vreman garanti yon tranzisyon pozitif pou paran ak timoun.

Si paran pwofite okazyon vakans ete pou entwodui abitid ak leson alimantè ki sen lap pi fasil elve timoun ki konn jan pou chwazi manje ki bon pou sante yo. Lap yon bon opòtinite pou reyalize sa. Anba a nou pataje estrateji ki gen siksè pou edike timoun enpòtans nutrisyon sen.

1. Kenbe yon orè repa
Repo ak yon ajanda rilaks se de bagay timoun yo asosye ak ete, men pa konpwomèt orè repa. Pedyat ak dyetetisyen Diane Schnee nan Cleveland Clinic Children's fè konnen lè timoun toujou manje manje maten, manje midi ak dine, yo manje repa ekilibre kap satisfè grangou olye ti goute malsen ki ka plen kalori ak sik.

Eseye ajiste piti piti lè repa anvan fen vakans ete a pou l ale ansanm ak woutin lekòl k ap vini an. Lè konsa, wap ka matche sik apeti timoun yo ak orè yo pral swiv yon fwa lekòl rekòmanse.

2. Bay egzanp lan
Olye ou mete aksan sou enpòtans chwa manje sen nan chak konvèsasyon, toujou eseye bay egzanp. Melinda Sothern, ko-otè Trim Kids ak direktris Pwogram Childhood Obesity Prevention nan Louisiana State University, rekòmande paran manje tigoute tankou fwi ak legim devan pitit yo lè yo grangou. Lè konsa lakay yo, timoun yo ap wè jan pou yo manje sak sen.

3. Elimine Etikèt
Etikèt sou manje tankou "bon" ak "move" se yon pratik riske ke nitrisyonis asosye ak devlopman maladi nan adolesan tankou boulimi ou anoreksi. Yon apwòch sen se anseye timoun distenge ant diferan pwopriyete manje genyen ak efè konsomasyon yo ka afekte kò yo. Pa egzanp, paran yo ka pale ak pitit yo sou jan antioksidan nan fwi ak legim ka fè cheve klere plis  ak pi an sante, kalsyòm nan lèt ranfòse zo oswa yon manje maten ede sèvo pa vin distrè pou travay la  ka fini byen vit. An paland manje ki pa bon pou lasante, dyalòg la ka konsantre sou ede timoun rekonèt ki jan yo santi kò yo apre yo fin manje yo: ipèaktif, ajite ou fatige.

4. Kite yo chwazi sa pou yo manje
Lè timoun yo patisipe nan pwosesis pou yo chwazi manje, yo devlope yon enterè natirèl ki ede paran entwodui nouvo manje san anpil rezistans. Pandan ete, lè gen plis tan lib, paran yo ka planifye meni an epi achte pwovizyon ak pitit yo. Lè yo retounen lakay, lap pi fasil pou motive yo rete nan kwizin nan epi ede prepare pwòp plat yo. Yon fwa sou tab la, paran yo ka mande pitit yo evalye chak manje nan asyèt yo epi felisite yo pou bon chwa yo fè.

5. Konbine nouvo manje ak manje abityèl
Prepare nouvo resèt ka yon tradisyon fasil pou pratike pandan jounen long ete a. Pou paran, bagay ki enpòtan isit la se konsantre sou entwoduksyon nouvo manje a olye fè pitit ou manje l pou premye fwa ak plezi. Timoun yo ap pi renmen eseye ak aksepte nouvo manje si li ansanm ak sa yo abitye manje. Menm si yo pa manje l ditou, paran yo ka mete yon règ pou yo eseye anvan yo refize. Wè manje a sou plat la se premye etap pou kòmanse aksepte li.

6. Selebre ansanm lè repa 
Youn nan moman enpòtan pou ankouraje timoun manje an sante se lè repa. Andeyò lakay yo, gen anpil opòtinite pou timoun yo manje bagay ki pa sen. Lakay yo, paran gen bon opòtinite pou kiltive abitid manje sa ki sen. Pandan vakans ete, li pi fasil pou manje ansanm san presyon ane lekòl la. Pran avantaj fleksibilite orè yo pou chita bò tab la ak pitit ou pou byen manje.