Lidè Kominotè Selebre 20yèm Anivèsè Trust La, Lansman Expozisyon Historymiami
Marjorie VItal Herne

Lidè Kominotè Selebre 20yèm Anivèsè Trust La, Lansman Expozisyon Historymiami

Plan pou selebre pandan tout ane a enpak The Trust nan tan pase, aktyèl ak fiti

Se yon gwo defi eseye rezume de deseni travay nan yon sèl evènman selebrasyon. Men, The Children's Trust abitye fè fas ak difikilte durab konsa epi rezoud yo. Le 10 Septanm, Trust la te òganize yon resepsyon espesyal pou selebre 20yèm anivèsè li ak lanse yon ekspozisyon Mize nan HistoryMiami ki rakonte istwa Trust la, pandan plizyè santèn timoun nan mize a tap jwe ak jwi Jounen Family Fun nan.

Se te yon seremoni apwopriye kote lidè kominote yo te reyini, tankou defansè timoun, ofisyèl eli ak lòt pèsonalite enpòtan nan istwa The Trust pou montre enpak òganizasyon an te genyen sou timoun ak fanmi Miami-Dade County.

Prezidan ak Direktè Jeneral James R. Haj di: “Gen ven lane, depi yo te otorizeTrust la pou l ede timoun ak fanmi nan Miami-Dade. “Pa gen anpil kominote nan nasyon an ki gen yon òganizasyon pou soutni kominote yo tankou The Trust. Li vreman enteresan pou wè gwo travay The Trust te fè anvan.”

Anpil ofisyèl eli tankou Majistra Miami-Dade Daniella Levine Cava, ki te sipòte Trust la depi anvan yo te kreye l, te akote Haj pou fè sonje enpak entans Trust la te genyen.

Majistra a te di "Li enkwayab jan The Children's Trust te fè yon diferans konsa nan lavi timoun ak fanmi nan Miami-Dade. Mwen tèlman fyè dèske mwen te fè pati Trust la menm anvan votè yo te pase referandòm pou kreye li". “Pandan ane yo, te gen plizyè jan The Trust te ede konstwi kolaborasyon pou lanse inisyativ ki konsantre sou gwo pwoblèm, kit prevansyon vyolans, asire timoun pare pou aprann, oswa asire katye yo ap soutni fanmi ak yon seri sipò sosyal. Tout sa vreman enpòtan pou lavni.”

Levine Cava te ajoute “Mwen te ede kreye kèk nan priyorite ak inovasyon yo. Mwen renmen lefèt ke The Trust te ede rasanble gwoup yo pou enpakte diferan katye.”
Nenpòt selebrasyon Trust la òganize pap konplè san prezans David Lawrence Jr, ansyen editè Miami Herald, ki dirije mouvman kreyasyon Trust la, ak sèvi kòm prezidan konsèy administrasyon l jiska 2013.

Nan kòmansman resepsyon an Lawrence parèt nan yon dokimantè 20yèm anivèsè The Trust la ki rele: The Children's Trust - 20 Years Nurturing Greatness (-20 Ane Ap Ankouraje Grandè.) Yo te montre tou de videyo sou lavi jèn timmou Trust la te touche. Videyo sa yo fè pati Expozisyon HistoryMiami kap rete ekspoze nan Galeri Kominotè mize a jiska 11 Desanm.

Expozisyon an prezante yon kwonoloji dat enpòtan nan istwa Trust la, istwa lòt lidè enpòtan ki te ede fè l vin sa l ye, ak enpak jeneral The Trust te genyen, elatrye.
Ekspozisyon an gratis pou piblik la ka gade l lè mize a ouvè.

Pandan ke Haj te pale sou jan Trust la te enpòtan pou kominote a pandan de premye deseni li yo, li fè konnen ke gen plis travay ki bezwen fèt. "Fòk nou trè fyè de sak deja akonpli), men sak pi enpòtan se ke nap tann 20 pwochen ane yo ak enpasyans pou nou wè kijan nap ka enflyanse yo."

Istwa n ap montre yo espesyal men gen plizyè milye ak dè dizèn de milye istwa. Nou gen done yo, men li vreman espesyal wè eleman imen an ak wè ki jan Trust la te afekte twa jèn moun sa yo.

Pou plis enfòmasyon, tcheke paj wèb The Children’s Trust 20th Anniversary oswa tcheke ekspozisyon HistoryMiami pou aprann plis sou ekspozisyon Galeri Kominotè a.