Kan Lete Ak Estaj Fè Timoun Aprann Olye Yo Regrese

Kan Lete Ak Estaj Fè Timoun Aprann Olye Yo Regrese

Pa tann pou w fè plan pou mwa ete pitit ou

Chalè prentan nan Sid Florid fè paran yo ak moun k ap bay swen sonje ete a preske rive. Sa vle di jwenn yon bagay pou timoun yo fè ki pwodiktif, enteresan, edikatif ak amizan, tankou kan ete oswa estaj.

Sèjousi lavi nou prèske tounen menmjan tankou anvan. Pou paran yo sezon ete, prezante yon gwo defi pou kenbe pitit yo okipe. Pou anpil timoun ak fanmi k ap viv nan vil tankou Miami kote lavi trè chè, chans vakans ete oswa kan andeyò nan nòdès la pa posib. Men, sa pa vle di kan ete yo pa aksesib. Literalman gen plizyè santèn opsyon kan ete ki pa koute chè oswa gratis atravè Miami-Dade County, anpil ladan yo The Children’s Trust finanse.

Rechèch montre ke rezilta kan ete timoun tout laj gen yon amelyorasyon skolè, e pi enpòtan ankò, se pwogrè aprantisaj sosyal-emosyonèl. Yon istwa ki soti nan Harvard Graduate School of Education, idantifye senk jan kan ete ede timoun ak lajenès amelyore aprantisaj sosyal emosyonèl yo: timoun yo nan yon gwoup jèn diferan de sa yo abitye, yo jwenn opòtinite pou fè nouvo zanmi, fè stupidite san pè entimidasyon, pase yon ti tan san teknoloji epi travay ou jwe spò annekip.

Kan ete se youn nan pi bon jan pou timoun kontinye aprann san presyon epi pafwa jere san difikilte orè ak defi salklas. Enpòtans aprantisaj pandan ete pi enpòtan pou timoun ki nan fanmi dezavantaje ki pa gen anpil revni. Rechèch sou pèt aprantisaj pandan ete gen plis pase 100 zan, men yo fèk rekonèt enpak la. An 2010 nan yon entèvyou ak NBC The Today Show ansyen Prezidan Barack Obama te di, "Elèv yo ap pèdi anpil nan sa yo te aprann pandan ane lekòl la,"

Depi lè sa a, rechèch la konsantre plis sou jan enpak la pi touche sèten popilasyon. An 2011 Malcolm Gladwell ekri nan liv Outliers “Prèske tout avantaj elèv rich genyen sou elèv pòv se rezilta diferans nan jan elèv privilejye yo aprann lè yo pa lekòl. Amerika pa gen pwoblèm lekòl, li gen pwoblèm vakans ete."

Yon istwa pa US News & World Report site nouvo rechèch ki soti nan NWEA, yon òganizasyon san bi likratif ki baze sou rechèch, ki sipòte elèv ak edikatè, ki montre timoun ki defavorize ka aprann menm jan ak lòt timoun pandan ane lekòl la men yo pèdi teren pandan ete a. Se youn nan rezon ki fè Sekretè Edikasyon Miguel Cardona te mande pou ofisyèl edikasyon ofri pandan ete a pwogram aprantisaj entansif pou elèv ki akademikman pèdi anpil pandan pandemi an.

Tout sa mennen a yon konklizyon: li vreman enpòtan pou fè timoun ou patisipe nan kèk aktivite ete kap benfisye l. Erezman, Miami-Dade County gen opsyon. Konsidere 3 bagay lè w ap chwazi sa ki bon pou yo:

Chwazi yon kan ete ki bon pou ou
Chak fanmi gen bezwen, preferans ak paramèt diferan. Fò yo konsidere sa lè yap chwazi kan ete pou pitit yo. Anvan w enskri timoun ou fè rechèch sou  anplwaye, pwotokòl sekirite, enterè espesyal ak jan yo trete timoun andikape. Orè ak kote yo enpòtan tou pou asire w yon kan ete bon pou ou. Pou jwenn yon lis kan ete The Children’s Trust finanse nan Miami-Dade County, tcheke paj Kan Ete nou.

Pandan lete pa kite aprantisaj pèdi
Nou konnen timoun yo gendwa pèdi ladrès enpòtan ak konesans yo te genyen pandan ane lekòl la lè yo pa fè misk sèvo yo travay. Si yo pa fè anyen lap pi difisil lòt ane lekòl la pou yo repran nivo yo. Poutèt sa The Children’s Trust ak Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) te patnè pou Summer305 ane pase a e ane sa a yap sa ankò. Yo te lanse inisyativ Summer 305 Adventure pou fè kan ete yo aksesib pou dè dizèn de milye timoun ki nòmalman pat ale nan youn e te an gran danje pèdi aprantisaj.     

Inisyativ la voye santèn pwofesè M-DCPS nan plizyè santèn kan ete pou bay leson patikilye epi fè timoun yo aprann anvan yo tounen lekòl an pèsòn. Enskripsyon ap kòmanse 2 Me. Pou plis enfòmasyon, tcheke summer305.dadeschools.net.

Prepare timoun yo pou yon karyè an ete
Pandan timoun pral benefisye anpil nan kan ete yo, enterè ak efikasite pou adolesan yo diminye ak laj. Lè sa rive, yon estaj ete ka yon bon aktivite pwodiktif pandan yap tou prepare pou karyè yo. Ak chans, yo ka jwenn youn ki peye!

The Children's Trust patwone an pati Pwogram Summer Youth Internship ki ofri yon estaj 5 semèn nan biznis ak òganizasyon atravè konte a. Estaj la pou elèv lekòl segondè ki pral nan 10yèm jiska 12yèm ane.  Ap gen eksperyans pou entèvyouve, rankont ak travay ak pwofesyonèl, reyalize travay reyèl kap bay eksperyans pou lavni. estaj la ap deroule 1ye Jiyè jiska 5 Out, e yap peye patisipan yo. Fò moun ki enterese pran yon kou preparasyon estaj sou entènèt la anvan 13 Me. Dat limit pou soumèt aplikasyon se 27 Me. Pou plis enfòmasyon Tcheke miamiinterns.org.