Dansè foto nan mitan-lè kwasans.

Young Talent Big Dreams Retounen Ankò Pou Nevyèm Ane Pou Bay Prèv Yon Lòt Fwa Kijan Miami Gen Talan!

Pi Gwo Konpetisyon Talan pou Jèn nan Konte a Envite Timoun 8-17 lane pou yo Montre Jan yo Fò nan Mizik, Dans, Vwa, Pawòl ak Konpozisyon Orijinal
Pi Gwo Konpetisyon Talan pou Jèn nan Konte a Envite Timoun 8-17 lane pou yo Montre Jan yo Fò nan Mizik, Dans, Vwa, Pawòl ak Konpozisyon Orijinal 

CORAL GABLES, FL – Actors’ Playhouse nan The Miracle Theatre, ansanm avèk sipòtè k’ap prezante li, The Children’s Trust, anonse nevyèm ane Young Talent Big Dreams – pi gwo konpetisyon lokal GRATIS jèn talan nan Konte Miami-Dade. Timoun ki gen ant 8-17 lane yo envite pou montre talan yo ak fè konpetisyon pou yo genyen prim tankou bous etid kiltirèl, prim kash ak opòtinite pou bay pèfòmans, plis tikè pou teyat ak atraksyon kiltirèl lokal. Pou katriyèm ane sila, moun ki genyen premye prim ap resevwa yon vwayaj gratis – avyon, otèl ak kat pou de moun – pou yo ale nan Teen Choice Awards, koutwasi WSVN 7News, ansanm avèk $500 kash.

Konpetisyon talan sila pral prezante yon total sis diferan kategori ki gen ladan’l pòp/ròk/rap vokal, teyat mizik/djaz estanda/klasik vokal, dans, enstriman mizik, pawòl original ak vokal original avèk/oubyen konpozisyon enstrimantal. Kategori pou gwoup ki gen sis ou mwens manm gen ladan’l dans, enstriman mizik/gwoup mizik ak gwoup vokal. Patisipasyon nan konpetisyon a gratis e rezève pou rezidan Konte Miami-Dade.

Young Talent Big Dreams prepare menm jan ak TV cho reyalite talan ki ofri patisipan yo menm kalite opòtinite yo atravè yon seri odisyon, pèfòmans ak aktivite konsèy pwofesyonèl. Pami jij yo, n’ap jwenn selebrite ak pwofesyonèl ki lokal ki soti nan kominote kiltirèl Miami a.

Konpetisyon nan tout konte a ap kòmanse nan dat 10 Mas, avèk odisyon preliminè yo k’ap fèt anvan pou jis 20 Avril nan kat teyat lokal. L’ap fini avèk semifinal yo nan dat 27 ak 28 Avril, epi final yo nan dat 4 Me nan The Miracle Theatre. Yon total sèt odisyon preliminè ap fèt nan diferan kote nan Miami-Dade, tankou The Miracle Theatre, South Miami-Dade Cultural Arts Center, Miami Arts Studio ak City of Miami Little Haiti Cultural Complex. Patisipan yo ka patisipe nan yon kategori endividyèl ak yon kategori gwoup sèlman, epi sila yo ki te enskri alavans pral jwenn priyorite nan lè pou odisyon yo.

Pèfòmans chak kategori pral gen yon minit pandan pèfòmans odisyon preliminè a ak de minit pou pèfòmans semifinal ak final yo. Pral genyen yon maksimòm nèf gayan ak yon gayan pou premye prim la ki pral chwazi nan final yo.

“Actors’ Playhouse konsidere konpetisyon Young Talent Big Dreams a pami youn nan pwogram pi enpòtan yo genyen pou jèn moun,” se sa Barbara S. Stein di, li se direktè prodiktè ekzekitif nan Actors' Playhouse nan The Miracle Theatre a. “Pwogram la bay moun ki gen talan yo yon chans pou yo dekouvri talan atistik yo, an menm tan pou yo devlope yon konfyans nan tèt yo ak nan prezantasyon travay yo. Anpil nan ansyen nou yo, tankou Angela Green, ki resevwa “Golden Buzzer” a nan America’s Got Talent, amelyore eksperyans pèfòmans yo nan plizyè fason enpòtan, tankou kontinye edikasyon yo nan pwogram kiltirèl nan kolèj ak inivèsite. Nou apresye relasyon manch long nou genyen avèk The Children’s Trust anpil nan nevyèm ane selebrasyon konkou jèn talan nan tout konte a Young Talent Big Dreams.”

“Konpetisyon sila bay anpil bèl opòtinite pou timoun ki nan Miami-Dade ki enterese nan kilti,” se sa James R. Haj di, li se prezidan ak chèf ofisye egzekitif The Children’s Trust la. “Ogmantasyon konfyans, diferans vizib ke konseyè profesyonèl yo reyalize – se yon bèl bagay pou wè, e Trust la kontan anpil pou ke l’ap sipòte ak fè pwomosyon pou yon inisyativ konsa ki pa gen parèy.”

Otorizasyon paran pou patisipasyon nan Young Talent Big Dreams la obligatwa. Patisipan yo ka pre-enskri sou entènèt e ap gen posibilite pou bay pèfòmans yo anvan moun ki pa enskri yo. Pou enfòmasyon detaye tankou orè odisyon, règ konpetisyon an ak fòm pou enskri yo, tanpri vizite www.actorsplayhouse.org. Pou aprann plis sou The Children’s Trust, vizite www.touttimoun.org

Entèvyiou nan kamera oswa an pèson disponib avèk Actors’ Playhouse, The Children’s Trust, jij yo, patisipan yo ak paran yo, kòmanse nan premye odisyon k’ap fèt nan dat 10 Mas. 

Enfòmasyon sou Actors' Playhouse nan The Miracle Theatre
Doktè Lawrence E. Stein ki fonde li, epi anba lidèship Direktè Prodiktè Ekzekitif Barbara S. Stein ak Direktè Atistik David Arisco, Actors’ Playhouse se yon konpani teyat rejyonèl pwofesyonèl san pwofi ki resevwa anpil meday k’ap selebre 30 lane bèl travay. Actors’ Playhouse, ki chita nan the istorik The Miracle Theatre ki sou Miracle Mile nan vil Coral Gables, se yon Florida Presenting Cultural Organization epi youn nan 14 pi gwo enstitisyon kiltirèl nan Konte Miami-Dade. Konpani a kreye senk Podyòm ak senk pwodiksyon pwofesyonèl Teyat pou Timoun chak ane, yon Konsèvatwa Teyat ak Pwogram Kandete, pwogram efò edikasyon kiltirèl, ak konkou jèn talan Young Talent Big Dreams nan tout konte a avèk kolaborasyon The Children’s Trust la.

Enfòmasyon sou The Children’s Trust
The Children’s Trust se yon òganizasyon sipò finansye etabli ke yo te vote pou li, ki la pou amelyore lavi timoun ak fanmi yo nan Konte Miami-Dade.

ODISYON PRELIMINÈ YOUNG TALENT BIG DREAMS 

Dimanch, 10 Mas, 2019, 3-6 p.m.
THE MIRACLE THEATRE, 280 Miracle Mile, Coral Gables, FL 33134

Dimanch, 17 Mas, 2019, 3-6 p.m.
THE MIRACLE THEATRE, 280 Miracle Mile, Coral Gables, FL 33134

Dimanch, 31 Mas, 2019, 1-5 p.m.
SOUTH MIAMI-DADE CULTURAL ARTS CENTER, 10950 SW 211th Street, Cutler Bay, FL 33189

Samdi, 6 Avril, 2019, 2-7 p.m.
THE MIRACLE THEATRE, 280 Miracle Mile, Coral Gables, FL 33134

Dimanch, 7 Avril, 2019, 1-6 p.m.
MIAMI ARTS STUDIO, 15015 SW 24th Street, Miami, FL 33185

Samdi, 13 Avril, 2019, 1-6 p.m.
CITY OF MIAMI LITTLE HAITI CULTURAL COMPLEX, 212 NE 59th Terrace, Miami, FL 33137

Samdi, 20 Avril, 2019, 2-7 p.m.
THE MIRACLE THEATRE, 280 Miracle Mile, Coral Gables, FL 33134

 

SEMIFINALS YOUNG TALENT BIG DREAMS 
Samdi, 27 Avril, 2019, 7 p.m.
THE MIRACLE THEATRE, 280 Miracle Mile, Coral Gables, FL 33134

Dimanch, 28 Avril, 2019, 3 p.m.
THE MIRACLE THEATRE, 280 Miracle Mile, Coral Gables, FL 33134

 

FINALS YOUNG TALENT BIG DREAMS 
Se Wells Fargo ki Sipòte li
Samdi, 4 Me, 2019, 7 p.m.
THE MIRACLE THEATRE, 280 Miracle Mile, Coral Gables, FL 33134